00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Kwonik la.00:00:05
00:00:06
Nan ansyen kanon liv Ebre yo,00:00:08
00:00:08
sanble liv 1 Kwonik
ak 2 Kwonik la te fè yon sèl00:00:12
00:00:12
epi annapre yo te separe yo
pou yo ka li yo pi fasil.00:00:15
00:00:16
Sandout, se Esdras ki te ekri toude liv yo.00:00:20
00:00:20
Li te yon prèt
e li te fò nan rekopye Lalwa.00:00:23
00:00:23
Li te fin ekri liv yo ozanviwon
ane 460 anvan epòk nou an.00:00:27
00:00:28
Anplis lis ki bay non fanmi yo
ki remonte rive jis nan Adan,00:00:32
00:00:32
liv 1 Kwonik la kouvri
yon peryòd ki te dire 40 an00:00:36
00:00:36
soti ozanviwon ane 1077 pou rive
ane 1037 anvan epòk nou an.00:00:41
00:00:42
Liv la ka divize an de seksyon.00:00:44
00:00:45
Nèf premye chapit yo sitou
pale de lis ki gen non fanmi yo,00:00:49
00:00:51
20 lòt chapit yo kouvri evènman ki te rive
apati lanmò wa Sayil pou rive nan fen rèy David la.00:00:57
00:01:01
Chapit 2 rive nan chapit 4
bay lis desandan Jida ak David,00:01:06
00:01:06
e pami yo gen lis moun
ki soti nan fanmi wa a. 00:01:08
00:01:10
Chapit 6 la bay lis desandan Levi yo,
pami yo te gen liy prèt ki soti nan Arawon yo.00:01:16
00:01:18
Èske w te konnen?00:01:19
00:01:20
Lis non moun ak istwa ki nan liv 1 Kwonik la
te enpòtan pou fè objektif Bondye avanse.00:01:26
00:01:26
Moun ki te soti ann egzil yo te bezwen lis sa yo00:01:30
00:01:30
pou yo te ka fè Izrayèl vin yon nasyon
Bondye ap dirije pa mwayen yon klas prèt.00:01:36
00:01:36
Matye ak Lik, de ekriven pami
premye kretyen yo te sèvi ak lis sa yo00:01:40
00:01:40
pou yo montre Jezi se pitit David
e li gen dwa legal pou l monte sou twòn nan.00:01:47
00:01:48
Nan chapit 11 lan,
yo mete David wa sou tout Izrayèl.00:01:52
00:01:55
Yon ti tan apre, David te pran
fòtrès ki nan Siyon an.00:01:58
00:02:00
Nan chapit 15 ak chapit 16 la,00:02:02
00:02:02
yo pote lach alyans lan nan vil David la
sou zepòl Levit ki soti nan fanmi Keyat yo.00:02:08
00:02:09
Nan chapit 17 la,00:02:10
00:02:11
David fè konnen dezi li genyen
pou l bati yon tanp pou Jewova.00:02:15
00:02:15
Sepandan, pa mwayen Natan,
Jewova te di David se yon pitit wa a k ap bati tanp lan.00:02:22
00:02:22
Men, nan menm moman an,
Jewova te bay David, 00:02:25
00:02:25
moun li renmen an, asirans lap ba l yon kay
k ap dire pou toutan00:02:30
00:02:30
oswa yon pakèt wa ap soti nan fanmi l.00:02:33
00:02:35
Soti nan chapit 18 rive nan chapit 20,00:02:38
00:02:38
yo pale sou viktwa David
te ranpòte sou nasyon ènmi yo, 00:02:41
00:02:41
pami yo te gen moun Amon yo, moun Edòm yo,
moun Mowab yo, Filisten yo ak Siryen yo.00:02:47
00:02:49
Nan chapit 21 an, yo te pouse
David pou l konte pèp la.00:02:53
00:02:56
Peche David la te fè Jewova fache anpil,
e sa te lakòz 70 000 Izrayelit mouri.00:03:02
00:03:04
Soti nan chapit 22 rive nan chapit 28,00:03:07
00:03:07
David te fè gwo preparasyon
pou tanp yo t apral bati a.00:03:11
00:03:12
Nan chapit 22 a,00:03:13
00:03:13
li bay Salomon pitit gason l,
responsab konstriksyon tanp lan.00:03:17
00:03:19
Kòm kontribisyon pou pwojè sa a,
David te bay 100 000 talon lò,00:03:24
00:03:24
100 000 talan ajan00:03:25
00:03:26
ak yon kantite
kuiv ak fè moun pa t ka mezire.00:03:30
00:03:31
Nan chapit 25 lan,00:03:33
00:03:33
David te chwazi kèk nan pitit
gason Levi yo ki te soti nan fanmi Asaf,00:03:38
00:03:38
Eman ak Jedoutoun pou yo sèvi
kòm mizisyen ak chantè nan tanp lan.00:03:42
00:03:43
Nan chapit 28 la, David te ransanble prens ki
ann Izrayèl yo nan Jerizalèm e li te ba yo lòd sa a:00:03:50
00:03:50
“Se pou n chèche byen konnen tout kòmandman
Jewova, Bondye nou an, e se pou n toujou obeyi yo.”00:03:57
00:03:57
Apre sa li bay Salomon plan
pou yo fè konstriksyon tanp lan,00:04:01
00:04:01
plan li te resevwa anba enspirasyon Bondye a.00:04:04
00:04:05
Nan chapit 29 la, Salomon te vin wa,
e David te mouri apre 40 an li te fè ap dirije.00:04:12
00:04:15
Pandan w ap li liv 1 Kwonik la,00:04:17
00:04:17
gade ki jan Esdras te pran san l
pou l ekri istwa pèp Izrayèl la,00:04:21
00:04:22
li fason Jewova te beni David,
sèvitè l li renmen an,00:04:26
00:04:26
epi gade ki jan lis ki gen non fanmi yo
te ede moun idantifye Jezi,00:04:31
00:04:31
moun Nazarèt la, kòm Mesi a, li menm
ki t apral Wa nan Wayòm Bondye a.00:04:36
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Kwonik la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Kwonik la
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Kwonik la.
Nan ansyen kanon liv Ebre yo,
sanble liv 1 Kwonik
ak 2 Kwonik la te fè yon sèl
epi annapre yo te separe yo
pou yo ka li yo pi fasil.
Sandout, se Esdras ki te ekri toude liv yo.
Li te yon prèt
e li te fò nan rekopye Lalwa.
Li te fin ekri liv yo ozanviwon
ane 460 anvan epòk nou an.
Anplis lis ki bay non fanmi yo
ki remonte rive jis nan Adan,
liv 1 Kwonik la kouvri
yon peryòd ki te dire 40 an
soti ozanviwon ane 1077 pou rive
ane 1037 anvan epòk nou an.
Liv la ka divize an de seksyon.
Nèf premye chapit yo sitou
pale de lis ki gen non fanmi yo,
20 lòt chapit yo kouvri evènman ki te rive
apati lanmò wa Sayil pou rive nan fen rèy David la.
Chapit 2 rive nan chapit 4
bay lis desandan Jida ak David,
e pami yo gen lis moun
ki soti nan fanmi wa a.
Chapit 6 la bay lis desandan Levi yo,
pami yo te gen liy prèt ki soti nan Arawon yo.
Èske w te konnen?
Lis non moun ak istwa ki nan liv 1 Kwonik la
te enpòtan pou fè objektif Bondye avanse.
Moun ki te soti ann egzil yo te bezwen lis sa yo
pou yo te ka fè Izrayèl vin yon nasyon
Bondye ap dirije pa mwayen yon klas prèt.
Matye ak Lik, de ekriven pami
premye kretyen yo te sèvi ak lis sa yo
pou yo montre Jezi se pitit David
e li gen dwa legal pou l monte sou twòn nan.
Nan chapit 11 lan,
yo mete David wa sou tout Izrayèl.
Yon ti tan apre, David te pran
fòtrès ki nan Siyon an.
Nan chapit 15 ak chapit 16 la,
yo pote lach alyans lan nan vil David la
sou zepòl Levit ki soti nan fanmi Keyat yo.
Nan chapit 17 la,
David fè konnen dezi li genyen
pou l bati yon tanp pou Jewova.
Sepandan, pa mwayen Natan,
Jewova te di David se yon pitit wa a k ap bati tanp lan.
Men, nan menm moman an,
Jewova te bay David,
moun li renmen an, asirans lap ba l yon kay
k ap dire pou toutan
oswa yon pakèt wa ap soti nan fanmi l.
Soti nan chapit 18 rive nan chapit 20,
yo pale sou viktwa David
te ranpòte sou nasyon ènmi yo,
pami yo te gen moun Amon yo, moun Edòm yo,
moun Mowab yo, Filisten yo ak Siryen yo.
Nan chapit 21 an, yo te pouse
David pou l konte pèp la.
Peche David la te fè Jewova fache anpil,
e sa te lakòz 70 000 Izrayelit mouri.
Soti nan chapit 22 rive nan chapit 28,
David te fè gwo preparasyon
pou tanp yo t apral bati a.
Nan chapit 22 a,
li bay Salomon pitit gason l,
responsab konstriksyon tanp lan.
Kòm kontribisyon pou pwojè sa a,
David te bay 100 000 talon lò,
100 000 talan ajan
ak yon kantite
kuiv ak fè moun pa t ka mezire.
Nan chapit 25 lan,
David te chwazi kèk nan pitit
gason Levi yo ki te soti nan fanmi Asaf,
Eman ak Jedoutoun pou yo sèvi
kòm mizisyen ak chantè nan tanp lan.
Nan chapit 28 la, David te ransanble prens ki
ann Izrayèl yo nan Jerizalèm e li te ba yo lòd sa a:
“Se pou n chèche byen konnen tout kòmandman
Jewova, Bondye nou an, e se pou n toujou obeyi yo.”
Apre sa li bay Salomon plan
pou yo fè konstriksyon tanp lan,
plan li te resevwa anba enspirasyon Bondye a.
Nan chapit 29 la, Salomon te vin wa,
e David te mouri apre 40 an li te fè ap dirije.
Pandan w ap li liv 1 Kwonik la,
gade ki jan Esdras te pran san l
pou l ekri istwa pèp Izrayèl la,
li fason Jewova te beni David,
sèvitè l li renmen an,
epi gade ki jan lis ki gen non fanmi yo
te ede moun idantifye Jezi,
moun Nazarèt la, kòm Mesi a, li menm
ki t apral Wa nan Wayòm Bondye a.
-