JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Chante Salomon an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Chante Salomon an,
yo rele “Cantique
des cantiques” tou.
Wa Salomon te ekri liv
pwezi sa a nan Jerizalèm.
Li te ekri li yon ti tan apre l
te fin konstwi tanp lan.
Nan tout chante Salomon
te ekri yo,
yo konsidere chante sa a
kòm pi bèl chante a.
Fi choulamit la se moun yo plis
pale de li nan chante sa a.
Lòt moun yo mansyone
nan dram sa a
se kèk frè choulamit la genyen,
bèje a, Salomon, pitit fi
Jerizalèm yo,
sa vle di medam ki nan
palè Salomon yo,
ak pitit fi Siyon yo, sa vle di
medam Jerizalèm yo.
Li prezante chante a sou fòm
yon seri konvèsasyon
kote se pa menm moun yo
ki toujou ap pale.
Byenke li pa site non
moun k ap pale yo,
nou ka wè ki moun k ap pale
grasa sa yo menm yo di,
oswa sa lòt moun di yo.
Liv Chante Salomon an
gen 8 chapit.
Chapit 1 an ak chapit 2 a
gen evènman ki te rive
toupre vil Chounèm,
yo rele tou Choulèm.
Yo te mennen choulamit la
nan ka Salomon an.
Men, li te reziste devan bèl
ti pawòl Salomon t ap di,
e li te di se sèl bèje pa l la
li ka renmen.
Èske w te konn sa?
Chounèm se kote Abichag,
demwazèl ki t ap pran swen
David la te fèt,
e se la, byen souvan,
pwofèt Elize te konn desann
lakay yon fanmi.
Soti nan chapit 3 rive
nan chapit 8,
yo dekri yon seri evènman
ki te pase nan Jerizalèm.
Salomon te retounen nan palè li,
li pran choulamit la al avè l pou l
te ka eseye enpresyone l.
Choulamit la te di pitit fi
Jerizalèm yo,
oswa medam ki nan
palè Salomon yo,
pinga yo chèche fè lanmou
grandi nan kè l pou Salomon.
Bèje a te suiv choulamit la
al Jerizalèm,
e li te fòtifye l ak bèl ti pawòl
pou montre jan l renmen l.
Nou ta dwe sonje tout sa te pase
ann Oryan, nan tan lontan,
pou n ka apresye bèl pawòl
tandrès ak pwezi yo te itilize yo
ki ka parèt dwòl jodi a.
Bèje a konpare je choulamit la
ak je yon femèl pijon,
cheve l ak yon twoupo kabrit,
e bò figi l ak tranch grenad.
Salomon pwoche kote l ankò
ak bèl pawòl pou flate l.
Men, li kontinye pa aksepte
bèl ti pawòl Salomon yo.
Nan chapit 8 la, fi choulamit la
retounen lakay li.
Apre l fin montre li atache
ak bèje a sèlman,
li te retounen jwenn bèje l la
li renmen an.
Yo pale de lanmou sa a
yo te genyen ki pa ka fayi a
kòm yon flanm ki soti nan Ja,
paske se Jewova ki Sous
vrè lanmou an.
Pandan w ap li liv sa a,
reflechi sou jan choulamit la
te pwòp nan domèn moral,
jan l te fidèl ak bèje a
e jan vrè lanmou an soti
nan Jewova,
li menm ki baze fason l
dirije a sou lanmou.