JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Pwovèb la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Pwovèb la.
Se wa Salomon ki te konpoze
pifò nan liv Pwovèb la.
Salomon te vin wa ann Izrayèl
nan ane 1037 anvan epòk nou an,
e Jewova te ba l yon sajès
ki estrawòdinè.
Salomon te ekri pifò nan
pwovèb yo
oswa pawòl ki gen sajès yo
pandan l te wa.
Sepandan, sanble yo te met tout
pwovèb yo ansanm pou fè yon liv,
ozanviwon ane 717 anvan
epòk nou an, nan Jerizalèm,
anvan rèy wa Ezekyas la te fini.
Liv Pwovèb la ban nou
direksyon Bondye bay
nan prèske chak aspè
nan lavi nou chak jou,
soti nan kesyon biznis
rive nan kesyon fanmi,
konsa, liv sa a ede n
prepare n pou n viv
anba dominasyon
Wayòm Bondye a.
Liv Pwovèb la gen 31 chapit.
Epi, yo ka divize l an 5 pati.
Se Salomon ki te ekri
twa premye pati yo.
Premye pati a soti nan
chapit 1 rive nan 9.
Li gen plizyè diskou
tou kout ladan l
kote yon papa ap bay
pitit gason l konsèy.
Papa a ap avèti l konsènan
move konsekans l ap jwenn si l
aji selon move dezi l genyen,
e li mete aksan sou
bon rezilta l ap jwenn
si l gen konfyans nan
sajès Bondye.
Yo rele dezyèm pati a
Pwovèb Salomon.
Yo rele twazyèm pati a
Pwovèb Salomon mesye
wa Ezekyas yo te kopye.
Toule de se konsèy byen presi
pou ede moun k ap li yo reflechi.
Anpil nan pwovèb sa yo fè
diferans ant defo nou dwe evite
ak kalite nou dwe chèche genyen.
Yo sèvi ak anpil konparezon.
Pa egzanp, parès kont travay di,
e egoyis kont renmen bay.
Konparezon ki tou kout sa yo
ban nou enstriksyon,
e li fasil pou n suiv yo.
De pati sa yo gen plis
pase 500
nan pwovèb Salomon yo
ladan yo.
Èske w te konn sa?
Labib di nou wa Salomon
te konn site 3000 pwovèb
e l te konpoze 1005 chante.
Chapit 30 lan se katriyèm pati a,
e se Agou ki te ekri l.
Li te itilize 4 kalite konparezon
pou l ede nou reflechi
sou sajès Bondye,
tankou li pale sou
4 bagay ki toupiti
men ki tou natirèlman
aji avèk sajès.
Se Lemwèl ki te konpoze
dènye chapit la.
Gen moun ki panse Lemwèl la
se yon lòt non Salomon te genyen.
Chapit sa a dekri fason
yon bon madanm ye.
Li montre ki kalite l genyen
e bon efè li gen sou fanmi l.
Nou dwe chèche sajès
Bondye bay la
menm jan yo chèche
yon trezò ki kache.
paske l ap toujou gen valè,
kontrèman ak ajan ak lò.
Pandan w ap li liv Pwovèb la,
gade byenfè li montre n
ka jwenn
lè n met konfyans nou
nan sajès Bondye
olye n konte sou pwòp
sajès nou,
fason li fè n wè defo
nou dwe evite
ak kalite nou dwe
chèche genyen,
epi fason l anseye n
pou n viv
anba dominasyon
Wayòm Bondye a.