00:00:00
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Wa a.00:00:04
00:00:07
Okòmansman, liv 1 Wa ak 2 Wa a
te fè yon sèl, epi annapre yo te vin fè yo fè de.00:00:13
00:00:13
Se Jeremi yo panse ki te ekri liv la.00:00:16
00:00:17
Liv 1 Wa a kontinye kote li 2 Samyèl la fini.00:00:20
00:00:21
Istwa a kouvri yon peryòd anviwon 129 an,00:00:24
00:00:24
kòmanse ozanviwon ane 1040 anvan epòk
nou an, nan moman David t apral mouri 00:00:30
00:00:30
pou rive ozanviwon ane 911 anvan epòk
nou an lè wa Jozafa mouri.00:00:35
00:00:36
Nan premye pati liv la, apre lanmò wa David,00:00:39
00:00:40
pèp Izrayèl la te jwi lapè
ak pwosperite anba rèy Salomon an.00:00:43
00:00:44
Nan dezyèm pati a,
fo adorasyon antre nan peyi a,00:00:48
00:00:48
e peyi Israyèl te divize an de wayòm.00:00:51
00:00:54
Nan chapit 1 an,
yo chwazi Salomon kòm wa.00:00:57
00:00:58
Nan chapit 3 a,00:00:59
00:00:59
Jewova beni Salomon lè l ba l yon sajès
estwawòdinè ansanm ak richès ak glwa.00:01:05
00:01:07
Nan chapit 4 la, pèp Bondye a
pwospere anba rèy Salomon an.00:01:12
00:01:14
Chapit 5 rive nan chapit 8 pale de konstriksyon tanp lan,00:01:17
00:01:18
fabrikasyon veso tanp lan
ak priyè inogirasyon Salomon te fè a.00:01:22
00:01:23
Nan chapit 10 la, rèn Cheba a tande pale de Salomon00:01:27
00:01:27
e li vwayaje al Jerizalèm pou l rankontre l.00:01:29
00:01:30
Lè l fin wè sajès ak pwosperite wa a, li di:00:01:33
00:01:34
“Sa m te tande a pa ka parèt devan sa m wè a.’’00:01:37
00:01:40
Nan chapit 11 lan, Salomon dezobeyi Jewova
lè l te “renmen yon pakèt fi etranje”.00:01:46
00:01:46
Tikras pa tikras, medam sa yo ki pa t ap sèvi
Jewova te rale Salomon fè l al adore lòt dye,00:01:52
00:01:53
sa gen ladan l Achtorèt ak Milkòm.00:01:55
00:01:56
Salomon te fè 40 an ap dirije, apre sa li mouri
e pitit gason l, Wobowam te monte sou twòn nan.00:02:02
00:02:03
Nan chapit 12 la, Wobowam fè konnen
l ap mete sou chay ki te deja lou sou do pèp la.00:02:09
00:02:09
Dis tribi revòlte e yo mete Jewobowam wa yo.00:02:13
00:02:14
Wobowam te rete sèlman ak tribi Jida a
ansanm ak tribi Benjamen an.00:02:18
00:02:19
Jewobowam te mete adorasyon ti bèf annò a sou pye,00:02:22
00:02:22
pou l dekouraje moun li t ap dirije yo
pou y al adore Jerizalèm.00:02:25
00:02:26
Idolatri te antre nan wayòm nò a,
sa ki te lakòz yo toupizi pèp la,00:02:32
00:02:32
y ap goumen pou pouvwa e yo fè zak asasinay.00:02:35
00:02:36
Nan chapit 14 ak chapit 15 lan,00:02:38
00:02:38
Woboram ak Abijam pitit gason l ki te vin apre l00:02:42
00:02:42
te kite fo adorasyon pran rasin nan wayòm sid la.00:02:45
00:02:47
Èske w te konnen?00:02:48
00:02:49
Anviwon 33 an apre Salomon te fin inogire tanp lan,00:02:53
00:02:53
Jewova te kite Farawon Chichak piye trezò tanp lan.00:02:56
00:02:58
Sa ki montre Jewova pa pran plezi
nan gwo kay ki enpresyonan,00:03:02
00:03:02
men li pran plezi nan vrè adorasyon an.00:03:05
00:03:07
Nan chapit 15 lan,00:03:09
00:03:09
Aza te vin wa nan Jerizalèm,
e li te fè sa ki dwat nan je Bondye.00:03:13
00:03:14
Jozafa, pitit gason l lan ki te vin wa
annnapre te imite bèl egzanp li.00:03:19
00:03:20
Chapit annapre a pale de
yon seri wa mechan nan wayòm nò a,00:03:24
00:03:25
sa gen ladan l Ahab ki te marye ak yon prensès
ki pa t ap sèvi Jewova ki rele Jezabèl.00:03:30
00:03:30
Li menm ak mari l te antre
ak adorasyon Baal nan wayòm nan.00:03:34
00:03:35
Nan chapit 18 la,00:03:36
00:03:36
pwofèt Eli te pwopoze
moun yo yon tès sou mòn Kamèl,00:03:40
00:03:40
pou fè konnen kiyès ki vrè Dye a,
si se Jewova oswa Baal.00:03:44
00:03:44
Jewova te montre se li menm ki vrè Dye a.00:03:47
00:03:49
Nan chapit 19 la,00:03:50
00:03:51
Eli te kouri pou sove lavi l
lè l te tande yon menas lanmò Jezabèl te fè l00:03:55
00:03:56
Jewova te parèt devan Eli sou mòn Orèb,00:03:58
00:03:59
e li te rekonfòte l ak “yon vwa ki kalm ki te byen ba”.00:04:02
00:04:03
E li bay Eli lòt asiyasyon anplis.00:04:05
00:04:06
Nan dènye chapit la,00:04:07
00:04:08
Ahab pa koute avètisman
pwofèt Mikaya te ba l pou l pa al batay ak Siri.00:04:12
00:04:13
Kòm rezilta yo touye Ahab nan batay la.00:04:16
00:04:17
Pitit gason l lan Ahazya te monte
sou twòn nan ann Izrayèl.00:04:20
00:04:21
Annapre Jozafa mouri tou00:04:23
00:04:24
e pitit gason l, Jeworam vin wa nan Jida.00:04:27
00:04:30
Pandan w ap li liv 1 Wa a,00:04:32
00:04:32
gade ki jan fo adorasyon an
mennen nan gwo soufrans,00:04:35
00:04:36
gade ki jan vrè adorasyon an
fè gen lapè ak kè kontan,00:04:40
00:04:40
epi nou ka jwenn konsolasyon lè nou konnen00:04:43
00:04:43
sajès Salomon an pa ka parèt devan sajès Jezi a,00:04:47
00:04:47
Wa ki pa ka kòwonpi a, li menm
ki Wa nan Wayòm Bondye a.00:04:51
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Wa a
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Wa a
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Wa a.
Okòmansman, liv 1 Wa ak 2 Wa a
te fè yon sèl, epi annapre yo te vin fè yo fè de.
Se Jeremi yo panse ki te ekri liv la.
Liv 1 Wa a kontinye kote li 2 Samyèl la fini.
Istwa a kouvri yon peryòd anviwon 129 an,
kòmanse ozanviwon ane 1040 anvan epòk
nou an, nan moman David t apral mouri
pou rive ozanviwon ane 911 anvan epòk
nou an lè wa Jozafa mouri.
Nan premye pati liv la, apre lanmò wa David,
pèp Izrayèl la te jwi lapè
ak pwosperite anba rèy Salomon an.
Nan dezyèm pati a,
fo adorasyon antre nan peyi a,
e peyi Israyèl te divize an de wayòm.
Nan chapit 1 an,
yo chwazi Salomon kòm wa.
Nan chapit 3 a,
Jewova beni Salomon lè l ba l yon sajès
estwawòdinè ansanm ak richès ak glwa.
Nan chapit 4 la, pèp Bondye a
pwospere anba rèy Salomon an.
Chapit 5 rive nan chapit 8 pale de konstriksyon tanp lan,
fabrikasyon veso tanp lan
ak priyè inogirasyon Salomon te fè a.
Nan chapit 10 la, rèn Cheba a tande pale de Salomon
e li vwayaje al Jerizalèm pou l rankontre l.
Lè l fin wè sajès ak pwosperite wa a, li di:
“Sa m te tande a pa ka parèt devan sa m wè a.’’
Nan chapit 11 lan, Salomon dezobeyi Jewova
lè l te “renmen yon pakèt fi etranje”.
Tikras pa tikras, medam sa yo ki pa t ap sèvi
Jewova te rale Salomon fè l al adore lòt dye,
sa gen ladan l Achtorèt ak Milkòm.
Salomon te fè 40 an ap dirije, apre sa li mouri
e pitit gason l, Wobowam te monte sou twòn nan.
Nan chapit 12 la, Wobowam fè konnen
l ap mete sou chay ki te deja lou sou do pèp la.
Dis tribi revòlte e yo mete Jewobowam wa yo.
Wobowam te rete sèlman ak tribi Jida a
ansanm ak tribi Benjamen an.
Jewobowam te mete adorasyon ti bèf annò a sou pye,
pou l dekouraje moun li t ap dirije yo
pou y al adore Jerizalèm.
Idolatri te antre nan wayòm nò a,
sa ki te lakòz yo toupizi pèp la,
y ap goumen pou pouvwa e yo fè zak asasinay.
Nan chapit 14 ak chapit 15 lan,
Woboram ak Abijam pitit gason l ki te vin apre l
te kite fo adorasyon pran rasin nan wayòm sid la.
Èske w te konnen?
Anviwon 33 an apre Salomon te fin inogire tanp lan,
Jewova te kite Farawon Chichak piye trezò tanp lan.
Sa ki montre Jewova pa pran plezi
nan gwo kay ki enpresyonan,
men li pran plezi nan vrè adorasyon an.
Nan chapit 15 lan,
Aza te vin wa nan Jerizalèm,
e li te fè sa ki dwat nan je Bondye.
Jozafa, pitit gason l lan ki te vin wa
annnapre te imite bèl egzanp li.
Chapit annapre a pale de
yon seri wa mechan nan wayòm nò a,
sa gen ladan l Ahab ki te marye ak yon prensès
ki pa t ap sèvi Jewova ki rele Jezabèl.
Li menm ak mari l te antre
ak adorasyon Baal nan wayòm nan.
Nan chapit 18 la,
pwofèt Eli te pwopoze
moun yo yon tès sou mòn Kamèl,
pou fè konnen kiyès ki vrè Dye a,
si se Jewova oswa Baal.
Jewova te montre se li menm ki vrè Dye a.
Nan chapit 19 la,
Eli te kouri pou sove lavi l
lè l te tande yon menas lanmò Jezabèl te fè l
Jewova te parèt devan Eli sou mòn Orèb,
e li te rekonfòte l ak “yon vwa ki kalm ki te byen ba”.
E li bay Eli lòt asiyasyon anplis.
Nan dènye chapit la,
Ahab pa koute avètisman
pwofèt Mikaya te ba l pou l pa al batay ak Siri.
Kòm rezilta yo touye Ahab nan batay la.
Pitit gason l lan Ahazya te monte
sou twòn nan ann Izrayèl.
Annapre Jozafa mouri tou
e pitit gason l, Jeworam vin wa nan Jida.
Pandan w ap li liv 1 Wa a,
gade ki jan fo adorasyon an
mennen nan gwo soufrans,
gade ki jan vrè adorasyon an
fè gen lapè ak kè kontan,
epi nou ka jwenn konsolasyon lè nou konnen
sajès Salomon an pa ka parèt devan sajès Jezi a,
Wa ki pa ka kòwonpi a, li menm
ki Wa nan Wayòm Bondye a.
-