00:00:02
Èske w dakò n ap viv
nan tan ki difisil?00:00:05
00:00:07
Byenke gen anpil pwogrè
lèzòm ap fè00:00:09
00:00:09
nan domèn teknoloji,00:00:11
00:00:11
moun yo toujou
ap soufri akoz lagè,00:00:13
00:00:13
rate manje,00:00:14
00:00:15
epidemi00:00:16
00:00:16
ak divès kalite katastwòf.00:00:18
00:00:19
Anplis,00:00:20
00:00:20
n ap fè fas ak opozisyon00:00:22
00:00:22
ak pèsekisyon00:00:23
00:00:23
nan men moun ki pa konnen Jewova.00:00:26
00:00:26
Se poutèt sa 00:00:27
00:00:27
nou vrèman swaf00:00:28
00:00:28
pou n jwenn jistis ak soulajman!00:00:30
00:00:31
Liv Revelasyon an00:00:33
00:00:33
rapòte sa yon seri sèvitè
Jewova fidèl00:00:36
00:00:36
yo touye pou lafwa yo
ap di Jewova:00:00:38
00:00:38
“Seyè ki Souvren an, 00:00:40
00:00:40
ou menm ki sen,00:00:41
00:00:41
ki lè w ap jije moun
ki abite sou tè a,00:00:44
00:00:44
e ki lè w ap vanje san
nou sou yo?”00:00:47
00:00:48
Se vre yo mande moun sa yo
ki te mouri pou lafwa yo00:00:51
00:00:51
pou yo tann yon ti tan ankò,00:00:53
00:00:53
men Kris Jezi di pawòl sa yo
ki frapan00:00:56
00:00:56
nou jwenn nan Revelasyon 10:6:00:00:58
00:00:59
“Pap gen delè ankò.”00:01:00
00:01:02
Sa se yon bon nouvèl!00:01:04
00:01:04
Tout liv Revelasyon an
se yon bon nouvèl00:01:07
00:01:07
pou tout moun ki renmen Jewova00:01:08
00:01:08
e ki met konfyans yo nan li.00:01:10
00:01:10
Liv sa a anonse yon pakèt gwo evènman,00:01:13
00:01:13
men nou pa bezwen pè
evènman sa yo00:01:15
00:01:16
paske nou konnen
Jewova gen sousi pou nou.00:01:19
00:01:19
Bon nouvèl nou jwenn
nan liv Revelasyon an00:01:22
00:01:22
fè nou konnen tout moun00:01:23
00:01:23
k ap fè n soufri jodi a
pral detwi talè konsa.00:01:26
00:01:27
Epi tout pwomès li yo santre
sou yon moun: Jezi Kris.00:01:32
00:01:32
Depi nan premye vèsè ki nan
bèl liv sa a nan Bib la,00:01:36
00:01:36
yo di liv sa a se “yon revelasyon
Bondye bay Jezi Kris”.00:01:40
00:01:40
Liv sa a anonse
yon seri evènman00:01:43
00:01:43
k ap rive nan “jou Seyè a”,00:01:45
00:01:45
sa vle di00:01:46
00:01:46
peryòd tan ki kòmanse
lè Jezi, Seyè nou,00:01:49
00:01:49
vin Wa nan ane 1914,00:01:51
00:01:51
e k ap kontinye jiskaske
Rèy mil an an fini.00:01:54
00:01:54
Epi nan tout liv Revelasyon an,00:01:57
00:01:57
nou aprann wòl Jezi ap jwe00:01:59
00:01:59
nan detwi ènmi Bondye yo,00:02:02
00:02:02
retire tout soufrans nou yo00:02:04
00:02:04
e fè tè a vin tounen yon paradi.00:02:06
00:02:07
Sa yo se pa pwomès ki san valè.00:02:10
00:02:12
Revelasyon 1:1 fè nou konnen00:02:15
00:02:15
bagay sa yo ‘gen
pou yo rive talè konsa’.00:02:19
00:02:19
Ki bagay konsa ki ‘gen
pou yo rive talè konsa’?00:02:23
00:02:23
Ki wòl Jezi pral jwe
nan evènman sa yo?00:02:26
00:02:27
E ki jan sa ap fè n
jwenn jistis ak soulajman?00:02:30
00:02:31
Annou kòmanse
gade sa k pral rive00:02:35
00:02:35
tout fo relijyon
ki gen nan monn nan.00:02:37
00:02:38
Silvouplè,00:02:39
00:02:39
annou ale
nan Revelasyon chapit 18.00:02:41
00:02:41
Revelasyon dekri fo relijyon an00:02:44
00:02:44
tankou yon pwostitye ki mechan,00:02:46
00:02:47
e li rele l Gran Babilòn nan.00:02:49
00:02:49
Depi plizyè milye ane,00:02:51
00:02:51
l ap fawouche pèp Bondye a,00:02:53
00:02:53
l ap pèsekite l
e l ap touye moun ladan l. 00:02:57
00:02:57
Li pa jennen pou li
eksplwate moun yo00:02:59
00:02:59
e pou l ba yo manti
pou l twonpe yo. 00:03:02
00:03:02
Li gen gwo enfliyans sou yo.00:03:04
00:03:04
Men, sa t ap chanje.00:03:06
00:03:06
Pandan n ap kòmanse li Revelasyon 18:1,00:03:10
00:03:10
gade sa k pral rive
Gran Babilòn nan,00:03:13
00:03:13
e poukisa sa pral rive l.00:03:15
00:03:18
Apre sa,00:03:19
00:03:19
mwen wè yon lòt zanj00:03:21
00:03:21
k ap desann sot nan syèl la.00:03:22
00:03:23
Li gen anpil pouvwa,00:03:24
00:03:24
e glwa li klere tè a.00:03:27
00:03:27
Li rele byen fò, li di:00:03:29
00:03:30
Li tonbe!00:03:31
00:03:31
Gran Babilòn nan tonbe!00:03:33
00:03:34
Li tounen yon kote demon abite,00:03:36
00:03:36
yon kachèt pou tout kalite movèzespri00:03:39
00:03:39
e pou tout zwazo ki pa pwòp,00:03:41
00:03:41
tout zwazo moun rayi.00:03:43
00:03:43
Kòm li te bay tout nasyon yo
bwè diven00:03:45
00:03:45
ki te fè yo gen gwo anvi00:03:46
00:03:46
pou yo fè imoralite
seksyèl avè l la,00:03:49
00:03:49
tout nasyon yo vin viktim,00:03:51
00:03:51
wa latè yo fè imoralite
seksyèl avè l,00:03:54
00:03:54
e komèsan sou tè a vin rich00:03:57
00:03:57
grasa kantite bagay
ki gen anpil valè li posede,00:04:00
00:04:00
e li pa wont posede
tout bagay sa yo.00:04:03
00:04:04
Epi,00:04:04
00:04:04
mwen tande yon lòt vwa00:04:06
00:04:06
ki soti nan syèl la ki di:00:04:08
00:04:08
Sot ladan l, pèp mwen,00:04:10
00:04:10
si nou pa vle patisipe avè l
nan peche l yo,00:04:13
00:04:13
e si nou pa vle resevwa
yon pati nan kalamite l yo.00:04:16
00:04:17
Paske,00:04:18
00:04:18
peche l yo monte pil
sou pil rive jis nan syèl la,00:04:21
00:04:21
e Bondye sonje zak enjistis li yo.00:04:25
00:04:26
Aji avèk li00:04:27
00:04:27
menm jan li te aji ak lòt moun,00:04:29
00:04:29
wi, fè l de fwa kantite bagay
li te fè yo.00:04:33
00:04:33
Nan koup li te fè melanj lan,00:04:35
00:04:35
mete de fwa melanj
li te fè a ladan l pou li.00:04:38
00:04:38
Nan menm degre
li te bay tèt li glwa a,00:04:41
00:04:41
nan menm degre
li t ap viv nan liks00:04:43
00:04:43
san l pa wont lan,00:04:44
00:04:45
se nan degre sa a00:04:46
00:04:46
pou yo ba l
touman ak lapenn.00:04:49
00:04:49
Paske, li pa sispann di nan kè l:00:04:51
00:04:51
‘M ap dirije antanke rèn,
mwen pa vèv,00:04:54
00:04:54
e mwen pap janm nan lapenn.’00:04:55
00:04:56
Se poutèt sa,00:04:57
00:04:57
kalamite l yo pral vini
nan yon sèl jou:00:05:00
00:05:00
se pral lanmò, lapenn
ak grangou.00:05:04
00:05:04
E li pral boule nèt nan dife,00:05:06
00:05:07
paske Jewova Dye,
ki te jije l la, gen fòs.00:05:11
00:05:11
Babilòn konsidere tèt li00:05:13
00:05:13
tankou yon rèn
ki gen anpil pouvwa00:05:15
00:05:15
e yo pap janm ka kraze.00:05:17
00:05:17
Poukisa?00:05:18
00:05:18
L ap viv nan liks
depi plizyè milye ane.00:05:21
00:05:22
Epi yon gwo destriksyon ap rive l00:05:25
00:05:25
e l ap tonbe sou li sanzatann,00:05:28
00:05:28
tankou se te “nan yon sèl jou”.00:05:30
00:05:31
Ki wòl Jezi jwe nan evènman sa a?00:05:34
00:05:34
Ann gade vèsè 1 an
ak vèsè 2 a ankò.00:05:37
00:05:38
Kiyès ki anonse Babilòn tonbe a?00:05:40
00:05:40
Yon zanj ki tèlman gen glwa,00:05:43
00:05:43
glwa l klere tout tè a.00:05:45
00:05:45
Kiyès Jewova bay
tout kokenn glwa sa a?00:05:48
00:05:48
Se Jezi, Seyè nou an, li bay li.00:05:51
00:05:52
Depi 1914,00:05:54
00:05:54
Jezi gen pouvwa sou tè a
antanke Wa e Jij.00:05:58
00:05:59
Se li ki vrèman byen plase00:06:01
00:06:01
pou l anonse Gran Babilòn
nan tonbe!00:06:03
00:06:04
Men, li bay yon lòd
ak jijman sa a,00:06:06
00:06:06
li di:00:06:07
00:06:07
“Sot ladan l”!00:06:09
00:06:10
Vrèmanvre, nan okenn fason,00:06:13
00:06:13
nou pap janm mele00:06:14
00:06:14
nan òganizasyon fo relijyon an00:06:16
00:06:16
ki deja kondane l detwi.00:06:18
00:06:18
Jewova rayi Gran Babilòn nan.00:06:20
00:06:20
Nou menm tou, nou dwe rayi l!00:06:21
00:06:22
Gen anpil moun00:06:23
00:06:23
ki jwenn anpil pwofi
grasa fo relijyon an.00:06:26
00:06:26
Gouvènman yo chèche sipò
Gran Babilòn nan00:06:29
00:06:29
pou yo tabli plan yo genyen00:06:31
00:06:31
e pou yo fè lagè.00:06:32
00:06:32
Komèsan yo fè anpil lajan.00:06:34
00:06:36
Ki jan yo reyaji lè Babilòn
nan detwi sanzatann,00:06:39
00:06:39
sa ki se yon sipriz?00:06:41
00:06:41
Ann gade pandan
n ap kontinye li apati00:06:44
00:06:44
Revelasyon 18:9.00:06:46
00:06:54
E wa latè yo00:06:55
00:06:55
ki te fè imoralite seksyèl avè l00:06:57
00:06:57
e ki t ap viv nan liks avèk li00:06:59
00:06:59
san yo pa wont yo pral kriye00:07:01
00:07:01
e yo pral frape lestomak yo00:07:03
00:07:03
tèlman y ap nan lapenn pou li,00:07:05
00:07:05
lè yo wè lafimen k ap sot
nan dife k ap boule l la.00:07:08
00:07:09
Y ap ret kanpe nan yon distans,00:07:10
00:07:10
paske y ap pè touman
li genyen an,00:07:12
00:07:12
e y ap di: ‘Domaj,00:07:14
00:07:15
domaj pou ou menm, gwo vil la,00:07:17
00:07:17
ou menm Babilòn, vil ki pisan an,00:07:20
00:07:20
paske jijman w lan fèt
nan inèdtan!00:07:23
00:07:24
Epitou, komèsan sou tè a
pral kriye00:07:27
00:07:27
e y ap nan lapenn
poutèt sa k rive l la.00:07:29
00:07:29
Paske, pa gen moun00:07:31
00:07:31
ki pou achte tout estòk machandiz00:07:32
00:07:32
yo genyen yo ankò,00:07:34
00:07:34
tankou tout estòk lò, ajan,
pyè ki gen anpil valè,00:07:38
00:07:39
pèl,00:07:39
00:07:40
len bon kalite,00:07:41
00:07:41
twal wouj vyolèt,00:07:43
00:07:43
twal swa,00:07:44
00:07:44
twal wouj vif,00:07:45
00:07:45
ansanm ak tout bagay ki
fèt ak bwa santi bon,00:07:48
00:07:48
tout kalite bagay ki fèt ann ivwa,00:07:51
00:07:51
bagay ki fèt ak bwa ki chè anpil,00:07:53
00:07:53
bagay ki fèt an kuiv,00:07:55
00:07:55
an fè00:07:56
00:07:56
ak an mab,00:07:57
00:07:57
epitou, kanèl,00:07:59
00:07:59
epis,00:08:00
00:08:00
lansan,00:08:01
00:08:01
luil santi bon,00:08:02
00:08:02
lansan blan,00:08:03
00:08:03
diven, luil doliv,00:08:05
00:08:05
farin fen,00:08:06
00:08:06
ble,00:08:07
00:08:07
bèf,00:08:08
00:08:08
mouton,00:08:08
00:08:08
cheval,00:08:09
00:08:09
charyo00:08:10
00:08:10
ak esklav,00:08:11
00:08:11
wi, lavi moun.00:08:12
00:08:16
Wi, bon bagay ou te anvi
genyen yo ale kite w,00:08:20
00:08:20
e tout bagay delika yo00:08:22
00:08:22
ak bèl bagay yo
disparèt lakay ou,00:08:24
00:08:24
e moun pap janm jwenn yo ankò.00:08:26
00:08:27
“Komèsan k ap vann
bagay sa yo,00:08:28
00:08:28
yo menm li te fè vin rich yo,00:08:30
00:08:30
pral kanpe nan yon distans,00:08:32
00:08:33
paske y ap pè touman
li genyen an.00:08:35
00:08:35
Y ap kriye,00:08:36
00:08:36
y ap nan lapenn,00:08:38
00:08:38
y ap di:00:08:39
00:08:39
‘Domaj, domaj!00:08:41
00:08:41
Gade gwo vil la,00:08:42
00:08:42
li menm ki te konn abiye00:08:45
00:08:45
ak rad
ki fèt ak len bon kalite,00:08:47
00:08:47
rad wouj vyolèt,00:08:48
00:08:48
rad wouj vif,00:08:50
00:08:50
li menm ki te konn
met anpil bijou annò,00:08:53
00:08:53
pyè ki gen anpil valè ak pèl!00:08:55
00:08:55
Paske, nan inèdtan,00:08:57
00:08:57
yo dechèpiye
pakèt richès sa yo.’00:09:00
00:09:00
E tout kapitèn bato,00:09:01
00:09:01
tout moun tout kote,00:09:03
00:09:03
tout maren00:09:04
00:09:04
ak tout moun k ap
chèche lavi sou lanmè a00:09:07
00:09:07
kanpe nan yon distans, y ap rele00:09:09
00:09:10
pandan y ap gade lafimen00:09:11
00:09:11
k ap soti nan dife k ap boule l la,00:09:13
00:09:13
y ap di:00:09:14
00:09:15
‘Ki vil ki tankou gwo vil sa a?’00:09:17
00:09:17
Yo voye pousyè sou tèt yo,
yo rele,00:09:20
00:09:20
yo kriye, yo plenn, epi yo di:00:09:23
00:09:24
‘Domaj,00:09:25
00:09:25
domaj,00:09:26
00:09:26
paske nan inèdtan
yo dechèpiye gwo vil la00:09:30
00:09:30
ki te pèmèt tout moun
ki gen bato sou lanmè a00:09:33
00:09:33
vin rich grasa richès li te genyen!’00:09:36
00:09:38
Yo t ap rele:00:09:39
00:09:39
“Domaj,00:09:41
00:09:41
domaj”!00:09:42
00:09:42
Men, e pou sèvitè Bondye yo menm?00:09:45
00:09:46
Yo te gen plizyè reyaksyon.00:09:48
00:09:50
Annou li apati vèsè 20 an00:09:52
00:09:52
pou nou wè kòman sèvitè Jewova yo,00:09:54
00:09:54
kit se moun sa ki pral nan syèl,00:09:56
00:09:56
kit se moun k ap ret sou tè a,00:09:58
00:09:58
ki jan yo te reyaji lè Babilòn te detwi.00:10:00
00:10:00
Remake tou poukisa
fo relijyon yo00:10:03
00:10:03
te merite kalite jijman sa a.00:10:05
00:10:06
O syèl, ou mèt kontan
pou sa ki rive l la,00:10:10
00:10:10
nou menm tou moun ki sen yo,
nou menm apot yo,00:10:14
00:10:14
e nou menm pwofèt yo,
nou mèt kontan,00:10:17
00:10:17
paske Bondye pini l pou nou!00:10:19
00:10:20
Gen yon zanj pisan ki pran
yon wòch00:10:22
00:10:22
ki tankou yon gwo wòch moulen,00:10:24
00:10:24
li voye l nan lanmè a, epi li di:00:10:27
00:10:27
Se konsa, yon sèl kou,00:10:30
00:10:30
y ap voye Babilòn,
gwo vil la, jete,00:10:33
00:10:34
e yo pap janm jwenn li ankò.00:10:35
00:10:36
E yo pap janm tande vwa chantè00:10:38
00:10:38
k ap jwe hap lakay ou00:10:39
00:10:39
pou akonpaye tèt yo ankò,00:10:42
00:10:42
ni moun k ap jwe flit,00:10:43
00:10:44
ni moun k ap jwe twonpèt,00:10:45
00:10:45
ni okenn lòt mizisyen.00:10:47
00:10:47
Yo pap jwenn atizan
okenn metye lakay ou ankò,00:10:51
00:10:51
ni moun pap tande
bri wòch moulen00:10:53
00:10:53
lakay ou ankò.00:10:55
00:10:55
E limyè lanp pap janm klere
lakay ou ankò.00:10:59
00:11:00
Moun pap janm tande
vwa gason k ap marye,00:11:03
00:11:03
ni vwa fi k ap marye
lakay ou ankò.00:11:06
00:11:07
Tout sa ap rive w paske komèsan w yo00:11:11
00:11:11
se moun ki te nan gwo
pozisyon sou tè a,00:11:15
00:11:15
e paske ou te twonpe
tout nasyon yo00:11:18
00:11:18
ak sa w ap pratike
ki gen rapò ak movèzespri.00:11:21
00:11:21
Wi, yo jwenn san
pwofèt yo lakay li,00:11:25
00:11:25
ak san moun ki sen yo,00:11:27
00:11:27
ak san tout moun yo touye
sou tè a.00:11:29
00:11:29
Apre sa,00:11:30
00:11:30
mwen tande vwa tankou vwa00:11:33
00:11:33
yon gwo foul zanj nan syèl la,00:11:35
00:11:35
ki di byen fò:00:11:36
00:11:37
Louwe Ja!00:11:42
00:11:42
Se Bondye nou an ki bay delivrans lan.00:11:46
00:11:46
Li gen glwa e li gen pisans.00:11:48
00:11:49
Paske, jijman l yo jis
e nou ka fè yo konfyans.00:11:53
00:11:54
Paske, li pini gwo pwostitye a00:11:57
00:11:58
ki t ap kòwonp latè ak
imoralite seksyèl li t ap fè a, 00:12:02
00:12:02
e li vanje san esklav li yo00:12:05
00:12:05
gwo pwostitye a te touye yo.00:12:07
00:12:07
Lamenm, yo di yon dezyèm fwa:00:12:10
00:12:10
Louwe Ja!00:12:16
00:12:16
Lafimen k ap sot nan dife00:12:18
00:12:18
k ap boule gwo pwostitye a00:12:20
00:12:20
ap monte pou tout tan gen tan.00:12:23
00:12:24
Wi, “Louwe Ja!”00:12:27
00:12:28
Poukisa?00:12:29
00:12:29
Paske chèf relijye yo te responsab lamò pwofèt yo00:12:33
00:12:33
e menm lamò Jezi.00:12:35
00:12:35
Yon ti tan apre, disip Etyèn
te mande chèf relijye yo:00:12:40
00:12:41
“Kiyès nan pwofèt yo
zansèt nou yo pa t pèsekite?00:12:45
00:12:45
Wi, yo touye pwofèt
ki te anonse davans00:12:49
00:12:49
sila a ki jis ki gen pou l vini an, 00:12:52
00:12:52
sila a nou trayi e nou touye a.”00:12:54
00:12:55
Yo pa t bay sa Etyèn
te di yo valè,00:12:58
00:12:59
okontrè, yo te touye l
menm jou a.00:13:02
00:13:03
Pandan syèk ki pase
apre epòk Etyèn nan00:13:06
00:13:07
fo relijyon yo pa sispann
twonpe moun, touye moun00:13:10
00:13:10
e kòwonp tè a
ak imoralite seksyèl y ap fè.00:13:13
00:13:13
Se sa k fè
nou kapab mande ankò:00:13:16
00:13:16
poukisa yo di “Louwe Ja”?00:13:18
00:13:19
Men repons gwoup zanj
ki t ap chante nan syèl yo bay:00:13:22
00:13:22
“Paske, jijman [Bondye] yo jis00:13:24
00:13:24
e nou ka fè yo konfyans.”00:13:26
00:13:27
Jewova, Bondye nou an ki jis,00:13:29
00:13:29
pral asire l fo relijyon an pap
janm kòwonp monn nan ankò,00:13:33
00:13:33
ni l pap janm fè sèvitè li yo mal.00:13:36
00:13:37
Detriksyon Gran Babilòn nan00:13:39
00:13:39
se kòmansman etap00:13:41
00:13:41
Jezi te rele “gwo tribilasyon an”.00:13:44
00:13:46
Apre fo relijyon yo fin detwi,
ki sa k ap pase apre?00:13:50
00:13:50
Liv Ezekyèl lan fè konnen
nasyon yo t apral atake pèp Jewova a,00:13:55
00:13:55
y ap vini tankou “yon gwo lame”,00:13:58
00:13:58
“menm jan ak nyaj ki kouvri
yon peyi”.00:14:00
00:14:00
Men, se pa premye fwa
sistèm politik la kanpe00:14:04
00:14:04
kont Jewova e kont pèp li a.00:14:06
00:14:07
Anpil nasyon vrèman opoze00:14:09
00:14:09
ak vrè adorasyon an.00:14:10
00:14:11
Yo entèdi reyinyon nou yo00:14:12
00:14:12
ak travay predikasyon nou an,00:14:14
00:14:14
yo mete nan prizon,
jèn kou granmoun,00:14:16
00:14:16
poutèt nou gen Bib
e n ap pale de Bondye.00:14:19
00:14:20
Yo konsidere sa kòm yon krim.00:14:22
00:14:23
Gen kèk nan frè ak sè nou yo,00:14:25
00:14:25
yo maltrete yo pou lafwa yo.00:14:27
00:14:28
Men,00:14:29
00:14:30
toutotan Jewova pèmèt00:14:31
00:14:31
gouvènman lèzòm
yo dirije sou nou,00:14:34
00:14:34
n ap respekte yo.00:14:36
00:14:37
E se pa tout gouvènman yo
ki opoze avè n.00:14:40
00:14:41
Aktout sa, gouvènman lezòm yo00:14:43
00:14:44
fè Jewova fache.00:14:46
00:14:47
Gouvènman lèzòm yo
panse yo ka pi byen dirije00:14:50
00:14:50
pase “Wa tout wa yo, 00:14:51
00:14:51
Seyè tout seyè yo”,
ki se Jezi Kris.00:14:54
00:14:54
Ala yo awogan!00:14:56
00:14:57
Pa gen dout,
yonfwa pisans politik yo00:15:00
00:15:00
atake pèp Bondye a,00:15:02
00:15:02
Jezi ap pase alaksyon.00:15:04
00:15:06
Nan Revelasyon chapit 19,00:15:08
00:15:08
nou kapab wè aksyon Jezi pral fè00:15:11
00:15:11
kont Pisans anglo-ameriken an,00:15:13
00:15:13
yo rele “fo pwofèt” la00:15:15
00:15:15
e kont tout rès sistèm politik la,00:15:18
00:15:18
yo rele “wa latè yo”
ak “bèt sovaj la”.00:15:21
00:15:21
Annou kòmanse li apati Revelasyon 19:11.00:15:25
00:15:26
Mwen wè syèl la ouvè,00:15:29
00:15:29
e mwen wè
yon cheval blan parèt.00:15:32
00:15:32
Yo rele moun ki chita sou li a00:15:34
00:15:34
Fidèl e Veridik,00:15:36
00:15:36
e se avèk jistis li jije e li fè lagè.00:15:40
00:15:41
Je l se yon flanm dife,00:15:43
00:15:43
e li gen anpil kouwòn sou tèt li.00:15:46
00:15:46
Li gen yon non ki ekri sou li00:15:49
00:15:49
pèsonn pa konnen, sof li menm.00:15:51
00:15:52
Li abiye ak yon rad
ki gen tach san sou li,00:15:56
00:15:56
e yo rele l Pawòl Bondye. 00:15:58
00:15:59
Epitou, lame nan syèl la
t ap suiv li sou cheval blan,00:16:04
00:16:05
yo te abiye ak rad blan ki pwòp00:16:08
00:16:08
e ki fèt ak len bon kalite.00:16:10
00:16:12
Li gen yon epe long byen file
ki sot nan bouch li00:16:16
00:16:16
pou l ka frape nasyon yo,00:16:18
00:16:18
e li pral dirije yo ak yon baton fè.00:16:21
00:16:23
Epitou,00:16:24
00:16:24
l ap pilonnen rezen
ki nan près diven 00:16:28
00:16:28
ki reprezante gwo kòlè Bondye a,00:16:30
00:16:30
li menm ki Toupisan an.00:16:32
00:16:32
Li gen yon non ki ekri sou rad li,00:16:35
00:16:37
wi, sou kuis li:
Wa tout wa, Seyè tout seyè.00:16:43
00:16:44
Epitou, mwen wè yon zanj
ki kanpe nan solèy la,00:16:48
00:16:48
li di tout zwazo k ap vole
nan mitan syèl la byen fò: 00:16:52
00:16:53
Vin isit, vin rasanble
pou festen Bondye a,00:16:58
00:16:58
pou nou ka manje kò wa yo,
kò kòmandan yo,00:17:02
00:17:02
kò gason vanyan yo,
kò cheval yo00:17:06
00:17:06
ak kò moun ki chita sou yo,00:17:08
00:17:08
kò tout moun, ni sa ki an libète00:17:12
00:17:12
ni sa ki esklav, ni piti ni gran.00:17:16
00:17:17
Epi, mwen wè bèt sovaj la
ansanm ak wa latè yo00:17:21
00:17:21
ak lame yo genyen yo
ki rasanble pou fè lagè00:17:25
00:17:25
ak moun ki chita sou cheval la00:17:27
00:17:27
e avèk lame l la.00:17:29
00:17:29
Yo met men sou bèt sovaj la
ansanm ak fo pwofèt la00:17:33
00:17:33
ki t ap reyalize siy devan l,00:17:35
00:17:35
siy li te sèvi00:17:37
00:17:37
pou l twonpe ni moun
ki resevwa mak bèt sovaj la,00:17:40
00:17:40
ni moun ki adore estati bèt la. 00:17:43
00:17:43
E yo voye toule de jete tou vivan00:17:46
00:17:46
nan letan dife ki gen souf la.00:17:48
00:17:49
Men, moun ki te chita
sou cheval la00:17:52
00:17:52
touye rès moun yo
ak epe long li an,00:17:55
00:17:55
epe ki t ap sot nan bouch li a.00:17:57
00:17:57
E vant tout zwazo yo00:17:59
00:17:59
te plen ak kò moun sa yo. 00:18:01
00:18:09
Se sèlman Kris Jezi00:18:10
00:18:10
ki kalifye pou dirije lame yo
nan syèl la00:18:13
00:18:13
nan batay Amagedon an!00:18:14
00:18:15
Kounye a, fo relijyon an
gentan detwi,00:18:18
00:18:19
Jezi Kris pral konsantre l
sou rès monn Satan an,00:18:22
00:18:22
sa vle di sistèm politik la
ak sistèm komèsyal la.00:18:26
00:18:27
Li pral frape e li pral detwi00:18:30
00:18:30
tout moun ki opoze
ak vrè adorasyon an.00:18:32
00:18:34
Men, gen ènmi vrè adorasyon an00:18:36
00:18:36
k ap toujou la. 00:18:37
00:18:38
Kiyès yo ye,00:18:39
00:18:39
e ki sa Jezi pral fè avèk yo?00:18:41
00:18:42
Annou suiv ansanm Revelasyon 20:1-3.00:18:45
00:18:50
Epi, mwen wè yon zanj
k ap desann sot nan syèl la,00:18:54
00:18:54
e li gen kle twou san fon an
nan men l00:18:56
00:18:56
ansanm ak yon gwo chenn.00:18:59
00:18:59
Li met men sou dragon an,
premye sèpan an,00:19:01
00:19:01
li menm ki Dyab la e ki Satan an,00:19:04
00:19:04
li mare l pou 1 000 an.00:19:06
00:19:06
Epi, li pimpe l
nan twou san fon an,00:19:10
00:19:10
li fèmen l ladan l,00:19:12
00:19:12
e li poze sele sou twou a,00:19:14
00:19:14
dekwa pou dragon an
pa twonpe nasyon yo ankò00:19:18
00:19:18
jiskaske 1 000 an an fini.00:19:20
00:19:20
Apre sa, y ap lage l
pou yon tikras tan.00:19:24
00:19:28
Kiyès ki gen kle
“twou san fon an”?00:19:30
00:19:32
Pa gen dout, se Jezi Kris,
moun yo te anonse00:19:36
00:19:36
ki pral kraze tèt Satan an.00:19:38
00:19:39
Se Jezi ki pral elimine
tout ènmi Bondye yo,00:19:42
00:19:42
sa gen ladan pi gwo ènmi an,00:19:45
00:19:45
Satan.00:19:45
00:19:46
Li pral lage l
nan twou san fon an.00:19:48
00:19:49
Jezi pap sèlman lage l ladan l,00:19:51
00:19:51
men l ap pimpe l ladan l.00:19:53
00:19:53
Se yon gwo soulajman!00:19:56
00:19:56
Apre lagè Amagedon an fini,00:19:59
00:19:59
Wayòm Bondye a pral travay00:20:01
00:20:01
pou fè tè a vin jan Jewova te vle
depi okòmansman an.00:20:05
00:20:07
Moun ki te fidèl avèk Jewova yo00:20:09
00:20:09
ap la lè gwo bagay sa yo ap fèt.00:20:12
00:20:12
Annou wè youn ladan yo.00:20:14
00:20:14
N ap kòmanse nan Revelsyon 20:12.00:20:18
00:20:19
Epi, mwen wè mò yo,
gran kou piti,00:20:23
00:20:23
ki kanpe devan twòn nan,00:20:25
00:20:25
e gen woulo ki te ouvè.00:20:27
00:20:27
Men, gen yon lòt woulo
ki te ouvè, se te woulo lavi a.00:20:33
00:20:34
Yo jije mò yo selon aksyon yo,00:20:36
00:20:37
dapre bagay ki ekri nan woulo a.00:20:39
00:20:41
E lanmè a rann mò li te gen ladan l,00:20:44
00:20:44
lanmò ak Tonm nan rann mò
yo te gen nan yo,00:20:48
00:20:48
epi, yo jije yo chak apa
selon aksyon yo.00:20:53
00:20:54
Apre sa,00:20:55
00:20:55
yo lage lanmò ak Tonm nan
nan letan dife a.00:20:58
00:20:59
Letan dife a reprezante
dezyèm lanmò a.00:21:02
00:21:06
Selon vèsè 4 la,00:21:08
00:21:08
Jewova ki se pi gwo Jij la,00:21:10
00:21:10
bay Jezi ansanm ak
moun ki pral dirije avè l yo00:21:14
00:21:14
“pouvwa pou yo jije”.00:21:15
00:21:16
Ki moun yo pral jije?00:21:18
00:21:18
Se pa sèlman gwo foul moun
nan ki te pase Amagedon vivan,00:21:22
00:21:23
men tou, plizyè milya moun
ki te mouri ki pral resisite!00:21:27
00:21:28
E nan fen Rèy mil an an,00:21:30
00:21:30
finalman, lanmò pral disparèt.00:21:34
00:21:34
Y ap lage l “nan letan dife a”,
menm jan ak yon moso papye00:21:38
00:21:38
yo lage nan yon founez dife
ki byen limen.00:21:41
00:21:43
Ki jan lavi a pral ye
lè Wayòm Bondye a pral dirije?00:21:46
00:21:47
Se pa ti renmen nou renmen00:21:49
00:21:49
pwomès ki nan Revelasyon 21:4 la:00:21:52
00:21:54
“[Bondye] ap siye tout dlo
nan je yo,00:21:58
00:22:00
pap gen lanmò ankò,00:22:02
00:22:04
e moun pap nan lapenn ankò
akoz moun pa yo ki mouri.00:22:09
00:22:09
Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”!00:22:13
00:22:16
Fè yon ti reflechi sou sa
sa pral vle di.00:22:19
00:22:20
Moun ki soud yo pral tande,00:22:22
00:22:22
yo pral tande bri lapli
k ap tonbe tou dousman,00:22:26
00:22:27
moun k ap ri,00:22:29
00:22:32
zwazo k ap chante
ak bèl ti mizik. 00:22:36
00:22:44
Moun ki avèg yo pral wè,00:22:47
00:22:48
y ap kontan gade
epi egzamine syèl la,00:22:52
00:22:52
y ap pran plezi gade lakansyèl yo.00:22:56
00:22:58
Y ap gade bèt yo
ak timoun yo k ap jwe.00:23:01
00:23:04
Bondye pral fè anpil mirak00:23:07
00:23:07
pou geri lèzòm sou tout tè a.00:23:09
00:23:13
Moun ki andikape yo00:23:15
00:23:16
pral mache nan forè,00:23:18
00:23:18
yo pral grenpe mòn00:23:20
00:23:22
e yo pral kouri nan sab bò lamè.00:23:25
00:23:26
Pap gen grangou,00:23:28
00:23:29
ni maladi ak enjistis.00:23:32
00:23:34
Pa gen moun k ap fè moun mal.00:23:36
00:23:37
Tout moun pral viv
ak yon sante ki pafè00:23:40
00:23:40
e y ap viv an sekirite
e ak kè kontan,00:23:43
00:23:44
e y ap viv konsa pou toutan.00:23:46
00:23:48
Pran tan pou w byen reflechi
sou pwomès sa yo.00:23:51
00:23:52
Sèvi ak imajinasyon w!00:23:54
00:23:57
Annou fini pandan n ap li
pasaj sa a00:23:59
00:23:59
nou jwenn nan dènye chapit
liv Revelasyon an,00:24:03
00:24:03
chapit 22,00:24:04
00:24:05
kote yo pale sou lòt benediksyon00:24:07
00:24:07
wa ki jis ki pral dirije yo
pral pote pou tè a.00:24:11
00:24:11
Epi, li montre m yon rivyè dlo lavi,00:24:15
00:24:16
klè kou kristal, k ap koule sot
nan twòn Bondye a00:24:21
00:24:21
ak nan twòn Ti Mouton an
al nan mitan gran wout vil la.00:24:25
00:24:25
Sou toule de bò rivyè a,
gen yon seri pyebwa ki bay lavi00:24:29
00:24:29
e ki bay 12 rekòt fwi,00:24:32
00:24:32
yo bay fwi chak mwa.00:24:34
00:24:34
E fèy pyebwa yo te la00:24:36
00:24:36
pou geri nasyon yo.00:24:37
00:24:37
E pap gen malediksyon
sou vil la menm ankò.00:24:40
00:24:41
Okontrè,00:24:42
00:24:43
twòn Bondye a00:24:44
00:24:44
ak twòn Ti Mouton an
pral nan vil la,00:24:48
00:24:48
e esklav Bondye yo
pral ba l yon sèvis sakre.00:24:52
00:24:52
Y ap wè figi l, e non l
pral ekri sou fwon yo.00:24:57
00:24:58
Epitou, pap gen lannuit ankò,00:25:01
00:25:01
yo pap bezwen ni limyè lanp
ni limyè solèy la pou klere yo,00:25:06
00:25:06
paske Jewova Dye pral klere yo,00:25:10
00:25:10
e yo pral dirije antanke wa
pou tout tan gen tan.00:25:14
00:25:15
Li di m:00:25:17
00:25:17
“Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.00:25:21
00:25:21
Wi, Jewova, Bondye ki enspire pwofèt yo,00:25:26
00:25:26
voye yon zanj li montre esklav li yo
bagay ki gen pou rive talè konsa.00:25:31
00:25:31
Gade! M ap vini byen vit.00:25:34
00:25:34
Byennere moun ki obeyi00:25:36
00:25:36
pawòl ki nan pwofesi
ki nan woulo sa a.00:25:39
00:25:40
Èske w pa ka tann
pou w adore Jewova00:25:43
00:25:43
ak yon sante ki pafè,00:25:44
00:25:44
anba yon dominasyon ki san defo00:25:47
00:25:47
e nan yon monn ki san peche?00:25:49
00:25:49
Wa nou an pa ka tann jou sa a rive tou!00:25:52
00:25:53
Zanj lan di Jan bagay sa yo
“gen pou rive talè konsa”.00:25:58
00:25:58
Pandan li reprezante Jezi,
li di: “M ap vini byen vit.”00:26:04
00:26:05
Nan monn nan jodi a, chaje pwoblèm,00:26:08
00:26:08
men Jezi pral rezoud tout nèt.00:26:11
00:26:12
Li anonse fo relijyon yo pral detwi.00:26:15
00:26:15
Li pral detwi tout rès sistèm sa a00:26:18
00:26:18
nan lagè Amagedon an.00:26:20
00:26:20
Li pral mete Satan,
sèpan ki bay degoutans lan,00:26:23
00:26:23
nan twou san fon an, l ap detwi l.00:26:26
00:26:26
Epi apre sa, l ap detwi
“dènye ènmi” nou an, ki “se lanmò”.00:26:30
00:26:31
Se sèten bagay sa yo pral fèt!00:26:34
00:26:35
Si nou ta gen yon ti dout,
sonje pawòl zanj lan.00:26:38
00:26:38
Li te di: “Pawòl sa yo fidèl00:26:41
00:26:41
e yo se laverite.”00:26:43
00:26:43
Ala yon bon nouvèl00:26:45
00:26:45
pou nou tout k ap soutni
Wa nou an, Jezi Kris!00:26:48
00:26:48
Wi, n ap di menm pawòl
apot Jan te di nan vèsè 20 an:00:26:51
00:26:51
“Amèn! Vini non, Seyè Jezi.”00:26:56
“Pap gen delè ankò”
-
“Pap gen delè ankò”
Èske w dakò n ap viv
nan tan ki difisil?
Byenke gen anpil pwogrè
lèzòm ap fè
nan domèn teknoloji,
moun yo toujou
ap soufri akoz lagè,
rate manje,
epidemi
ak divès kalite katastwòf.
Anplis,
n ap fè fas ak opozisyon
ak pèsekisyon
nan men moun ki pa konnen Jewova.
Se poutèt sa
nou vrèman swaf
pou n jwenn jistis ak soulajman!
Liv Revelasyon an
rapòte sa yon seri sèvitè
Jewova fidèl
yo touye pou lafwa yo
ap di Jewova:
“Seyè ki Souvren an,
ou menm ki sen,
ki lè w ap jije moun
ki abite sou tè a,
e ki lè w ap vanje san
nou sou yo?”
Se vre yo mande moun sa yo
ki te mouri pou lafwa yo
pou yo tann yon ti tan ankò,
men Kris Jezi di pawòl sa yo
ki frapan
nou jwenn nan Revelasyon 10:6:
“Pap gen delè ankò.”
Sa se yon bon nouvèl!
Tout liv Revelasyon an
se yon bon nouvèl
pou tout moun ki renmen Jewova
e ki met konfyans yo nan li.
Liv sa a anonse yon pakèt gwo evènman,
men nou pa bezwen pè
evènman sa yo
paske nou konnen
Jewova gen sousi pou nou.
Bon nouvèl nou jwenn
nan liv Revelasyon an
fè nou konnen tout moun
k ap fè n soufri jodi a
pral detwi talè konsa.
Epi tout pwomès li yo santre
sou yon moun: Jezi Kris.
Depi nan premye vèsè ki nan
bèl liv sa a nan Bib la,
yo di liv sa a se “yon revelasyon
Bondye bay Jezi Kris”.
Liv sa a anonse
yon seri evènman
k ap rive nan “jou Seyè a”,
sa vle di
peryòd tan ki kòmanse
lè Jezi, Seyè nou,
vin Wa nan ane 1914,
e k ap kontinye jiskaske
Rèy mil an an fini.
Epi nan tout liv Revelasyon an,
nou aprann wòl Jezi ap jwe
nan detwi ènmi Bondye yo,
retire tout soufrans nou yo
e fè tè a vin tounen yon paradi.
Sa yo se pa pwomès ki san valè.
Revelasyon 1:1 fè nou konnen
bagay sa yo ‘gen
pou yo rive talè konsa’.
Ki bagay konsa ki ‘gen
pou yo rive talè konsa’?
Ki wòl Jezi pral jwe
nan evènman sa yo?
E ki jan sa ap fè n
jwenn jistis ak soulajman?
Annou kòmanse
gade sa k pral rive
tout fo relijyon
ki gen nan monn nan.
Silvouplè,
annou ale
nan Revelasyon chapit 18.
Revelasyon dekri fo relijyon an
tankou yon pwostitye ki mechan,
e li rele l Gran Babilòn nan.
Depi plizyè milye ane,
l ap fawouche pèp Bondye a,
l ap pèsekite l
e l ap touye moun ladan l.
Li pa jennen pou li
eksplwate moun yo
e pou l ba yo manti
pou l twonpe yo.
Li gen gwo enfliyans sou yo.
Men, sa t ap chanje.
Pandan n ap kòmanse li Revelasyon 18:1,
gade sa k pral rive
Gran Babilòn nan,
e poukisa sa pral rive l.
Apre sa,
mwen wè yon lòt zanj
k ap desann sot nan syèl la.
Li gen anpil pouvwa,
e glwa li klere tè a.
Li rele byen fò, li di:
Li tonbe!
Gran Babilòn nan tonbe!
Li tounen yon kote demon abite,
yon kachèt pou tout kalite movèzespri
e pou tout zwazo ki pa pwòp,
tout zwazo moun rayi.
Kòm li te bay tout nasyon yo
bwè diven
ki te fè yo gen gwo anvi
pou yo fè imoralite
seksyèl avè l la,
tout nasyon yo vin viktim,
wa latè yo fè imoralite
seksyèl avè l,
e komèsan sou tè a vin rich
grasa kantite bagay
ki gen anpil valè li posede,
e li pa wont posede
tout bagay sa yo.
Epi,
mwen tande yon lòt vwa
ki soti nan syèl la ki di:
Sot ladan l, pèp mwen,
si nou pa vle patisipe avè l
nan peche l yo,
e si nou pa vle resevwa
yon pati nan kalamite l yo.
Paske,
peche l yo monte pil
sou pil rive jis nan syèl la,
e Bondye sonje zak enjistis li yo.
Aji avèk li
menm jan li te aji ak lòt moun,
wi, fè l de fwa kantite bagay
li te fè yo.
Nan koup li te fè melanj lan,
mete de fwa melanj
li te fè a ladan l pou li.
Nan menm degre
li te bay tèt li glwa a,
nan menm degre
li t ap viv nan liks
san l pa wont lan,
se nan degre sa a
pou yo ba l
touman ak lapenn.
Paske, li pa sispann di nan kè l:
‘M ap dirije antanke rèn,
mwen pa vèv,
e mwen pap janm nan lapenn.’
Se poutèt sa,
kalamite l yo pral vini
nan yon sèl jou:
se pral lanmò, lapenn
ak grangou.
E li pral boule nèt nan dife,
paske Jewova Dye,
ki te jije l la, gen fòs.
Babilòn konsidere tèt li
tankou yon rèn
ki gen anpil pouvwa
e yo pap janm ka kraze.
Poukisa?
L ap viv nan liks
depi plizyè milye ane.
Epi yon gwo destriksyon ap rive l
e l ap tonbe sou li sanzatann,
tankou se te “nan yon sèl jou”.
Ki wòl Jezi jwe nan evènman sa a?
Ann gade vèsè 1 an
ak vèsè 2 a ankò.
Kiyès ki anonse Babilòn tonbe a?
Yon zanj ki tèlman gen glwa,
glwa l klere tout tè a.
Kiyès Jewova bay
tout kokenn glwa sa a?
Se Jezi, Seyè nou an, li bay li.
Depi 1914,
Jezi gen pouvwa sou tè a
antanke Wa e Jij.
Se li ki vrèman byen plase
pou l anonse Gran Babilòn
nan tonbe!
Men, li bay yon lòd
ak jijman sa a,
li di:
“Sot ladan l”!
Vrèmanvre, nan okenn fason,
nou pap janm mele
nan òganizasyon fo relijyon an
ki deja kondane l detwi.
Jewova rayi Gran Babilòn nan.
Nou menm tou, nou dwe rayi l!
Gen anpil moun
ki jwenn anpil pwofi
grasa fo relijyon an.
Gouvènman yo chèche sipò
Gran Babilòn nan
pou yo tabli plan yo genyen
e pou yo fè lagè.
Komèsan yo fè anpil lajan.
Ki jan yo reyaji lè Babilòn
nan detwi sanzatann,
sa ki se yon sipriz?
Ann gade pandan
n ap kontinye li apati
Revelasyon 18:9.
E wa latè yo
ki te fè imoralite seksyèl avè l
e ki t ap viv nan liks avèk li
san yo pa wont yo pral kriye
e yo pral frape lestomak yo
tèlman y ap nan lapenn pou li,
lè yo wè lafimen k ap sot
nan dife k ap boule l la.
Y ap ret kanpe nan yon distans,
paske y ap pè touman
li genyen an,
e y ap di: ‘Domaj,
domaj pou ou menm, gwo vil la,
ou menm Babilòn, vil ki pisan an,
paske jijman w lan fèt
nan inèdtan!
Epitou, komèsan sou tè a
pral kriye
e y ap nan lapenn
poutèt sa k rive l la.
Paske, pa gen moun
ki pou achte tout estòk machandiz
yo genyen yo ankò,
tankou tout estòk lò, ajan,
pyè ki gen anpil valè,
pèl,
len bon kalite,
twal wouj vyolèt,
twal swa,
twal wouj vif,
ansanm ak tout bagay ki
fèt ak bwa santi bon,
tout kalite bagay ki fèt ann ivwa,
bagay ki fèt ak bwa ki chè anpil,
bagay ki fèt an kuiv,
an fè
ak an mab,
epitou, kanèl,
epis,
lansan,
luil santi bon,
lansan blan,
diven, luil doliv,
farin fen,
ble,
bèf,
mouton,
cheval,
charyo
ak esklav,
wi, lavi moun.
Wi, bon bagay ou te anvi
genyen yo ale kite w,
e tout bagay delika yo
ak bèl bagay yo
disparèt lakay ou,
e moun pap janm jwenn yo ankò.
“Komèsan k ap vann
bagay sa yo,
yo menm li te fè vin rich yo,
pral kanpe nan yon distans,
paske y ap pè touman
li genyen an.
Y ap kriye,
y ap nan lapenn,
y ap di:
‘Domaj, domaj!
Gade gwo vil la,
li menm ki te konn abiye
ak rad
ki fèt ak len bon kalite,
rad wouj vyolèt,
rad wouj vif,
li menm ki te konn
met anpil bijou annò,
pyè ki gen anpil valè ak pèl!
Paske, nan inèdtan,
yo dechèpiye
pakèt richès sa yo.’
E tout kapitèn bato,
tout moun tout kote,
tout maren
ak tout moun k ap
chèche lavi sou lanmè a
kanpe nan yon distans, y ap rele
pandan y ap gade lafimen
k ap soti nan dife k ap boule l la,
y ap di:
‘Ki vil ki tankou gwo vil sa a?’
Yo voye pousyè sou tèt yo,
yo rele,
yo kriye, yo plenn, epi yo di:
‘Domaj,
domaj,
paske nan inèdtan
yo dechèpiye gwo vil la
ki te pèmèt tout moun
ki gen bato sou lanmè a
vin rich grasa richès li te genyen!’
Yo t ap rele:
“Domaj,
domaj”!
Men, e pou sèvitè Bondye yo menm?
Yo te gen plizyè reyaksyon.
Annou li apati vèsè 20 an
pou nou wè kòman sèvitè Jewova yo,
kit se moun sa ki pral nan syèl,
kit se moun k ap ret sou tè a,
ki jan yo te reyaji lè Babilòn te detwi.
Remake tou poukisa
fo relijyon yo
te merite kalite jijman sa a.
O syèl, ou mèt kontan
pou sa ki rive l la,
nou menm tou moun ki sen yo,
nou menm apot yo,
e nou menm pwofèt yo,
nou mèt kontan,
paske Bondye pini l pou nou!
Gen yon zanj pisan ki pran
yon wòch
ki tankou yon gwo wòch moulen,
li voye l nan lanmè a, epi li di:
Se konsa, yon sèl kou,
y ap voye Babilòn,
gwo vil la, jete,
e yo pap janm jwenn li ankò.
E yo pap janm tande vwa chantè
k ap jwe hap lakay ou
pou akonpaye tèt yo ankò,
ni moun k ap jwe flit,
ni moun k ap jwe twonpèt,
ni okenn lòt mizisyen.
Yo pap jwenn atizan
okenn metye lakay ou ankò,
ni moun pap tande
bri wòch moulen
lakay ou ankò.
E limyè lanp pap janm klere
lakay ou ankò.
Moun pap janm tande
vwa gason k ap marye,
ni vwa fi k ap marye
lakay ou ankò.
Tout sa ap rive w paske komèsan w yo
se moun ki te nan gwo
pozisyon sou tè a,
e paske ou te twonpe
tout nasyon yo
ak sa w ap pratike
ki gen rapò ak movèzespri.
Wi, yo jwenn san
pwofèt yo lakay li,
ak san moun ki sen yo,
ak san tout moun yo touye
sou tè a.
Apre sa,
mwen tande vwa tankou vwa
yon gwo foul zanj nan syèl la,
ki di byen fò:
Louwe Ja!
Se Bondye nou an ki bay delivrans lan.
Li gen glwa e li gen pisans.
Paske, jijman l yo jis
e nou ka fè yo konfyans.
Paske, li pini gwo pwostitye a
ki t ap kòwonp latè ak
imoralite seksyèl li t ap fè a,
e li vanje san esklav li yo
gwo pwostitye a te touye yo.
Lamenm, yo di yon dezyèm fwa:
Louwe Ja!
Lafimen k ap sot nan dife
k ap boule gwo pwostitye a
ap monte pou tout tan gen tan.
Wi, “Louwe Ja!”
Poukisa?
Paske chèf relijye yo te responsab lamò pwofèt yo
e menm lamò Jezi.
Yon ti tan apre, disip Etyèn
te mande chèf relijye yo:
“Kiyès nan pwofèt yo
zansèt nou yo pa t pèsekite?
Wi, yo touye pwofèt
ki te anonse davans
sila a ki jis ki gen pou l vini an,
sila a nou trayi e nou touye a.”
Yo pa t bay sa Etyèn
te di yo valè,
okontrè, yo te touye l
menm jou a.
Pandan syèk ki pase
apre epòk Etyèn nan
fo relijyon yo pa sispann
twonpe moun, touye moun
e kòwonp tè a
ak imoralite seksyèl y ap fè.
Se sa k fè
nou kapab mande ankò:
poukisa yo di “Louwe Ja”?
Men repons gwoup zanj
ki t ap chante nan syèl yo bay:
“Paske, jijman [Bondye] yo jis
e nou ka fè yo konfyans.”
Jewova, Bondye nou an ki jis,
pral asire l fo relijyon an pap
janm kòwonp monn nan ankò,
ni l pap janm fè sèvitè li yo mal.
Detriksyon Gran Babilòn nan
se kòmansman etap
Jezi te rele “gwo tribilasyon an”.
Apre fo relijyon yo fin detwi,
ki sa k ap pase apre?
Liv Ezekyèl lan fè konnen
nasyon yo t apral atake pèp Jewova a,
y ap vini tankou “yon gwo lame”,
“menm jan ak nyaj ki kouvri
yon peyi”.
Men, se pa premye fwa
sistèm politik la kanpe
kont Jewova e kont pèp li a.
Anpil nasyon vrèman opoze
ak vrè adorasyon an.
Yo entèdi reyinyon nou yo
ak travay predikasyon nou an,
yo mete nan prizon,
jèn kou granmoun,
poutèt nou gen Bib
e n ap pale de Bondye.
Yo konsidere sa kòm yon krim.
Gen kèk nan frè ak sè nou yo,
yo maltrete yo pou lafwa yo.
Men,
toutotan Jewova pèmèt
gouvènman lèzòm
yo dirije sou nou,
n ap respekte yo.
E se pa tout gouvènman yo
ki opoze avè n.
Aktout sa, gouvènman lezòm yo
fè Jewova fache.
Gouvènman lèzòm yo
panse yo ka pi byen dirije
pase “Wa tout wa yo,
Seyè tout seyè yo”,
ki se Jezi Kris.
Ala yo awogan!
Pa gen dout,
yonfwa pisans politik yo
atake pèp Bondye a,
Jezi ap pase alaksyon.
Nan Revelasyon chapit 19,
nou kapab wè aksyon Jezi pral fè
kont Pisans anglo-ameriken an,
yo rele “fo pwofèt” la
e kont tout rès sistèm politik la,
yo rele “wa latè yo”
ak “bèt sovaj la”.
Annou kòmanse li apati Revelasyon 19:11.
Mwen wè syèl la ouvè,
e mwen wè
yon cheval blan parèt.
Yo rele moun ki chita sou li a
Fidèl e Veridik,
e se avèk jistis li jije e li fè lagè.
Je l se yon flanm dife,
e li gen anpil kouwòn sou tèt li.
Li gen yon non ki ekri sou li
pèsonn pa konnen, sof li menm.
Li abiye ak yon rad
ki gen tach san sou li,
e yo rele l Pawòl Bondye.
Epitou, lame nan syèl la
t ap suiv li sou cheval blan,
yo te abiye ak rad blan ki pwòp
e ki fèt ak len bon kalite.
Li gen yon epe long byen file
ki sot nan bouch li
pou l ka frape nasyon yo,
e li pral dirije yo ak yon baton fè.
Epitou,
l ap pilonnen rezen
ki nan près diven
ki reprezante gwo kòlè Bondye a,
li menm ki Toupisan an.
Li gen yon non ki ekri sou rad li,
wi, sou kuis li:
Wa tout wa, Seyè tout seyè.
Epitou, mwen wè yon zanj
ki kanpe nan solèy la,
li di tout zwazo k ap vole
nan mitan syèl la byen fò:
Vin isit, vin rasanble
pou festen Bondye a,
pou nou ka manje kò wa yo,
kò kòmandan yo,
kò gason vanyan yo,
kò cheval yo
ak kò moun ki chita sou yo,
kò tout moun, ni sa ki an libète
ni sa ki esklav, ni piti ni gran.
Epi, mwen wè bèt sovaj la
ansanm ak wa latè yo
ak lame yo genyen yo
ki rasanble pou fè lagè
ak moun ki chita sou cheval la
e avèk lame l la.
Yo met men sou bèt sovaj la
ansanm ak fo pwofèt la
ki t ap reyalize siy devan l,
siy li te sèvi
pou l twonpe ni moun
ki resevwa mak bèt sovaj la,
ni moun ki adore estati bèt la.
E yo voye toule de jete tou vivan
nan letan dife ki gen souf la.
Men, moun ki te chita
sou cheval la
touye rès moun yo
ak epe long li an,
epe ki t ap sot nan bouch li a.
E vant tout zwazo yo
te plen ak kò moun sa yo.
Se sèlman Kris Jezi
ki kalifye pou dirije lame yo
nan syèl la
nan batay Amagedon an!
Kounye a, fo relijyon an
gentan detwi,
Jezi Kris pral konsantre l
sou rès monn Satan an,
sa vle di sistèm politik la
ak sistèm komèsyal la.
Li pral frape e li pral detwi
tout moun ki opoze
ak vrè adorasyon an.
Men, gen ènmi vrè adorasyon an
k ap toujou la.
Kiyès yo ye,
e ki sa Jezi pral fè avèk yo?
Annou suiv ansanm Revelasyon 20:1-3.
Epi, mwen wè yon zanj
k ap desann sot nan syèl la,
e li gen kle twou san fon an
nan men l
ansanm ak yon gwo chenn.
Li met men sou dragon an,
premye sèpan an,
li menm ki Dyab la e ki Satan an,
li mare l pou 1 000 an.
Epi, li pimpe l
nan twou san fon an,
li fèmen l ladan l,
e li poze sele sou twou a,
dekwa pou dragon an
pa twonpe nasyon yo ankò
jiskaske 1 000 an an fini.
Apre sa, y ap lage l
pou yon tikras tan.
Kiyès ki gen kle
“twou san fon an”?
Pa gen dout, se Jezi Kris,
moun yo te anonse
ki pral kraze tèt Satan an.
Se Jezi ki pral elimine
tout ènmi Bondye yo,
sa gen ladan pi gwo ènmi an,
Satan.
Li pral lage l
nan twou san fon an.
Jezi pap sèlman lage l ladan l,
men l ap pimpe l ladan l.
Se yon gwo soulajman!
Apre lagè Amagedon an fini,
Wayòm Bondye a pral travay
pou fè tè a vin jan Jewova te vle
depi okòmansman an.
Moun ki te fidèl avèk Jewova yo
ap la lè gwo bagay sa yo ap fèt.
Annou wè youn ladan yo.
N ap kòmanse nan Revelsyon 20:12.
Epi, mwen wè mò yo,
gran kou piti,
ki kanpe devan twòn nan,
e gen woulo ki te ouvè.
Men, gen yon lòt woulo
ki te ouvè, se te woulo lavi a.
Yo jije mò yo selon aksyon yo,
dapre bagay ki ekri nan woulo a.
E lanmè a rann mò li te gen ladan l,
lanmò ak Tonm nan rann mò
yo te gen nan yo,
epi, yo jije yo chak apa
selon aksyon yo.
Apre sa,
yo lage lanmò ak Tonm nan
nan letan dife a.
Letan dife a reprezante
dezyèm lanmò a.
Selon vèsè 4 la,
Jewova ki se pi gwo Jij la,
bay Jezi ansanm ak
moun ki pral dirije avè l yo
“pouvwa pou yo jije”.
Ki moun yo pral jije?
Se pa sèlman gwo foul moun
nan ki te pase Amagedon vivan,
men tou, plizyè milya moun
ki te mouri ki pral resisite!
E nan fen Rèy mil an an,
finalman, lanmò pral disparèt.
Y ap lage l “nan letan dife a”,
menm jan ak yon moso papye
yo lage nan yon founez dife
ki byen limen.
Ki jan lavi a pral ye
lè Wayòm Bondye a pral dirije?
Se pa ti renmen nou renmen
pwomès ki nan Revelasyon 21:4 la:
“[Bondye] ap siye tout dlo
nan je yo,
pap gen lanmò ankò,
e moun pap nan lapenn ankò
akoz moun pa yo ki mouri.
Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”!
Fè yon ti reflechi sou sa
sa pral vle di.
Moun ki soud yo pral tande,
yo pral tande bri lapli
k ap tonbe tou dousman,
moun k ap ri,
zwazo k ap chante
ak bèl ti mizik.
Moun ki avèg yo pral wè,
y ap kontan gade
epi egzamine syèl la,
y ap pran plezi gade lakansyèl yo.
Y ap gade bèt yo
ak timoun yo k ap jwe.
Bondye pral fè anpil mirak
pou geri lèzòm sou tout tè a.
Moun ki andikape yo
pral mache nan forè,
yo pral grenpe mòn
e yo pral kouri nan sab bò lamè.
Pap gen grangou,
ni maladi ak enjistis.
Pa gen moun k ap fè moun mal.
Tout moun pral viv
ak yon sante ki pafè
e y ap viv an sekirite
e ak kè kontan,
e y ap viv konsa pou toutan.
Pran tan pou w byen reflechi
sou pwomès sa yo.
Sèvi ak imajinasyon w!
Annou fini pandan n ap li
pasaj sa a
nou jwenn nan dènye chapit
liv Revelasyon an,
chapit 22,
kote yo pale sou lòt benediksyon
wa ki jis ki pral dirije yo
pral pote pou tè a.
Epi, li montre m yon rivyè dlo lavi,
klè kou kristal, k ap koule sot
nan twòn Bondye a
ak nan twòn Ti Mouton an
al nan mitan gran wout vil la.
Sou toule de bò rivyè a,
gen yon seri pyebwa ki bay lavi
e ki bay 12 rekòt fwi,
yo bay fwi chak mwa.
E fèy pyebwa yo te la
pou geri nasyon yo.
E pap gen malediksyon
sou vil la menm ankò.
Okontrè,
twòn Bondye a
ak twòn Ti Mouton an
pral nan vil la,
e esklav Bondye yo
pral ba l yon sèvis sakre.
Y ap wè figi l, e non l
pral ekri sou fwon yo.
Epitou, pap gen lannuit ankò,
yo pap bezwen ni limyè lanp
ni limyè solèy la pou klere yo,
paske Jewova Dye pral klere yo,
e yo pral dirije antanke wa
pou tout tan gen tan.
Li di m:
“Pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.
Wi, Jewova, Bondye ki enspire pwofèt yo,
voye yon zanj li montre esklav li yo
bagay ki gen pou rive talè konsa.
Gade! M ap vini byen vit.
Byennere moun ki obeyi
pawòl ki nan pwofesi
ki nan woulo sa a.
Èske w pa ka tann
pou w adore Jewova
ak yon sante ki pafè,
anba yon dominasyon ki san defo
e nan yon monn ki san peche?
Wa nou an pa ka tann jou sa a rive tou!
Zanj lan di Jan bagay sa yo
“gen pou rive talè konsa”.
Pandan li reprezante Jezi,
li di: “M ap vini byen vit.”
Nan monn nan jodi a, chaje pwoblèm,
men Jezi pral rezoud tout nèt.
Li anonse fo relijyon yo pral detwi.
Li pral detwi tout rès sistèm sa a
nan lagè Amagedon an.
Li pral mete Satan,
sèpan ki bay degoutans lan,
nan twou san fon an, l ap detwi l.
Epi apre sa, l ap detwi
“dènye ènmi” nou an, ki “se lanmò”.
Se sèten bagay sa yo pral fèt!
Si nou ta gen yon ti dout,
sonje pawòl zanj lan.
Li te di: “Pawòl sa yo fidèl
e yo se laverite.”
Ala yon bon nouvèl
pou nou tout k ap soutni
Wa nou an, Jezi Kris!
Wi, n ap di menm pawòl
apot Jan te di nan vèsè 20 an:
“Amèn! Vini non, Seyè Jezi.”
-