JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Egzòd la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Egzòd la.
Moyiz te ekri liv Egzòd la
nan dezè Sinayi
nan ane 1512 anvan
epòk nou an,
yon ane apre Izrayelit yo
te kite Ejip.
Liv sa a kouvri yon peryòd 145 an,
soti depi lanmò Jozèf nan ane
1657 anvan epòk nou an
pou rive nan konstriksyon
tabènak la,
nan ane 1512 anvan
epòk nou an.
Liv Egzòd la di nou kòman
Jewova te delivre Izrayelit yo
ann esklavaj ann Ejip,
kòman li te òganize yo
pou yo vin yon nasyon,
kòman li te aprann yo
fason pou yo adore l.
Liv Egzòd la gen 40 chapit
ladan l.
Nan chapit 1 an,
nou aprann Izrayelit yo te
vin anpil byen rapid.
Se sa k fè Farawon te fè yo
tounen esklav
e li te fè yo travay di.
Soti nan chapit 2 rive
nan chapit 4,
yo rakonte evènman ki te
pase lè Moyiz te fèt,
lè pitit fi Farawon an
te adopte l,
lè l te kouri al Madyan apre l
te fin touye yon ejipsyen
ki t ap maltrete yon ebre.
Plizyè ane annapre, Jewova
te bay Moyiz misyon
pou l t al fè Izrayelit yo
kite peyi Ejip.
Soti nan chapit 7 rive
nan chapit 10,
yo montre Moyiz te sèvi
ak Arawon, frè l la,
pou l sèvi kòm pòtpawòl li.
Plizyè fwa, Moyiz mande
Farawon pou l voye Izrayèl ale,
men, Farawon te refize fè sa.
Jewova te reyaji lè l te lage
10 flewo sou Ejip.
Sa gen ladan l,
fè rivyè Nil la tounen san,
tout peyi a plen ak krapo
e gwo bouton leve ni
sou moun, ni sou bèt.
Nan chapit 12 la,
Bondye te bay enstriksyon sou
fason pou yo te fete fèt Pak la.
Epitou, li te lage 10yèm
e dènye flewo a,
ki se lanmò tout premye pitit yo.
Sa te imilye Farawon,
paske pitit gason l lan te
pami moun ki te mouri yo.
Finalman, li te di Izrayelit yo
al fè wout yo.
Nan chapit 13 la,
Jewova te sèvi ak yon nyaj
ki te gen fòm poto lajounen
e ak yon dife ki te gen
fòm poto leswa
pou l dirije pèp li a, pou l
libere l tou.
Nan chapit 14 ak chapit 15 lan,
Farawon te pati avèk raj
dèyè Izrayelit yo.
Men, Jewova te neye Farawon
ak tout lame l la nan
Lanmè Wouj.
Ansuit, Moyiz ak lòt Izrayelit yo
chante yon chante viktwa
pou Jewova.
Èske w te konnen?
Pa mwayen Moyiz,
Jewova te di Farawon:
“Men pou ki rezon
mwen kite w viv toujou:
pou m ka fè w wè
pisans mwen
e pou m ka fè konnen
non m sou tout tè a.”
Yo te vin konnen non
Bondye toupatou.
Menm apre 40 an,
pèp Kanaran an, ki gen
ladan l Rahab, nan Jeriko,
te sonje evènman ki te pase
nan Lanmè Wouj la.
Sa k pi enpòtan an,
lanmò imilyan Farawon
te jwenn nan
sèvi kòm avètisman
pou tout moun ki opoze
ak Jewova,
Satan ladan l tou.
Nan chapit 16 la,
Jewova te bay
Izrayelit yo lamàn
ki te vin manje prensipal yo
pandan yo t ap vwayaje
nan dezè a.
Nan chapit 19 la,
Moyiz monte nan mòn Sinayi
kote Jewova te pwomèt si
Izrayelit yo obeyi l totalman,
y ap tounen yon wayòm
prèt pou li
e y ap tounen yon nasyon
ki sen pou li.
Nan chapit 20 an,
pèp la te tande kout loray
e yo te wè zèklè,
yo te tande son kòn
e yo te wè lafimen
ki t ap soti nan mòn Sinayi
pandan Bondye t ap bay
10 kòmandman yo.
Nan chapit 24 la,
Moyiz li liv alyans lan
pou pèp la,
epi yo reponn:
“Nou dakò fè tout sa
Jewova di nou fè.”
Soti nan chapit 25 rive
nan chapit 40,
yo pale sitou de fonksyon prèt la,
konstriksyon tabènak la,
lach alyans lan,
pòtlanp lan ak lòt bagay
sakre yo.
Nan chapit 28 ak chapit 29,
yo dekri rad prèt yo ak fason
yo mete yo nan fonksyon yo.
Nan bagay gran prèt la
te gen pou l met sou li yo,
li te gen yon efòd e yon
gwo mouchwa espesyal
ki te gen yon ti plak byen klere
ki fèt ak bon lò sou li.
Yo te grave “Jewova sen”
sou ti plak la.
Nan chapit 32 a,
pandan Moyiz te sou
Mòn Sinayi a,
pèp la fè yon ti bèf annò
e yo adore l
toutpandan yo t ap danse
e yo t ap chante.
Lè Moyiz retounen,
li boule zidòl la e li kraze l.
Epitou, li lage poud la nan dlo a
e li fè Izrayelit yo bwè dlo a.
Nan chapit 34 la,
Moyiz te monte Mòn Sinayi ankò
kote l te tande Jewova k ap
fè konnen non l ak kalite l yo.
Nan chapit 40 lan,
yo di nou nyaj ki te
gen fòm poto a
te kouvri tabènak la nèt
ki te ranpli ak glwa Bondye.
Pandan w ap li liv Egzòd la,
gade ki jan Jewova kapab imilye
moun ki awogan e ki gen ògèy,
gade ki jan li sèvi ak moun
ki gen imilite
e ki gen tanperaman dou
pou akonpli volonte l
e gade kòman delivre l
te delivre Izrayèl la
fè n gen plis lafwa
Wayòm Bondye a pral
delivre nou talè konsa.