00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Wa a00:00:05
00:00:06
Yo fè konnen se Jeremi ki te ekri liv 2 Wa a,
e li kòmanse kote liv 1 Wa a fini.00:00:11
00:00:13
Istwa a kouvri anviwon 340 ane,00:00:15
00:00:15
soti ane 920 rive ane 580 anvan
epòk nou an lè yo te fin ekri liv la.00:00:21
00:00:22
Liv la dekri fason ni Izrayèl ni Jida
te degrengole nan domèn espirityèl00:00:27
00:00:27
jiskaske yo te mennen
toude wayòm yo ann egzil.00:00:30
00:00:33
Nan chapit 2 a,
yon van tanpèt monte ak Eli.00:00:37
00:00:38
Elize, sèvitè l la, kontinye travay la.00:00:42
00:00:43
Nan chapit 4 ak chapit 5,
Elize resisite pitit gason dam Chounèm nan.00:00:48
00:00:49
Epitou, pa mwayen yon mirak,00:00:50
00:00:50
Elize te sèvi ak 20 moso pen ansanm ak yon sak
ki gen manje angren pou l bay 100 moun manje,00:00:56
00:00:56
epi li te geri Naaman, chèf
lame peyi Siri a ki te gen lèp.00:01:00
00:01:01
Nan chapit 6 la,00:01:03
00:01:03
yo gwo lame ki soti nan
peyi Siri t ap chèche Elize.00:01:06
00:01:06
Yo te ansèkle Dotan kote
Elize ak sèvitè l la te rete.00:01:10
00:01:11
Jewova te ouvri je sèvitè a ki te pè,00:01:13
00:01:14
yon fason pou l te wè “yon pakèt cheval
ak charyo ki te tankou dife toutotou Elize”.00:01:19
00:01:20
Nan chapit 9 la,
yo te chwazi Jeyi kòm wa sou Izrayèl.00:01:25
00:01:25
Li te gen pou misyon pou l detwi fanmi Ahab,
e pami yo te gen Jezabèl, madanm defen Ahab.00:01:32
00:01:34
Nan chapit 11 lan, Atali, pitit fi Ahab00:01:37
00:01:38
te fè dappiyanp sou twòn Jida a,
e l te eseye elimine tout fanmi wa a.00:01:42
00:01:43
Toutfwa, gran prèt Jewoyada ansanm ak
madanm li te sove Jewowas ki te bebe.00:01:49
00:01:51
Lè Jewowas vin gen setan,
yo mete l wa e yo touye Atali.00:01:55
00:01:57
Nan chapit 15 lan,00:01:59
00:01:59
Tiglatpilesè III, wa peyi Asiri, te anvayi
wayòm nò a e l te mennen anpil moun ann egzil.00:02:05
00:02:07
Nan chapit 17 la,
Salmanaza, wa peyi Asiri,00:02:10
00:02:10
li menm tou te anvayi Izrayèl
e l te mennen rès moun yo kòm prizonye.00:02:15
00:02:19
Èske w te konnen?00:02:20
00:02:20
Nan objektif pou dekouraje
soulèvman ki ta ka genyen,00:02:23
00:02:23
wa Asiryen sa yo te konn retire prizonye yo pran
nan yon peyi e yo mete etranje nan plas yo.00:02:28
00:02:30
Yo te rele moun yo te fè vin viv Samari yo Samariten.00:02:34
00:02:37
Nan chapit 18 la,
Ezekyas vin wa nan Jida.00:02:41
00:02:41
Li te fè sa ki dwat nan je Jewova.00:02:44
00:02:45
Nan katòzyèm ane rèy Ezekyas la, Senakerib,
wa peyi Asiri te anvayi Jida e li te menase Jerizalèm.00:02:52
00:02:53
Nan chapit 19 la, Jewova te fè
pwofèt Ezayi konnen L ap defann vil la.00:02:58
00:02:59
Apre sa, Ezayi voye mesaj
Bondye a pou Ezekyas.00:03:04
00:03:04
Nan menm nuit la, zanj Jewova a
te touye 185 000 gason nan kan Asiryen yo.00:03:13
00:03:13
Nan chapit 21 an, Manase, pitit gason
Ezekyas, te vin wa lè l te gen 12 an.00:03:19
00:03:19
Li te dezobeyi Jewova,
“li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova”,00:03:23
00:03:23
li te menm “boule pwòp pitit gason l nan dife”.00:03:26
00:03:27
Nan chapit 22 a,
apre lanmò Manase ak pitit gason l Amon,00:03:31
00:03:32
Jozyas te vin wa lè l te gen uitan.00:03:34
00:03:34
Li te fè sa ki dwat nan je Bondye.00:03:37
00:03:39
Twa dènye chapit liv 2 Wa a
pale sou kat dènye wa jida yo:00:03:44
00:03:44
Jewoyakaz, Jewoyakim,
Jewoyakin ak Sedesyas.00:03:49
00:03:49
Yo tout te dezobeyi Jewova.00:03:52
00:03:53
Nan chapit 24 la,00:03:54
00:03:54
pandan 3 mwa rèy Jewoyakin nan,00:03:57
00:03:57
Neboukadneza, wa peyi
Babilòn nan te ansèkle Jerizalèm.00:04:01
00:04:01
Jewoyakin te rann tèt li e yo te mennen l
Babilòn ansanm ak prens li yo,00:04:06
00:04:06
moun k ap travay nan palè a
ansanm ak sèvitè l yo.00:04:09
00:04:10
Nan chapit 25 lan,
pandan rèy Sedesyas la,00:04:13
00:04:13
Neboukadneza atake
Jerizalèm yon dezyèm fwa.00:04:16
00:04:18
Babilonyen yo boule tanp lan
e yo kraze miray vil la,00:04:22
00:04:23
e yo mennen Sedesyas Babilòn
ansanm ak Juif ki te chape yo.00:04:26
00:04:28
Yo te mete Gedalia gouvènè
sou kèk moun pòv ki te rete nan Jida.00:04:32
00:04:33
Toutfwa, yo te asasinen l
e pèp la te kouri al ann Ejip.00:04:38
00:04:43
Pandan w ap li liv 2 Wa a,00:04:45
00:04:45
gade ki jan move dirijan te
lakòz moun y ap dirije yo soufri,00:04:49
00:04:49
gade ki jan Jewova te
beni wa ki te renmen l yo,00:04:53
00:04:53
epi li fason Jewova te
pwoteje liy fanmi David la,00:04:57
00:04:57
ki t apral mennen pi devan nan Moun
ki t ap vin wa nan Wayòm Bondye a.00:05:01
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Wa a
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Wa a
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Wa a
Yo fè konnen se Jeremi ki te ekri liv 2 Wa a,
e li kòmanse kote liv 1 Wa a fini.
Istwa a kouvri anviwon 340 ane,
soti ane 920 rive ane 580 anvan
epòk nou an lè yo te fin ekri liv la.
Liv la dekri fason ni Izrayèl ni Jida
te degrengole nan domèn espirityèl
jiskaske yo te mennen
toude wayòm yo ann egzil.
Nan chapit 2 a,
yon van tanpèt monte ak Eli.
Elize, sèvitè l la, kontinye travay la.
Nan chapit 4 ak chapit 5,
Elize resisite pitit gason dam Chounèm nan.
Epitou, pa mwayen yon mirak,
Elize te sèvi ak 20 moso pen ansanm ak yon sak
ki gen manje angren pou l bay 100 moun manje,
epi li te geri Naaman, chèf
lame peyi Siri a ki te gen lèp.
Nan chapit 6 la,
yo gwo lame ki soti nan
peyi Siri t ap chèche Elize.
Yo te ansèkle Dotan kote
Elize ak sèvitè l la te rete.
Jewova te ouvri je sèvitè a ki te pè,
yon fason pou l te wè “yon pakèt cheval
ak charyo ki te tankou dife toutotou Elize”.
Nan chapit 9 la,
yo te chwazi Jeyi kòm wa sou Izrayèl.
Li te gen pou misyon pou l detwi fanmi Ahab,
e pami yo te gen Jezabèl, madanm defen Ahab.
Nan chapit 11 lan, Atali, pitit fi Ahab
te fè dappiyanp sou twòn Jida a,
e l te eseye elimine tout fanmi wa a.
Toutfwa, gran prèt Jewoyada ansanm ak
madanm li te sove Jewowas ki te bebe.
Lè Jewowas vin gen setan,
yo mete l wa e yo touye Atali.
Nan chapit 15 lan,
Tiglatpilesè III, wa peyi Asiri, te anvayi
wayòm nò a e l te mennen anpil moun ann egzil.
Nan chapit 17 la,
Salmanaza, wa peyi Asiri,
li menm tou te anvayi Izrayèl
e l te mennen rès moun yo kòm prizonye.
Èske w te konnen?
Nan objektif pou dekouraje
soulèvman ki ta ka genyen,
wa Asiryen sa yo te konn retire prizonye yo pran
nan yon peyi e yo mete etranje nan plas yo.
Yo te rele moun yo te fè vin viv Samari yo Samariten.
Nan chapit 18 la,
Ezekyas vin wa nan Jida.
Li te fè sa ki dwat nan je Jewova.
Nan katòzyèm ane rèy Ezekyas la, Senakerib,
wa peyi Asiri te anvayi Jida e li te menase Jerizalèm.
Nan chapit 19 la, Jewova te fè
pwofèt Ezayi konnen L ap defann vil la.
Apre sa, Ezayi voye mesaj
Bondye a pou Ezekyas.
Nan menm nuit la, zanj Jewova a
te touye 185 000 gason nan kan Asiryen yo.
Nan chapit 21 an, Manase, pitit gason
Ezekyas, te vin wa lè l te gen 12 an.
Li te dezobeyi Jewova,
“li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova”,
li te menm “boule pwòp pitit gason l nan dife”.
Nan chapit 22 a,
apre lanmò Manase ak pitit gason l Amon,
Jozyas te vin wa lè l te gen uitan.
Li te fè sa ki dwat nan je Bondye.
Twa dènye chapit liv 2 Wa a
pale sou kat dènye wa jida yo:
Jewoyakaz, Jewoyakim,
Jewoyakin ak Sedesyas.
Yo tout te dezobeyi Jewova.
Nan chapit 24 la,
pandan 3 mwa rèy Jewoyakin nan,
Neboukadneza, wa peyi
Babilòn nan te ansèkle Jerizalèm.
Jewoyakin te rann tèt li e yo te mennen l
Babilòn ansanm ak prens li yo,
moun k ap travay nan palè a
ansanm ak sèvitè l yo.
Nan chapit 25 lan,
pandan rèy Sedesyas la,
Neboukadneza atake
Jerizalèm yon dezyèm fwa.
Babilonyen yo boule tanp lan
e yo kraze miray vil la,
e yo mennen Sedesyas Babilòn
ansanm ak Juif ki te chape yo.
Yo te mete Gedalia gouvènè
sou kèk moun pòv ki te rete nan Jida.
Toutfwa, yo te asasinen l
e pèp la te kouri al ann Ejip.
Pandan w ap li liv 2 Wa a,
gade ki jan move dirijan te
lakòz moun y ap dirije yo soufri,
gade ki jan Jewova te
beni wa ki te renmen l yo,
epi li fason Jewova te
pwoteje liy fanmi David la,
ki t apral mennen pi devan nan Moun
ki t ap vin wa nan Wayòm Bondye a.
-