JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Neyemi an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
nan liv Neyemi an.
Neyemi se te yon Juif fidèl
ki t ap sèvi nan lakou wa
peyi Pès la, nan vil souz.
Li te nan gwo pozisyon kòm moun
ki t ap sèvi wa Atakzèsès bwason.
Yon ti tan apre ane 443
anvan epòk nou an,
yo te ekri liv Neyemi an
nan Jerizalèm.
Liv sa a kòmanse ak kèk evènman
ki te pase anviwon 12 an
apre istwa nou jwenn
nan liv Esdras la.
Liv la gen 13 chapit,
e yo pale sou kèk evènman
ki te kòmanse nan ane 456
pou rive yon ti tan apre
ane 443 anvan epòk nou an.
Sepandan, 12 premye
chapit yo met aksan
sou sa k te pase nan
premye ane a sèlman.
Evènman yo rapòte
nan chapit 1 ak chapit 2 a,
te kòmanse nan fen
ane 456 anvan epòk nou an.
Kèk mesye ki sot Jerizalèm
te esplike Neyemi
nan ki vye kondisyon
miray ak pòtay vil la ye.
Neyemi te priye Bondye
pou l gide l.
Li te jwenn repons priyè l la
lè wa peyi Pès la
te voye l Jerizalèm
antanke gouvènè,
e l te ba l pèmisyon
pou l rebati miray la.
Kou Neyemi rive,
li enspekte miray vil la.
Apre sa, li rasanble pèp la
e l fè yo konnen misyon l
genyen lè l te di:
“Annou rebati miray Jerizalèm yo”.
Misyon l te jwenn
pou l rebati Jerizalèm nan
te kòmanse peryòd 70 semèn ane
pwofesi Dànyèl la rapòte a.
Nan fen 69 semèn ane yo,
Mesi a t ap parèt.
Chapit 3 rive nan chapit 6
pale de rekonstriksyon
miray ak pòtay Jerizalèm yo,
malgre ènmi yo te opoze.
Èske w te konn sa?
Gen anpil gason ak fi ki te travay di
pou repare yon miray ki te mezire
anviwon 2600 mèt longè
ansanm ak pòtay li yo
nan sèlman 52 jou.
Chapit 7 rive nan chapit 12
montre kòman Neyemi ak Esdras
te pran latèt nan ede pèp la
retounen nan vrè adorasyon an.
Pèp la te rasanble
pou yo tande lekti Lalwa
ak esplikasyon yo t ap bay sou li.
Annapre, yo te fete
fèt tonèl yo pandan 8 jou.
Apre sa, yo te inogire
miray Jerizalèm nan.
Neyemi te kontinye gouvène
Jerizalèm pandan 12 an,
anvan l retounen nan fonksyon l
te genyen sou rèy wa Atakzèsès la.
Chapit 13 la fè konnen
Neyemi te vwayaje
yon dezyèm fwa pou l al Jerizalèm.
Men lè l rive, li te wè Juif yo
pa t kenbe pwomès yo te fè Jewova a.
Lè sa a, li te aji san pèdi tan
pou l korije sitiyasyon an.
Pandan w ap li bèl istwa sa a,
note jan Jewova te sèvi
ak yon wa peyi Pès pou fè volonte l.
Gade jan zèl Neyemi
te gen pou Lwa Bondye a,
konesans li te gen sou li
te pote benediksyon.
E gade jan rekonstriksyon
miray Jerizalèm nan
te vin yon aspè enpòtan,
pou ede n konprann yon gwo
pwofesi nan liv Dànyèl la
konsènan lè Mesi a t ap parèt.