JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Sòm nan

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Sòm nan.
Liv Sòm nan se chante
sakre yo konpile
e kantik sa yo se yon aspè enpòtan
nan vrè adorasyon an
ki mete aksan sou louwe Jewova.
Anfèt, non Bondye se Jewova
e fòm kout li se Ja.
Li parèt prèske 800 fwa
nan liv Sòm nan.
Yo te pran prèske 1000 an
pou ekri liv Sòm nan.
Moyiz se premye moun ki te
patisipe nan konpoze sòm yo.
Sanble, se Esdras, yon eskrib,
ki te konpile tout sòm yo
apre Juif yo te fin soti
ann egzil nan Babilòn
pou yo retounen Jerizalèm.
Byenke Jewova te enspire
yon seri mesye
tankou Salomon, pitit Kora yo,
fanmi Asaf ak lòt moun ankò,
pou ekri seri pawòl ankourajan sa yo
ki demontre lafwa,
men, se David ki te ekri
pifò nan sòm yo.
David te sèvi ak divès
eksperyans li te fè nan lavi l
pou l te ekri sòm li yo.
Pawòl ki parèt anlè tèt sòm yo,
nan kòmansman pifò nan sòm yo,
ede nou idantifye ki moun
ki te ekri yo
ak lòt enfòmasyon ankò
sou sòm sa yo.
Liv Sòm nan gen 150 chapit.
Se pi gwo liv ki gen nan Bib la.
Yo te separe sòm yo an 5 liv
oswa pati.
Yo abòde diferan tèm nan
pawòl ki nan sòm yo.
Ann jis konsidere twa ladan yo.
Louwe Jewova se yon tèm
ki parèt souvan.
Anpil sòm louwe Jewova pou
aksyon l fè pou l delivre moun.
Gen lòt sòm ki louwe Jewova
pou sa l kreye yo,
tankou fason estrawòdinè li fè
kò moun, tè a ak lanmè a.
Sòm 83 a louwe Jewova,
“Sila a ki nan pi gwo pozisyon
e ki gen pouvwa sou tout tè a”.
Yon lòt tèm yo devlope
nan liv Sòm nan
montre ki jan Jewova ede
moun ki renmen l yo,
epi l konsole yo.
Yo pale de Jewova antanke
Moun ki tande lapriyè a.
yon Papa ki gen mizèrikòd
e ki padone moun ki peche
ki repanti yo.
Sòm 23 a pale de Jewova antanke
yon Bèje ki plen lanmou
ki gide pèp li a, ki pwoteje l
e ki pran swen l.
Gen lòt tèm ankò ki montre
Jewova pral fè tè a
tounen yon paradi
pa mwayen Wayòm Mesi a.
Se Wayòm sa a ki pral elimine
tout mechanste
e ki pral etabli lapè sou tè a.
Gen kèk sòm ki gwoupe ansanm.
Se Sòm 113 rive nan Sòm 118.
Yo fòme yon gwoup ki rele
sòm alèl.
Èske w te konn sa?
Sanble se sòm sa yo menm
Jezi ansanm ak disip li yo
te chante apre soupe Seyè a.
Sòm 120-134 pote non:
Yon chante pou moun
k ap monte yo.
Gen moun ki kwè Izrayelit yo
te chante chan sa yo
pandan yo t ap monte
al Jerizalèm
pou asiste twa gwo fèt
yo fè chak ane yo.
Chak chapit ki nan gwoup
ki fòme senk dènye sòm yo
kòmanse ak pawòl sa yo:
“Louwe Ja!”
E yo fini ak yo.
Yon aspè enpòtan ki
nan Sòm yo
sèke yo gen anpil pwofesi
ki pale konsènan Mesi a.
Jezi, li menm, te di:
“Pou tout bagay ki ekri sou mwen
nan sòm yo ka akonpli.”
Pandan w ap li liv sa a,
gade pou w wè fason istwa sa a
soutni dwa Jewova genyen
pou l dirije a,
fason Jewova ede moun ki
renmen l yo epi l konsole yo,
ak fason l pral fè tè a
tounen yon paradi
pa mwayen Wayòm Mesi a.