JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Esdras la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
nan liv Esdras la.
Se Esdras, yon prèt ki soti
nan fanmi Arawon,
ki te ekri liv sa a.
Esdras se yon moun
ki te gen lafwa
e ki te fè bonjan etid
nan Ekriti yo.
Antanke prèt, li te
gen responsablite
pou l anseye lòt moun
Pawòl Bondye a.
Mete sou sa, li te fò nan
kopye Pawòl Bondye a,
yon travay ki te mande l pou l pran
san l pou l egzamine detay yo.
Istwa sa a li te fè bonjan
rechèch sou li a
kòmanse egzakteman kote
li fini liv 2 Kwonik la,
apre Juif yo te soti nan
kaptivite nan Babilòn.
Li te ekri liv sa a ozanviwon
ane 460 anvan epòk nou an,
nan Jerizalèm.
Èske w te konn sa?
Yo te konpile liv Esdras la
ak liv Neyemi an
nan yon sèl woulo.
Annapre, yo te fè
woulo a fè 2 liv
jan nou genyen yo
nan Bib la jodi a.
Liv Esdras la gen 10 chapit.
Chapit 1 rive nan chapit 6
pale de yon ti gwoup Juif
ki retounen Jerizalèm.
Nan ane 537 anvan
epòk nou an,
yo te rekonstwi lotèl la
e yo te fete fèt Tonèl yo,
sa ki te mete fen nan 70
ane dezolasyon an.
Nan ane ki te vin apre a, yo te
poze fondasyon tanp lan.
E malgre opozisyon te kanpe
travay la pandan yon ti tan,
yo te fin rebati kay Jewova a nèt
nan ane 515 anvan epòk nou an.
Soti nan chapit 7 rive
nan chapit 10,
nou vin tonbe prèske
50 an apre,
swa nan ane 468 anvan
epòk nou an,
kote Esdras ap rakonte vwayaj
danjere li te fè pou l al Jerizalèm.
Lè Esdras rive,
li te choke lè l te wè jan Juif yo
te lage kò yo nan peche grav.
Li te priye Jewova an piblik,
e li te pran dispozisyon pou l
ede pèp la retounen
nan kondisyon espirityèl
yo te ye anvan an.
Toutpandan w ap li liv Esdras la,
gade pou w wè fason Jewova
reyalize pwomès li te fè
pou l libere pèp la ki te
ann egzil nan Babilòn,
e pou l retabli vrè adorasyon an
nan Jerizalèm,
yon seri etap enpòtan ki t ap
mennen nan Mesi a.