JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jeremi an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jeremi an.
Jewova te sèvi ak pwofèt Jeremi
pou l fè ekri youn nan liv
ki pi gwo ki gen nan Bib la.
Nonsèlman, liv Jeremi an
se liv ki anonse pwofesi,
men tou, se yon liv ki gen istwa
sou sa pwofèt la te viv
e sou santiman ki t ap travèse l.
Anvan Jeremi te fèt,
Jewova te montre li enterese
yon fason espesyal
nan tigason sa a ki t apral fèt
nan yon fanmi prèt.
Jeremi te vin yon moun
k ap fè rechèch
ak yon istoryen ki te fidèl.
Li te ekri liv 1 Wa a, liv 2 Wa a
ak liv Lamantasyon an.
Li te ka prèske gen 25 an lè
Jewova te chwazi l kòm pwofèt,
nan ane 647 anvan epòk nou an.
Sa te fèt mwens pase 100 an
anvan yo te detwi wayòm nò
Izrayèl la.
Se te yon epòk kote te gen
gwo boulvès,
paske te gen plizyè gouvènman
ki te vle pran kontwòl zòn nan.
Jeremi te sèvi antanke pwofèt
pandan anviwon 67 an
rive jis nan ane 580 anvan
epòk nou an.
Jeremi te sèvi kòm pwofèt
pandan rèy Jozyas ki te
yon bon wa,
epi, pandan rèy Jewoyakaz,
Jewoyakim, Jewoyakin
ak Sedesyas,
yon seri wa ki te mechan.
Jeremi te gen anviwon 40 an
depi l ap sèvi kòm pwofèt
lè yo te detwi Jerizalèm
ak tanp lan,
e yo te mennen rès moun ki pa t
mouri yo nan prizon Babilòn
nan ane 607 anvan epòk nou an.
Annapre, yo te pran Jeremi
mennen l Ejip.
Li te kontinye fè travay li antanke
pwofèt Jewova nan peyi sa a.
Jeremi te fin ekri liv li a nan
ane 580 anvan epòk nou an,
27 an apre yo te fin
detwi Jerizalèm.
Epitou, Bondye te enspire
pwofèt Nawoum,
Abakouk, Obadya ak Ezekyèl
nan menm peryòd tan sa a
pou yo te ekri pwofesi yo a.
Pwofèt Dànyèl tou se yon moun
ki te viv nan menm epòk la.
Men, li te fin ekri liv li a
jis ozanviwon ane 536
anvan epòk nou an.
Liv Jeremi an gen 52 chapit.
Yo pa ekri evènman yo
nan lòd yo te fèt la,
men pito, yo ekri yo selon
sijè y ap pale sou li a.
Nan premye chapit la,
Jewova bay pwofèt Jeremi misyon
pou l anonse yon mesaj jijman
ak yon mesaj espwa.
Soti nan chapit 2 rive
nan chapit 24,
yo pale sou jijman Jewova
te anonse
konsènan moun ki t ap
viv Jerizalèm yo
pou move bagay yo t ap fè yo
tankou adore zidòl ak fè vyolans.
Jan Jewova te di Jeremi
pou l fè sa,
Jeremi te kraze yon krich
ki te fèt ak ajil
pou l te montre jan Bondye
t apral pini nasyon an
pou move konduit li te
genyen an.
Soti nan chapit 29 rive
nan chapit 34,
yo bay Juif ki fidèl ki t apral
ann egzil yo rekonfò.
Jeremi repale sou pwomès
Jewova te fè
pou l fè Juif yo
retounen Jerizalèm
e pou l akonpli alyans
li te fè ak David la
pou gen yon wayòm
ki la pou toutan,
e k ap fè se sa ki jis
ki fèt sou tè a.
Èske w te konnen?
Se pa mwayen liv Jeremi an
pwofèt Dànyèl te rive konprann
Jerizalèm t ap rete vid
pandan 70 an
e yo t apral libere
pèp Bondye a.
Gen anpil chapit nan
liv Jeremi an
ki rakonte fason Jeremi
te montre l gen kran
pou l anonse mesaj
Jewova a
menm lè l te jwenn
gwo pèsekisyon.
Nan chapit 36 la,
Jeremi dikte Bawouk,
sekretè li a,
pawòl Jewova te anonse
kont pèp li a
e kont tout nasyon yo.
Lè wa Jewoyakim t ap koute
mesaj yo t ap li pou li a,
li te chire woulo a e li te
lage l nan dife.
Men, Jewova te bay Jeremi lòd
pou l fè ekri l ankò.
Nan chapit 38 la,
yo rakonte fason wa Sedesyas
te lage Jeremi
nan men ènmi Jeremi yo
pou yo te lage pwofèt la
nan yon sitèn ki plen labou.
Annapre, Ebèdmelèk,
yon sèvitè fidèl Jewova
te sove l.
Liv Jeremi an gen yon seri
jijman Bondye te anonse
kont anpil nasyon
tankou Ejip,
Filisti,
Mowab,
Amon,
Edòm ak Babilòn.
Yo te kondane nasyon sa yo
paske yo te ènmi pèp Bondye a.
Jeremi te pale de yon
seri evènman
tankou dènye jou Jerizalèm yo,
fason Babilòn t ap detwi
vil sa a
ak konsekans destriksyon sa a.
Pandan n ap etidye liv Jeremi an,
gade fason Jewova te
kondane mechan yo
men, li te bay moun
ki fidèl yo espwa,
fason Jeremi te kontinye ranpli
misyon l fidèlman
menm lè l te jwenn eprèv,
epi fason Jewova te pwomèt
l ap tabli yon wayòm
k ap fè se sa ki jis k ap fèt
sou tout tè a.