JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ezayi a

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Ezayi a.
Ezayi te yon pwofèt Jewova.
Li te ekri liv ki pote non l lan
detan l Jerizalèm,
kapital Wayòm Jida a,
ki te gen de tribi.
Ezayi te gen de pitit gason:
Cheyajachoub ak Mayèchalalachbaz.
Non yo gen rapò ak
evènman ki t apral gen
efè sou Wayòm Jida a
yon ti tan annapre.
Ezayi te fè pou piti 46 an
ap pwofetize
pandan rèy wa Ozyas, Jotam,
Ahaz ak Ezekyas.
Yon seri wa ki t ap dirije Jida.
Li te fin ekri liv li a kèk tan apre
ane 732 anvan epòk nou an.
Oze ak Miche te ekri pwofesi yo a
ozanviwon menm epòk la.
Ezayi te anonse kèk evènman
tankou Wayòm Nò Izrayèl la
t ap tonbe,
sa ki te rive pandan Ezayi
te vivan,
destriksyon Jerizalèm, sa ki te
rive plis pase 100 an annapre,
Babilòn ki t ap tonbe, anviwon
200 an apre epòk Ezayi a,
e Mesi a ki te gen pou parèt,
sa ki te rive plis pase 700 an
apre Ezayi te fin ekri pwofesi a.
Èske w te konn sa?
Pwofesi Ezayi a te bay detay
sou fason Babilòn t ap tonbe,
e li te menm bay non moun
ki t ap pran vil sa a: Siris.
Liv Ezayi a gen 66 chapit.
Nan 6 premye chapit yo,
yo pale anpil sou avètisman
yo te bay
konsènan kalamite ki te gen
pou rive sou Jerizalèm ak Jida
poutèt peche moun yo t ap fè yo.
Nan chapit 6 la, Ezayi te aksepte
envitasyon Jewova te fè l
pou l voye l kòm mesaje l
e li te montre li te dispoze
fè sa lè l te di:
“Men mwen! Voye m!”
Soti nan chapit 7 rive
nan chapit 12,
yo pale sou menas lame
peyi Siri a
ansanm ak lame wayòm 10 tribi
Izrayèl ki nan nò a te fè a.
Men, nan akonplisman
pwofesi Ezayi a,
Asiri te bat toule de
nasyon sa yo.
Konsa, menas la pa t la ankò.
Soti nan chapit 13 rive
nan chapit 23,
yo bay yon seri jijman
kont Babilòn
ak lòt nasyon ki t ap
toupizi pèp Bondye a.
Soti nan chapti 24 rive
nan chapit 35,
yo bay mesaj sou pèp
Jewova a
yo t ap gen pou ravaje,
men ki t ap retabli.
Pami aksyon enfidèl
moun Jida yo te fè,
yo t al chèche pwoteksyon
nan men Asiri,
olye yo te kote sou Jewova.
Epi, pèp Izrayèl la te met
konfyans li nan Ejip.
Soti nan chapit 36 rive
nan chapit 39,
nou li yon seri bèl evènman
ki te rive sou rèy wa Ezekyas.
Senakerib, wa peyi Asiri a,
te anvayi Jida e l te menase
pou l detwi Jerizalèm
si moun nan vil la pa t
rann tèt yo.
Ezekyas te priye Jewova
pou l delivre yo.
Jewova te bay Ezekyas asirans
anyen pa t ap rive Jerizalèm.
Epi li te fè yon mirak pou l
delivre pèp li a
lè l te voye yon zanj touye
185 000 sòlda Asiri
nan yon sèl nuit.
Aktout li te delivre Jida,
finalman, peche moun Jida yo
te lakòz yo te detwi Jerizalèm,
e yo te mennen Juif yo
ann egzil Babilòn.
Soti nan chapit 40 rive
nan chapit 66,
Jewova te konsole pèp li a
e li te pwomèt yo
li t ap retabli vrè adorasyon an
Jerizalèm lè yo sot ann egzil.
W ap remake byen souvan,
pwofesi Ezayi a pale de
Wayòm Bondye a,
kote Mesi a ap dirije, epi retabli
vrè adorasyon an pou toutan.
Ezayi te bay anpil enfòmasyon
sou Mesi a.
Pa egzanp, li te di se yon
fi vyèj ki t ap fè l,
li t ap soti nan fanmi David,
li t ap rete Galile, epi li t ap
geri moun ki malad.
Jezi Kris ak apot li yo te
site pwofesi Ezayi a
plis pase nenpòt lòt moun
pou yo te montre byen klè
kiyès Mesi a ye.
Jezi te menm li Ezayi 61:1, 2
nan sinagòg Nazarèt la
e li te di pawòl yo aplike sou li.
Pandan w ap li liv Ezayi a,
gade ki jan Jijman Jewova
anonse yo toujou reyalize,
fason Jewova delivre moun
ki mete konfyans yo nan li,
e fason rèy Mesi a
yo te anonse a
pral pote lapè pou tè a
pou toutan.