00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Ezekyèl la.00:00:05
00:00:06
Ezekyèl te pitit yon prèt00:00:08
00:00:09
e li te yon pwofèt Jewova.00:00:11
00:00:13
Li te viv Jida rive jis nan ane
617 anvan epòk nou an00:00:17
00:00:18
lè Jewoyakin, wa Jida a,00:00:19
00:00:19
te oblije rann tèt li bay
Babilònyen yo.00:00:22
00:00:22
Ezekyèl te pami Juif
wa Nebikadneza00:00:25
00:00:25
te mennen ann egzil
Babilòn lè sa a.00:00:27
00:00:30
Nan ane 613 anvan epòk nou an,00:00:32
00:00:33
Jewova te bay Ezekyèl yon
pwofesi pou l anonse00:00:35
00:00:35
Juif ki ann egzil e ki te
prizonye nan vil Babilòn.00:00:39
00:00:39
Ezekyèl te fè pou pi piti00:00:41
00:00:41
22 an ap ranpli asiyasyon l
avèk fidelite.00:00:44
00:00:45
Li te fin ekri liv li a ozanviwon
ane 591 anvan epòk nou an.00:00:50
00:00:50
Ezekyèl te pwofetize
nan menm epòk00:00:52
00:00:52
ak Obadya ak Jeremi ki te Jida
e ak Dànyèl ki te Babilòn.00:00:57
00:01:00
Nan tout liv Ezekyèl la,00:01:02
00:01:02
yo mete aksan sou non
Jewova ki dwe vin sen.00:01:05
00:01:06
Ekspresyon “Jewova,
Seyè ki souvren an”00:01:10
00:01:10
parèt 217 fwa nan liv la.00:01:12
00:01:14
Liv Ezekyèl la gen 48 chapit.00:01:17
00:01:18
Soti chapit 1 rive chapit 3,00:01:20
00:01:20
nou jwenn vizyon ki bay
lakrentif Ezekyèl te fè00:01:24
00:01:24
lè l te bò rivyè Keba a.00:01:25
00:01:26
Nan yon gwo van tanpèt,00:01:28
00:01:29
Ezekyèl te wè kat kreyati
vivan ki gen glwa,00:01:32
00:01:32
oswa cheriben.00:01:34
00:01:34
Yo chak te gen kat figi:00:01:36
00:01:36
Yon figi moun, yon figi lyon,00:01:39
00:01:39
yon figi towo bèf ak yon figi èg.00:01:42
00:01:42
Figi sa yo reprezante plizyè
nan kalite Jewova genyen yo.00:01:46
00:01:47
Ezekyèl te ret bouch ouvè00:01:49
00:01:49
lè l te fè yon vizyon kote l te
wè yon cha nan syèl la00:01:52
00:01:52
e se lespri Bondye k ap dirije l.00:01:54
00:01:54
Cha sa a reprezante00:01:56
00:01:56
pati òganizasyon Jewova a
ki nan syèl la.00:01:59
00:01:59
Soti chapit 4 rive chapit 24,00:02:01
00:02:01
n ap jwenn jijman Jewova
te bay kont Jerizalèm00:02:04
00:02:04
ak Izrayelit rebèl yo ki te
nan idolatri.00:02:07
00:02:08
Byen souvan, Ezekyèl te
konn fè yon seri aksyon00:02:11
00:02:11
pou l anonse pwofesi
Jewova yo.00:02:13
00:02:14
Pa egzanp, Jewova te
di Ezekyèl00:02:16
00:02:16
pou l grave desen vil
Jerizalèm sou yon brik,00:02:20
00:02:20
epi montre yo ansèkle l.00:02:22
00:02:23
Li te kouche sou yon bò
pandan 430 jou00:02:26
00:02:26
pou l montre yo t ap gen
pou yo ansèkle vil la.00:02:28
00:02:29
Soti chapit 25 rive chapit 32,00:02:32
00:02:32
Jewova te konsantre l sou
nasyon ki ozalantou yo.00:02:36
00:02:36
Yo te resevwa yon gwo jijman00:02:38
00:02:38
paske yo te opoze
ak pèp Bondye a.00:02:40
00:02:41
Jewova te fè Ezekyèl anonse00:02:44
00:02:44
yo t ap detwi vil Ti ak
wa vil sa a.00:02:47
00:02:50
Èske w te konnen?00:02:52
00:02:52
Pwofesi konsènan Ti a
te reyalize an de pati.00:02:56
00:02:56
Plizyè ane apre Nebikadneza
te fin detwi vil prensipal la,00:03:00
00:03:00
Aleksann Legran te fin
detwi l nèt00:03:03
00:03:03
lè l te sèvi ak rès ranblè
Nebikadneza te kite yo00:03:07
00:03:07
pou l konstwi yon pon ale
sou zile vil Ti a.00:03:10
00:03:13
Soti chapit 33 rive chapit 48,00:03:16
00:03:16
gen yon mesaj ki bay espwa00:03:18
00:03:18
e ki fè konnen vrè adorayon an
t ap vin jan l te ye a.00:03:22
00:03:22
Soti chapit 40 rive chapit 48,00:03:24
00:03:25
nou jwenn yon vizyon Jewova
te bay Ezekyèl sou tanp lan.00:03:28
00:03:28
Vizyon sou tanp lan montre
prensip wo nivo Jewova yo00:03:32
00:03:32
gen anpil enpòtans nan vrè
adorasyon an.00:03:35
00:03:37
Pandan w ap etidye liv sa a,00:03:39
00:03:39
remake bèl kalite Jewova
genyen yo ki bay lakrentif,00:03:43
00:03:43
fason Ezekyèl te toujou suiv
enstriksyon Jewova bay,00:03:46
00:03:46
ak pwomès Jewova fè pou l
sèvi ak Wayòm li an00:03:50
00:03:50
pou l fè tout moun pratike
vrè adorasyon an.00:03:54
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ezekyèl la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ezekyèl la
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Ezekyèl la.
Ezekyèl te pitit yon prèt
e li te yon pwofèt Jewova.
Li te viv Jida rive jis nan ane
617 anvan epòk nou an
lè Jewoyakin, wa Jida a,
te oblije rann tèt li bay
Babilònyen yo.
Ezekyèl te pami Juif
wa Nebikadneza
te mennen ann egzil
Babilòn lè sa a.
Nan ane 613 anvan epòk nou an,
Jewova te bay Ezekyèl yon
pwofesi pou l anonse
Juif ki ann egzil e ki te
prizonye nan vil Babilòn.
Ezekyèl te fè pou pi piti
22 an ap ranpli asiyasyon l
avèk fidelite.
Li te fin ekri liv li a ozanviwon
ane 591 anvan epòk nou an.
Ezekyèl te pwofetize
nan menm epòk
ak Obadya ak Jeremi ki te Jida
e ak Dànyèl ki te Babilòn.
Nan tout liv Ezekyèl la,
yo mete aksan sou non
Jewova ki dwe vin sen.
Ekspresyon “Jewova,
Seyè ki souvren an”
parèt 217 fwa nan liv la.
Liv Ezekyèl la gen 48 chapit.
Soti chapit 1 rive chapit 3,
nou jwenn vizyon ki bay
lakrentif Ezekyèl te fè
lè l te bò rivyè Keba a.
Nan yon gwo van tanpèt,
Ezekyèl te wè kat kreyati
vivan ki gen glwa,
oswa cheriben.
Yo chak te gen kat figi:
Yon figi moun, yon figi lyon,
yon figi towo bèf ak yon figi èg.
Figi sa yo reprezante plizyè
nan kalite Jewova genyen yo.
Ezekyèl te ret bouch ouvè
lè l te fè yon vizyon kote l te
wè yon cha nan syèl la
e se lespri Bondye k ap dirije l.
Cha sa a reprezante
pati òganizasyon Jewova a
ki nan syèl la.
Soti chapit 4 rive chapit 24,
n ap jwenn jijman Jewova
te bay kont Jerizalèm
ak Izrayelit rebèl yo ki te
nan idolatri.
Byen souvan, Ezekyèl te
konn fè yon seri aksyon
pou l anonse pwofesi
Jewova yo.
Pa egzanp, Jewova te
di Ezekyèl
pou l grave desen vil
Jerizalèm sou yon brik,
epi montre yo ansèkle l.
Li te kouche sou yon bò
pandan 430 jou
pou l montre yo t ap gen
pou yo ansèkle vil la.
Soti chapit 25 rive chapit 32,
Jewova te konsantre l sou
nasyon ki ozalantou yo.
Yo te resevwa yon gwo jijman
paske yo te opoze
ak pèp Bondye a.
Jewova te fè Ezekyèl anonse
yo t ap detwi vil Ti ak
wa vil sa a.
Èske w te konnen?
Pwofesi konsènan Ti a
te reyalize an de pati.
Plizyè ane apre Nebikadneza
te fin detwi vil prensipal la,
Aleksann Legran te fin
detwi l nèt
lè l te sèvi ak rès ranblè
Nebikadneza te kite yo
pou l konstwi yon pon ale
sou zile vil Ti a.
Soti chapit 33 rive chapit 48,
gen yon mesaj ki bay espwa
e ki fè konnen vrè adorayon an
t ap vin jan l te ye a.
Soti chapit 40 rive chapit 48,
nou jwenn yon vizyon Jewova
te bay Ezekyèl sou tanp lan.
Vizyon sou tanp lan montre
prensip wo nivo Jewova yo
gen anpil enpòtans nan vrè
adorasyon an.
Pandan w ap etidye liv sa a,
remake bèl kalite Jewova
genyen yo ki bay lakrentif,
fason Ezekyèl te toujou suiv
enstriksyon Jewova bay,
ak pwomès Jewova fè pou l
sèvi ak Wayòm li an
pou l fè tout moun pratike
vrè adorasyon an.
-