JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Kwonik la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv 2 Kwonik la.
Okòmansman, liv 1 Kwonik
ak 2 Kwonik la te fè yon sèl,
e annapre yo te vin fè yo fè de pati.
Se Esdras ki te ekri liv la,
li te yon prèt
ki soti nan fanmi Arawon,
e l te konn rekopye lalwa,
li te fin ekri liv la ozanviwon
ane 460 anvan epòk nou an.
Liv la prèske pale de tout sa
ki te rive nan wayòm Jida a.
Liv 2 Kwonik la
kouvri yo peryòd 500 ane,
soti nan kòmansman rèy Salomon
nan ane 1037 anvan epòk nou an
pou rive nan ane 537
anvan epòk nou an,
kote Siris, yon wa nan peyi Pès
te bay yon dekrè pou rebati
kay Jewova a nan Jerizalèm.
Chapit 1 rive nan chapit 9,
pale sou rèy wa Salomon.
Nan chapit 1 an,
Jewova bay Salomon
yon sajès estrawòdinè
pou l te ka jije pèp la kòrèkteman.
Chapit 2 rive nan chapit 7,
pale de preparasyon
Salomon te fè pou tanp lan,
veso yo ak materyo ki te nan tanp lan
ansanm ak konstriksyon
ak inogirasyon tanp lan.
Nan chapit 9 la,
rèn Cheba a te vizite Salomon
e li te sezi wè sajès Salomon.
Apre Salomon fin pase 40 an ap dirije,
Wobowam pitit gason l te vin wa.
Nan chapit annapre a,
10 tribi te revòlte kont Wobowam
e yo fòme wayòm nò peyi Izrayèl la.
Chapit 17 rive nan chapit 20,
pale de wa Jozafa,
li te fè sa ki dwat nan je Jewova.
Li te menm voye prens ak Levit
pou anseye Lwa Bondye a.
Nan chapit 20 an,
Jozafa priye pou Bondye ede l
fè fas ak moun Amon yo,
moun Mowab yo ak moun ki soti
nan zòn ki gen mòn nan Seyi,
ki te met ansanm pou yo atake l.
Kòm repons pou priyè wa a,
Bondye te fè moun ki te atake yo
touye youn lòt.
Nan chapit 22 a,
Atali, yon rèn ki te mechan,
“touye tout pitit wa Jida a”
eksepte Jewowas ki te bebe.
Se Jewochabat ansanm ak mari l,
Jewoyada ki te gran prèt
ki te sove Jewowas.
Nan chapit 23 ak chapit 24,
Jewowas te vin wa lè l te gen setan
e yo te touye Atali.
Anba bon enfliyans gran prèt Jewoyada,
Jewowas te fè sa ki dwat nan je Bondye,
li te menm renove tanp la.
Men, apre lanmò Jewoyada,
Jewowas abandone vrè adorasyon an.
Lè pitit Jewoyada a
te reprimande wa Jewowas,
Jewowas te fè touye l.
Nan chapit 26, Ozyas te vin wa.
Okòmansman, li te fè sa ki dwat
nan je Bondye,
men annapre, li te vin awogan.
Li te menm eseye boule lansan
nan tanp lan,
alòske se sèlman prèt yo
ki gen responsablite sa a.
Jewova te lage lèp sou Ozyas.
Chapit 29 rive nan chapit 32,
pale de rèy wa Ezekyas,
li menm ki te kore vrè adorasyon an
avèk zèl pandan tout lavi l.
Pandan rèy Ezekyas la,
Senakerib, wa Asiri a te anvayi Jida
e l te menase Jerizalèm.
Men zanj Jewova a
“te touye tout sòlda vanyan,
tout ofisye ak lòt chèf”
nan kan Asiryen yo.
Chapit 33 a, pale de rèy wa Manase
ki te dire 55 an,
Manase “te fè anpil bagay ki mal
nan je Jewova”.
Èske w te konnen?
Byenke Manase te repanti annapre,
vye aksyon l yo te lakòz Jida tonbe ba
ni moralman ni espirityèlman,
sa k te fè y al ann egzil.
Chapit 34 ak chapit 35 lan,
pale de rèy wa Jozyas la.
Li te gen uitan lè l te vin wa,
li te rete tennfas nan vrè adorasyon an.
Li te menm kòmanse yon kanpay
pou l netwaye peyi a anba idolatri.
Chapit 36 la,
pale de 4 dènye wa Jida yo,
Jewoyakaz, Jewoyakim,
Jewoyakin ak Sedesyas.
Yo tout te dezobeyi Jewova.
Malgre tout efò
bon wa ki te la anvan yo te fè,
Jida te kontinye plonje nan apostazi.
Kidonk, Jewova te kite
Babilónyen yo anvayi peyi a
epi atake Jerizalèm.
Yo te detwi vil la
e yo te mennen pèp la ann egzil.
Esdras fini liv 2 Kwonik la
pandan l ap dekri sa ki te pase
70 an apre sou rèy Siris,
wa peyi Pès la.
Siris te bay yon dekrè enpòtan,
kote l te libere Juif yo,
e l te di yo pou yo rebati
kay Jewova a nan Jerizalèm.
Pandan w ap li liv 2 kwonik la,
aprann nan egzanp wa yo,
kit yo te bon, kit yo pa t bon.
Gade ki jan Jewova
beni moun ki renmen l yo,
epi note ki jan Bondye
te pwoteje liy fanmi David la,
ki t apral mennen nan Mesi a,
li menm ki Wa nan Wayòm Bondye a.