00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann
sou Bib la.00:00:04
00:00:06
Bib la se yon konpilasyon
liv yo ekri lontan00:00:09
00:00:10
ki gen mesaj Bondye ladan l
pou tout moun.00:00:12
00:00:14
Se anviwon 40 gason diferan
ki te ekri mesaj sa a.00:00:18
00:00:18
Yo te ekri nan lang ebre,
arameyen, ak grèk,00:00:22
00:00:22
e yo te sèvi ak lèt ebre ak
lèt grèk pou yo ekri l.00:00:26
00:00:27
Ekriven yo te soti nan
divès kouch sosyal,00:00:30
00:00:31
e yo te viv toupatou nan ansyen
Mwayen Oryan ak Ewòp disid.00:00:35
00:00:36
Epoutan, tout sa ki nan
Bib la ann amoni.00:00:40
00:00:40
Pa gen kontradiksyon ladan l.00:00:42
00:00:42
Bondye te sèvi ak divès mwayen00:00:45
00:00:45
pou l mete panse l nan
lespri ekriven yo.00:00:48
00:00:48
Se sa k fè Bib la di:00:00:49
00:00:49
“Tout sa ki nan Ekriti yo
se Bondye ki enspire yo.”00:00:53
00:00:54
Yo te kòmanse ekri Bib la00:00:56
00:00:56
nan ane 1513 anvan
epòk nou an.00:00:59
00:00:59
Yo te fè 1600 ane ap ekri l.00:01:01
00:01:02
Yo te fin ekri dènye liv
nan Bib la00:01:04
00:01:04
ozanviwon ane 98 epòk nou an.00:01:07
00:01:09
Bib la gen 66 liv ladan l
ki divize an de pati:00:01:13
00:01:13
Liv ki te ekri ann ebre, yo konn
rele Ansyen testaman yo,00:01:17
00:01:17
ak Liv ki ekri an grèk yo, yo konn
rele Nouvo testaman.00:01:20
00:01:23
Trantnèf premye liv ki nan Bib la
se Liv ki te ekri ann ebre yo.00:01:28
00:01:28
Penntakèk la, oswa senk premye
liv nan Bib la,00:01:32
00:01:32
rakonte istwa kreyasyon an00:01:34
00:01:34
ak fason nasyon Izrayèl tan
lontan an te vin egziste.00:01:37
00:01:38
Liv ki rakonte istwa yo montre00:01:40
00:01:40
fason nasyon Izrayèl la te antre
nan Peyi Bondye te pwomèt yo a.00:01:44
00:01:44
Apre sa, Izrayèl pa t fidèl
ak Bondye,00:01:47
00:01:47
yo te mennen yo ann egzil,00:01:48
00:01:48
e avèk letan, yo te retounen
nan peyi yo.00:01:51
00:01:51
Liv ki gen pwezi yo gen chante
ki sakre ak konsèy pratik00:01:55
00:01:55
anrapò ak lavi n ap mennen
chak jou.00:01:57
00:01:57
Liv ki gen pwofesi yo anonse
sa k pral rive alavni00:02:01
00:02:01
e yo gen enstriksyon ak
avètisman pou pèp Bondye a.00:02:04
00:02:05
Dènye 27 liv ki nan Bib la
se Liv ki te an grèk yo.00:02:10
00:02:11
Pou kòmanse, gen kat
Levanjil yo00:02:13
00:02:13
ki rakonte istwa lavi Jezi
sou tè a ak ministè l.00:02:17
00:02:18
Apre sa, gen liv Travay
apot yo ki rakonte istwa00:02:22
00:02:22
kongregasyon kretyen nan
premye syèk la.00:02:24
00:02:25
Genyen 21 lèt ki gen
bonjan konsèy ak00:02:28
00:02:28
ankourajman pou kretyen yo.00:02:30
00:02:32
Revelasyon, dènye liv la,00:02:34
00:02:34
gen yon seri vizyon ki
se pwofesi.00:02:37
00:02:40
Nan Bib la, Bondye fè konnen
se li menm ki Kreyatè a,00:02:44
00:02:44
li di objektif li, e li fè nou
konnen non l, Jewova,00:02:49
00:02:50
jan li parèt la a nan lèt ebre.00:02:52
00:02:53
Èske w te konnen?00:02:54
00:02:54
Kontrèman ak kèlkeswa
lòt liv la,00:02:56
00:02:56
Bib la mete aksan sou
non Bondye, Jewova.00:03:00
00:03:00
Li site non sa a plis pase
7000 fwa,00:03:03
00:03:03
plis pase kèlkeswa lòt non an.00:03:06
00:03:07
Objektif Jewova se pou
tout kreyati entèlijan00:03:10
00:03:10
viv pou toutan anba
dominasyon l.00:03:13
00:03:14
Men, byen bonè nan
istwa limanite,00:03:17
00:03:17
Satan, yon zanj ki rebèl,
te sèvi ak yon sèpan00:03:21
00:03:21
pou l mete an dout
souvrènte Jewova,00:03:24
00:03:24
oswa dwa Jewova genyen
pou l dirije a.00:03:26
00:03:27
Jewova pral sèvi ak
Wayòm li an00:03:29
00:03:29
pou l lave non l e
pou l pwouve00:03:31
00:03:31
Satan se yon mantè.00:03:33
00:03:33
Se sa ki tèm Bib la.00:03:35
00:03:36
Pou Jewova reponn Satan,00:03:38
00:03:38
li kite lèzòm dirije tèt yo
poukont yo.00:03:41
00:03:41
Sa fè plizyè santèn ane,00:03:43
00:03:43
dominasyon lèzòm lage yo
nan malè.00:03:46
00:03:46
Pandan tan sa a, Jewova
pran dispozisyon00:03:49
00:03:49
pou l akonpli objektif li00:03:50
00:03:51
pa mwayen yon Sovè,
Mesi a,00:03:53
00:03:53
ki t apral gen pou l wa
nan Wayòm Bondye a.00:03:56
00:03:57
Pi devan, Jewova te fè konnen
kiyès ki t ap Mesi a.00:04:01
00:04:02
Pa mwayen yon mirak, Jezi,00:04:05
00:04:05
yon espri ki se Pitit Bondye,00:04:06
00:04:06
te vin fèt antanke moun.00:04:08
00:04:09
Li fè moun yo konnen Jewova00:04:11
00:04:11
e l bay lavi l an sakrifis
pou lèzòm.00:04:13
00:04:14
Annapre, Bondye te resisite Jezi
pou l al viv nan syèl ankò.00:04:18
00:04:19
Bib la di Jezi te mete zanj
ki pa t ap soutni00:04:23
00:04:23
souvrènte Bondye yo deyò
nan syèl la.00:04:25
00:04:26
Antanke Wa nan Wayòm
Bondye a,00:04:28
00:04:28
Jezi ap dirije ansanm ak
144 000 moun00:04:31
00:04:31
Bondye “te achte sou tè a”.00:04:33
00:04:35
Wayòm Bondye a pral
fè tè a tounen00:04:37
00:04:37
jan l te ye okòmansman an.00:04:39
00:04:40
Objektif Jewova pral reyalize:00:04:42
00:04:42
Tout kreyati entèlijan ki fidèl00:04:45
00:04:45
pral met ansanm pou yo
adore l pou toutan00:04:48
00:04:48
antanke sèl vrè Dye ak
Souvren yo.00:04:51
00:04:52
Pandan w ap li e w ap
etidye Bib la,00:04:54
00:04:55
note amoni ki gen ladan l,00:04:58
00:04:58
sajès pratik, ansanm ak fason
chak liv kore tèm Bib la:00:05:03
00:05:03
Fason Jewova pral fè
non l vin sen00:05:06
00:05:06
pa mwayen Wayòm li an
ki nan syèl la00:05:08
00:05:09
ki anba dominasyon sèl
Pitit Gason l lan, Jezi Kris.00:05:13
Kèk bagay nou ka aprann sou Bib la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou Bib la
Kèk bagay nou ka aprann
sou Bib la.
Bib la se yon konpilasyon
liv yo ekri lontan
ki gen mesaj Bondye ladan l
pou tout moun.
Se anviwon 40 gason diferan
ki te ekri mesaj sa a.
Yo te ekri nan lang ebre,
arameyen, ak grèk,
e yo te sèvi ak lèt ebre ak
lèt grèk pou yo ekri l.
Ekriven yo te soti nan
divès kouch sosyal,
e yo te viv toupatou nan ansyen
Mwayen Oryan ak Ewòp disid.
Epoutan, tout sa ki nan
Bib la ann amoni.
Pa gen kontradiksyon ladan l.
Bondye te sèvi ak divès mwayen
pou l mete panse l nan
lespri ekriven yo.
Se sa k fè Bib la di:
“Tout sa ki nan Ekriti yo
se Bondye ki enspire yo.”
Yo te kòmanse ekri Bib la
nan ane 1513 anvan
epòk nou an.
Yo te fè 1600 ane ap ekri l.
Yo te fin ekri dènye liv
nan Bib la
ozanviwon ane 98 epòk nou an.
Bib la gen 66 liv ladan l
ki divize an de pati:
Liv ki te ekri ann ebre, yo konn
rele Ansyen testaman yo,
ak Liv ki ekri an grèk yo, yo konn
rele Nouvo testaman.
Trantnèf premye liv ki nan Bib la
se Liv ki te ekri ann ebre yo.
Penntakèk la, oswa senk premye
liv nan Bib la,
rakonte istwa kreyasyon an
ak fason nasyon Izrayèl tan
lontan an te vin egziste.
Liv ki rakonte istwa yo montre
fason nasyon Izrayèl la te antre
nan Peyi Bondye te pwomèt yo a.
Apre sa, Izrayèl pa t fidèl
ak Bondye,
yo te mennen yo ann egzil,
e avèk letan, yo te retounen
nan peyi yo.
Liv ki gen pwezi yo gen chante
ki sakre ak konsèy pratik
anrapò ak lavi n ap mennen
chak jou.
Liv ki gen pwofesi yo anonse
sa k pral rive alavni
e yo gen enstriksyon ak
avètisman pou pèp Bondye a.
Dènye 27 liv ki nan Bib la
se Liv ki te an grèk yo.
Pou kòmanse, gen kat
Levanjil yo
ki rakonte istwa lavi Jezi
sou tè a ak ministè l.
Apre sa, gen liv Travay
apot yo ki rakonte istwa
kongregasyon kretyen nan
premye syèk la.
Genyen 21 lèt ki gen
bonjan konsèy ak
ankourajman pou kretyen yo.
Revelasyon, dènye liv la,
gen yon seri vizyon ki
se pwofesi.
Nan Bib la, Bondye fè konnen
se li menm ki Kreyatè a,
li di objektif li, e li fè nou
konnen non l, Jewova,
jan li parèt la a nan lèt ebre.
Èske w te konnen?
Kontrèman ak kèlkeswa
lòt liv la,
Bib la mete aksan sou
non Bondye, Jewova.
Li site non sa a plis pase
7000 fwa,
plis pase kèlkeswa lòt non an.
Objektif Jewova se pou
tout kreyati entèlijan
viv pou toutan anba
dominasyon l.
Men, byen bonè nan
istwa limanite,
Satan, yon zanj ki rebèl,
te sèvi ak yon sèpan
pou l mete an dout
souvrènte Jewova,
oswa dwa Jewova genyen
pou l dirije a.
Jewova pral sèvi ak
Wayòm li an
pou l lave non l e
pou l pwouve
Satan se yon mantè.
Se sa ki tèm Bib la.
Pou Jewova reponn Satan,
li kite lèzòm dirije tèt yo
poukont yo.
Sa fè plizyè santèn ane,
dominasyon lèzòm lage yo
nan malè.
Pandan tan sa a, Jewova
pran dispozisyon
pou l akonpli objektif li
pa mwayen yon Sovè,
Mesi a,
ki t apral gen pou l wa
nan Wayòm Bondye a.
Pi devan, Jewova te fè konnen
kiyès ki t ap Mesi a.
Pa mwayen yon mirak, Jezi,
yon espri ki se Pitit Bondye,
te vin fèt antanke moun.
Li fè moun yo konnen Jewova
e l bay lavi l an sakrifis
pou lèzòm.
Annapre, Bondye te resisite Jezi
pou l al viv nan syèl ankò.
Bib la di Jezi te mete zanj
ki pa t ap soutni
souvrènte Bondye yo deyò
nan syèl la.
Antanke Wa nan Wayòm
Bondye a,
Jezi ap dirije ansanm ak
144 000 moun
Bondye “te achte sou tè a”.
Wayòm Bondye a pral
fè tè a tounen
jan l te ye okòmansman an.
Objektif Jewova pral reyalize:
Tout kreyati entèlijan ki fidèl
pral met ansanm pou yo
adore l pou toutan
antanke sèl vrè Dye ak
Souvren yo.
Pandan w ap li e w ap
etidye Bib la,
note amoni ki gen ladan l,
sajès pratik, ansanm ak fason
chak liv kore tèm Bib la:
Fason Jewova pral fè
non l vin sen
pa mwayen Wayòm li an
ki nan syèl la
ki anba dominasyon sèl
Pitit Gason l lan, Jezi Kris.
-