JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Samyèl la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Samyèl la
Nan ansyen kanon liv Ebre yo,
liv 1 Samyèl ak 2 Samyèl la te fè yon sèl.
Se pwofèt Gad ak pwofèt Natan
ki te fin ekri liv 1 Samyèl la
e se yo ki te ekri tout liv 2 Samyèl la.
Istwa a kouvri yon peryòd anviwon 37 an,
soti ane 1077 pou rive ozanviwon ane 1040
anvan epòk nou an lè yo te fin ekri liv la.
Liv 2 Samyèl la kòmanse
yon tikras tan apre lanmò wa Sayil,
e li fini yon tikras tan
anvan lanmò wa David
Liv la rakonte yon fason ki onèt
sa ki te pase nan vi prive David
pandan l t ap fè efò
pou l suiv Jewova ak tout kè l.
Nan chapit 1 an,
David resevwa yon nouvèl trajik,
Sayil ak pitit gason l lan Jonatan
te mouri nan batay.
Pandan David te nan gwo lapenn,
li te konpoze yon chante ki tris
e li te rele l “Banza a”.
Rès liv 2 Samyèl la ka divize an 2 seksyon.
Chapit 2 rive nan chapit 4
pale de rèy David sou Jida.
Chapit 5 rive nan chapit 24
pale de rèy David sou tout Izrayèl.
Nan chapit 2 a, David ale Ebwon kote
yo fè l vin wa sou tribi Jida a.
Pandan tan sa a, Abnè, chèf lame Sayil la,
mete Ichbochèt, pitit gason Sayil wa sou lòt tribi yo.
Sepandan, nan chapit 3 ak chapit 4 la,
yo touye Abnè ak Ichbochèt,
e nan chapit annapre a,
pèp la fè David vin wa sou tout Izrayèl.
David te pran fòtrès moun Jebis yo ki te nan Siyon
e li deplase kapital li a ki te Ebwon al nan vil sa a.
Yo te vin konnen Siyon tou kòm Vil David la.
Nan chapit 6 la, David te fè yo mennen
Lach alyans lan Jerizalèm.
Nan chapit 7 la, David di Natan li ta renmen
bati yon kay oswa yon tanp pou Jewova.
Men se yon pitit gason wa a
t apral gen annapre Bondye bay privilèj la.
Sepandan, akoz lanmou Jewova gen pou David,
li te fè yon alyans avè l
pou yon wayòm k ap dire pou toutan.
Chapit 8 ak chapit 10 pale de viktwa
David te ranpòte sou moun Amalèk yo,
moun Mowab yo, moun Filisti yo ak lòt ènmi ankò.
Chapit 11 lan mennen nou
nan youn nan peryòd ki pi sonm nan lavi David.
Li komèt adiltè ak Batcheba,
Batcheba vin ansant,
e David te fè touye Ouri,
mari Batcheba nan batay.
Nan chapit 12, Natan, anba direksyon
Jewova reprimande David.
Li fè konnen tou kalamite t apral
tonbe sou fanmi David,
e pitit batcheba a t apral mouri.
Kounye a, Batcheba ki vin madanm David
te vin ansent ankò, e li te fè salomon.
Nan chapit 13 rive nan chapit 18,
Kalamite yo te predi yo
te kòmanse tonbe sou fanmi David.
Absalon, pitit gason David,
te fè yon soulèvman pou l pran twòn nan,
e David te oblije kouri kite Jerizalèm.
Nan chapit 18 la, mesye David yo
te ranpòte laviktwa sou Absalon,
e Jowab te touye Absalon.
Èske w te konnen?
Liv 2 Samyèl la montre avèk fòs
jan yo ekri Bib la yon fason ki onèt.
Yo devwale aklè erè menm moun
ki te pi gwo dirijan ann Izrayèl yo,
epitou, nou wè ki jan moun ki repanti toutbon
ka jwenn padon toutpandan
y ap rekòlte sa yo te simen.
Nan chapit 23 a, avèk imilite,
men sa David te rekonèt:
“Jewova te mete lespri l sou mwen pou m pale.
Pawòl li te sou lang mwen.”
Nan chapit 24 la,
David te deside fè yon resansman.
Move aksyon sa a te fè Jewova an kolè,
e li te lage yon flewo sou pèp la.
Anba direksyon pwofèt Gad,
David achte kote yo bat manje angren
ki pou Awona, moun Jebis la,
li bati yon lotèl la e li ofri Bondye sakrifis.
Sou lòd Jewova, flewo ki te tonbe
sou pèp Izrayèl la te sispann.
Pandan w ap li liv 2 Samyèl la,
gade ki jan pwofèt Bondye yo
te ekri istwa pèp Izrayèl la yon fason ki onèt,
gade ki jan peche ka mennen
nan konsekans ki trajik,
epi gade ki pwomès Bondye te fè David
pou yon wayòm k ap dire pou toutan,
yon pwomès ki te reyalize sou Jezi Kris,
pitit David la, li menm ki wa nan Wayòm Bondye a.