00:00:01
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jenèz la.00:00:05
00:00:06
Moyiz te fin ekri liv Jenèz la00:00:09
00:00:09
nan ane 1513 anvan epòk
nou an, nan dezè Sinayi.00:00:13
00:00:13
Moyiz te fèt nan ane 1593
anvan epòk nou an.00:00:17
00:00:17
Moyiz te yon pwofèt00:00:19
00:00:19
yon dirijan,00:00:20
00:00:20
yon jij,00:00:22
00:00:22
yon istoryen00:00:23
00:00:23
e yon medyatè.00:00:24
00:00:25
Li te ekri 5 premye liv nan
Bib la yo rele Penntatek,00:00:29
00:00:30
liv Jòb la tou,00:00:31
00:00:31
Sòm 90,00:00:33
00:00:33
e petèt, Sòm 91.00:00:36
00:00:37
Mo jenèz la vle di kòmansman,
oubyen nesans.00:00:41
00:00:42
Liv la esplike ki jan linivè
te kòmanse00:00:45
00:00:45
ak fason Bondye te prepare tè a
pou lèzòm viv sou li.00:00:49
00:00:50
Istwa a esplike tou00:00:51
00:00:51
fason Izrayelit yo te vin egziste
antanke yon nasyon00:00:55
00:00:55
ak fason yo te vin anpil
ann Ejip00:00:57
00:00:57
jiska lanmò Jozèf nan ane
1657 anvan epòk nou an.00:01:01
00:01:02
Liv Jenèz la gen
50 chapit ladan l.00:01:05
00:01:06
Chapit 1 ak chapit 2 a montre00:01:09
00:01:09
kòman nan 6 jou,
oubyen peryòd,00:01:11
00:01:11
Bondye te prepare tè a
pou lèzòm.00:01:14
00:01:14
E apre, li te kreye premye
gason an ak premye fi a:00:01:18
00:01:18
Adan ak Èv.00:01:20
00:01:21
Yo te dwe plen tè a ak moun
e gen pouvwa sou li,00:01:24
00:01:24
e yo te gen posiblite pou
yo viv pou toutan.00:01:27
00:01:28
Nan chapit 3 a, nou aprann
yon sèpan te tante Èv00:01:32
00:01:32
e pouse l dezobeyi Bondye.00:01:34
00:01:34
Adan te suiv li nan
dezobeyisans li a,00:01:37
00:01:37
konsa, peche ak lanmò te vin
ap domine sou tout moun.00:01:41
00:01:41
Nan chapit 6 la,00:01:43
00:01:43
nou aprann gen zanj mechan
ki te pran fòm kò moun00:01:46
00:01:46
ki te marye ak kèk medam00:01:48
00:01:48
e ki te fè yon seri pitit brital
ki te rele Nefilim.00:01:52
00:01:52
Te vin gen anpil mechanste00:01:54
00:01:54
e Bondye te deside detwi
tout moun00:01:57
00:01:57
pa mwayen yon gwo delij.00:01:59
00:02:00
Sepandan, Noye te gen
favè Bondye.00:02:03
00:02:03
Li te di l pou l bati yon lach00:02:05
00:02:05
pou l ka sove fanmi l
ak divès kalite bèt.00:02:08
00:02:11
Nan chapit 10 ak chapit 11,00:02:13
00:02:13
nou aprann apre Delij la,00:02:15
00:02:15
moun yo te kòmanse bati yon
vil ak yon gwo gwo bilding.00:02:19
00:02:19
Sa te kont objektif Bondye
pou lèzòm ranpli tè a.00:02:23
00:02:23
Men, Bondye te bwouye lang yo
e li te gaye yo sou tout tè a.00:02:28
00:02:29
Chapit 11 rive nan chapit 25,00:02:31
00:02:31
pale plis de Abraram,00:02:33
00:02:33
yon moun ki te gen
yon gwo lafwa.00:02:35
00:02:36
Nan chapit 12 la, Jewova
te mande Abraram,00:02:39
00:02:39
ki te rele Abram lè sa a,00:02:41
00:02:41
pou l ale nan peyi kote l
t ap vin yon gwo nasyon,00:02:44
00:02:45
e li t ap fè tout pèp yo
jwenn benediksyon.00:02:49
00:02:50
Nan chapit 15 lan,00:02:52
00:02:52
Jewova mande Abram pou l
‘leve je l gad syèl la,00:02:55
00:02:55
e pou l konte zetwal yo
si l kapab’.00:02:58
00:02:58
Epi, Bondye di l:00:02:59
00:02:59
“Se konsa desandan w yo
pral ye.”00:03:01
00:03:02
Èske w te konnen?00:03:03
00:03:04
Liv Jenèz la bay tèm
tout Bib la ki se:00:03:08
00:03:08
Jewova ap jistifye dwa li genyen
pou l dirije a00:03:12
00:03:12
e l ap reyalize objektif li gen
pou tè a ak lèzòm,00:03:15
00:03:15
grasa Wayòm li an,00:03:17
00:03:17
yon desandan ki t ap
gen pou vini t ap dirije l.00:03:20
00:03:21
Se nan Jenèz 3:1500:03:23
00:03:23
yo te premye anonse
desandan sa a00:03:25
00:03:25
ak sa l t ap gen pou l fè.00:03:27
00:03:27
Liv Revelasyon an montre00:03:29
00:03:29
kòman desandan sa a ap kraze
premye sèpan an, Satan,00:03:33
00:03:33
e l ap pote benediksyon
yo te pwomèt yo00:03:36
00:03:36
pou tout moun ki obeyisan.00:03:37
00:03:39
Nan chapit 19 la,00:03:41
00:03:41
nou aprann Bondye te detwi
Sodòm ak Gomò00:03:44
00:03:44
ak vil ki ozalantou yo00:03:46
00:03:46
akoz yo te vrèman imoral.00:03:49
00:03:51
Nan chapit 22 a,00:03:52
00:03:52
Jewova mande Abraram pou l
sakrifye pitit gason l lan, Izarak.00:03:57
00:03:58
Men, pandan Abraram t apral
fè sa, Jewova te kanpe l00:04:02
00:04:02
e l te repete pwomès
li te fè anvan sa00:04:05
00:04:05
konsènan desandan Abraram
t apral genyen an.00:04:08
00:04:09
Soti nan chapit 24 rive
nan chapit 50,00:04:12
00:04:12
yo pale anpil sou Izarak,00:04:15
00:04:15
de jimo l yo, Jakòb ak Ezawou,00:04:17
00:04:17
ansanm ak Jozèf,
pitit gason Jakòb.00:04:20
00:04:20
Izarak beni Jakòb.00:04:22
00:04:22
Annapre, Jakòb al Padanaram,
yon kote byen lwen.00:04:26
00:04:26
Nan zòn sa a, Leya, Rachèl,
ansanm ak de sèvant medam yo00:04:31
00:04:31
fè anpil pitit pou Jakòb,00:04:33
00:04:33
sa ki gen ladan l 11 pitit gason.00:04:36
00:04:36
Annapre, Jakòb retounen Kanaran00:04:39
00:04:39
kote Bondye chanje non l,
li rele l Izrayèl,00:04:42
00:04:42
e se kote sa a tou, Rachèl
fè 12yèm pitit Jakòb la.00:04:47
00:04:47
Soti nan chapit 37 rive
nan chapit 41,00:04:51
00:04:51
yo rapòte nou ki jan lè Jozèf,
pitit Jakòb la, te gen 17 an,00:04:55
00:04:55
frè l yo te vann li, e konsa Jozèf
vin esklav Potifa,00:04:59
00:04:59
yon moun ki gen gwo pozisyon
nan palè Farawon.00:05:02
00:05:02
Kèk tan apre,00:05:03
00:05:03
madan Potifa eseye sedui
Jozèf, men l pa reyisi.00:05:07
00:05:07
Li akize Jozèf kòmkwa
Jozèf t ap vyole l,00:05:10
00:05:10
e yo lage Jozèf nan prizon.00:05:12
00:05:13
Lè Jozèf gen 30 an
e l toujou nan prizon,00:05:16
00:05:16
avèk èd lespri Bondye,00:05:18
00:05:18
li fè Farawon konnen
sans rèv li yo.00:05:20
00:05:21
Kòm rezilta, yo libere
Jozèf nan prizon 00:05:24
00:05:24
e yo mete l alatèt
tout peyi Ejip.00:05:27
00:05:27
Soti nan chapit 42 rive
nan chapit 47,00:05:31
00:05:31
fanmi Jozèf yo vin jwenn li
nan peyi Ejip00:05:34
00:05:34
e se la yo abite kòm etranje.00:05:36
00:05:37
Nan chapit 49 la,00:05:39
00:05:39
nou jwenn pwofesi
Jakòb te bay00:05:41
00:05:41
konsènan pitit gason l yo
lè l t apral mouri.00:05:44
00:05:45
Desandans yo te pwomèt la
t ap soti nan liy fanmi Jida a,00:05:48
00:05:48
li se Chilo, se li menm
pèp yo ap obeyi. 00:05:52
00:05:54
Pandan w ap li liv Jenèz la,00:05:56
00:05:56
note ki jan li esplike kote
soufrans lèzòm soti,00:06:00
00:06:01
gade kòman e pou ki sa
yon seri patriyach00:06:05
00:06:05
te jwenn favè ak
benediksyon Bondye.00:06:08
00:06:08
Epi, egzamine fason pwomès
Bondye te fè gason fidèl sa yo00:06:12
00:06:12
pral reyalize pa mwayen
Jezi Kris,00:06:15
00:06:15
wa nan Wayòm Bondye a.00:06:17
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jenèz la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jenèz la
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jenèz la.
Moyiz te fin ekri liv Jenèz la
nan ane 1513 anvan epòk
nou an, nan dezè Sinayi.
Moyiz te fèt nan ane 1593
anvan epòk nou an.
Moyiz te yon pwofèt
yon dirijan,
yon jij,
yon istoryen
e yon medyatè.
Li te ekri 5 premye liv nan
Bib la yo rele Penntatek,
liv Jòb la tou,
Sòm 90,
e petèt, Sòm 91.
Mo jenèz la vle di kòmansman,
oubyen nesans.
Liv la esplike ki jan linivè
te kòmanse
ak fason Bondye te prepare tè a
pou lèzòm viv sou li.
Istwa a esplike tou
fason Izrayelit yo te vin egziste
antanke yon nasyon
ak fason yo te vin anpil
ann Ejip
jiska lanmò Jozèf nan ane
1657 anvan epòk nou an.
Liv Jenèz la gen
50 chapit ladan l.
Chapit 1 ak chapit 2 a montre
kòman nan 6 jou,
oubyen peryòd,
Bondye te prepare tè a
pou lèzòm.
E apre, li te kreye premye
gason an ak premye fi a:
Adan ak Èv.
Yo te dwe plen tè a ak moun
e gen pouvwa sou li,
e yo te gen posiblite pou
yo viv pou toutan.
Nan chapit 3 a, nou aprann
yon sèpan te tante Èv
e pouse l dezobeyi Bondye.
Adan te suiv li nan
dezobeyisans li a,
konsa, peche ak lanmò te vin
ap domine sou tout moun.
Nan chapit 6 la,
nou aprann gen zanj mechan
ki te pran fòm kò moun
ki te marye ak kèk medam
e ki te fè yon seri pitit brital
ki te rele Nefilim.
Te vin gen anpil mechanste
e Bondye te deside detwi
tout moun
pa mwayen yon gwo delij.
Sepandan, Noye te gen
favè Bondye.
Li te di l pou l bati yon lach
pou l ka sove fanmi l
ak divès kalite bèt.
Nan chapit 10 ak chapit 11,
nou aprann apre Delij la,
moun yo te kòmanse bati yon
vil ak yon gwo gwo bilding.
Sa te kont objektif Bondye
pou lèzòm ranpli tè a.
Men, Bondye te bwouye lang yo
e li te gaye yo sou tout tè a.
Chapit 11 rive nan chapit 25,
pale plis de Abraram,
yon moun ki te gen
yon gwo lafwa.
Nan chapit 12 la, Jewova
te mande Abraram,
ki te rele Abram lè sa a,
pou l ale nan peyi kote l
t ap vin yon gwo nasyon,
e li t ap fè tout pèp yo
jwenn benediksyon.
Nan chapit 15 lan,
Jewova mande Abram pou l
‘leve je l gad syèl la,
e pou l konte zetwal yo
si l kapab’.
Epi, Bondye di l:
“Se konsa desandan w yo
pral ye.”
Èske w te konnen?
Liv Jenèz la bay tèm
tout Bib la ki se:
Jewova ap jistifye dwa li genyen
pou l dirije a
e l ap reyalize objektif li gen
pou tè a ak lèzòm,
grasa Wayòm li an,
yon desandan ki t ap
gen pou vini t ap dirije l.
Se nan Jenèz 3:15
yo te premye anonse
desandan sa a
ak sa l t ap gen pou l fè.
Liv Revelasyon an montre
kòman desandan sa a ap kraze
premye sèpan an, Satan,
e l ap pote benediksyon
yo te pwomèt yo
pou tout moun ki obeyisan.
Nan chapit 19 la,
nou aprann Bondye te detwi
Sodòm ak Gomò
ak vil ki ozalantou yo
akoz yo te vrèman imoral.
Nan chapit 22 a,
Jewova mande Abraram pou l
sakrifye pitit gason l lan, Izarak.
Men, pandan Abraram t apral
fè sa, Jewova te kanpe l
e l te repete pwomès
li te fè anvan sa
konsènan desandan Abraram
t apral genyen an.
Soti nan chapit 24 rive
nan chapit 50,
yo pale anpil sou Izarak,
de jimo l yo, Jakòb ak Ezawou,
ansanm ak Jozèf,
pitit gason Jakòb.
Izarak beni Jakòb.
Annapre, Jakòb al Padanaram,
yon kote byen lwen.
Nan zòn sa a, Leya, Rachèl,
ansanm ak de sèvant medam yo
fè anpil pitit pou Jakòb,
sa ki gen ladan l 11 pitit gason.
Annapre, Jakòb retounen Kanaran
kote Bondye chanje non l,
li rele l Izrayèl,
e se kote sa a tou, Rachèl
fè 12yèm pitit Jakòb la.
Soti nan chapit 37 rive
nan chapit 41,
yo rapòte nou ki jan lè Jozèf,
pitit Jakòb la, te gen 17 an,
frè l yo te vann li, e konsa Jozèf
vin esklav Potifa,
yon moun ki gen gwo pozisyon
nan palè Farawon.
Kèk tan apre,
madan Potifa eseye sedui
Jozèf, men l pa reyisi.
Li akize Jozèf kòmkwa
Jozèf t ap vyole l,
e yo lage Jozèf nan prizon.
Lè Jozèf gen 30 an
e l toujou nan prizon,
avèk èd lespri Bondye,
li fè Farawon konnen
sans rèv li yo.
Kòm rezilta, yo libere
Jozèf nan prizon
e yo mete l alatèt
tout peyi Ejip.
Soti nan chapit 42 rive
nan chapit 47,
fanmi Jozèf yo vin jwenn li
nan peyi Ejip
e se la yo abite kòm etranje.
Nan chapit 49 la,
nou jwenn pwofesi
Jakòb te bay
konsènan pitit gason l yo
lè l t apral mouri.
Desandans yo te pwomèt la
t ap soti nan liy fanmi Jida a,
li se Chilo, se li menm
pèp yo ap obeyi.
Pandan w ap li liv Jenèz la,
note ki jan li esplike kote
soufrans lèzòm soti,
gade kòman e pou ki sa
yon seri patriyach
te jwenn favè ak
benediksyon Bondye.
Epi, egzamine fason pwomès
Bondye te fè gason fidèl sa yo
pral reyalize pa mwayen
Jezi Kris,
wa nan Wayòm Bondye a.
-