JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Dànyèl la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Dànyèl la.
Dànyèl te ekri liv pwofetik sa a
pandan l Babilòn.
Yo te mennen l Babilòn, petèt,
li te yon jèn prens nan Jide,
ansanm ak lòt moun ki sot
nan gran fanmi.
Rive yon lè, Dànyèl te vin
youn nan moun ki nan
gwo pozisyon Babilòn,
e annapre, nan anpi
Medi ak Pès la.
Dànyèl te kòmanse liv li a
ak yon seri evènman
ki te kòmanse
nan ane 618 anvan
epòk nou an.
Alepòk, Dànyèl te jèn toujou.
Li te fin ekri liv la nan zòn ane
536 anvan epòk nou an.
Obadya, Ezekyèl ak Jeremi
te viv nan menm epòk
ak Dànyèl.
Yo te viv nan yon epòk
kote bagay yo te difisil anpil
pou pèp Izrayèl la.
Se nan menm epòk la,
yo te detwi Jerizalèm.
Dànyèl te la lè anpi Medi
ak Pès la te anvayi Babilòn
ak lè ti rès moun ki te fidèl
nan pèp Bondye a
te retounen Jerizalèm.
Men, li pa t tounen Jerizalèm
ansanm avèk yo.
Petèt, paske li te gentan
fin granmoun.
Liv Dànyèl la gen
12 chapit ladan l.
Soti chapit 1 rive chapit 6,
nou jwenn kèk eksperyans
Dànyèl ak twa
konpayon l yo te fè,
selon lòd evènman yo te pase.
Soti chapit 7 rive chapit 12,
nou jwenn rèv ak vizyon
Jewova te fè l fè yo.
Chapit 1, 3 ak 6,
montre jan Dànyèl ak twa
konpayon ebre l yo
te rete fidèl nan plizyè okazyon.
Lè yo te jèn gason,
Yo te refize manje manje,
epi bwè bwason ki t ap fè
yo pa pwòp nan je Bondye.
Yon lè apre sa,
twa konpayon Dànyèl yo,
Chadrak, Mechak ak Abèdnego,
te prefere yo lage yo nan
yon founèz dife byen limen
pase pou yo te adore estati
ki te reprezante gouvènman
Babilòn nan.
Plizyè ane annapre,
malgre te gen yon dekrè
ki te oblije pou moun priye
Dariyis sèlman,
Dànyèl te kontinye
priye Jewova.
Poutèt sa, yo te lage l nan
yon twou ki gen lyon.
Dànyèl ak twa konpayon l yo
te rete fidèl devan chak eprèv
e Jewova te pwoteje yo.
Chapit 2 ak chapit 4 la
montre jan Jewova te bay
Dànyèl kapasite
pou l entèprete 2 rèv
wa Nebikadneza te fè.
Chak rèv sa yo Bondye te fè l
fè yo te gen yon sans pwofetik.
Nan premye rèv la,
li te wè yon estati ki te fèt
ak diferan metal.
Estati sa a te reprezante
plizyè pisans mondyal
ki t ap pase youn apre lòt e ki
t ap gen efè sou pèp Bondye a.
Fen pwofesi a montre yo t ap
elimine tout pisans sa yo,
e se Wayòm Bondye a sèlman
ki t ap gen pou dirije limanite.
Nan dezyèm rèv la,
Nebikadneza te wè yon pyebwa
men wotè ki rive jis nan syèl la.
Yo koupe pyebwa a e yo mete
yon sèk toutotou l pou sèt tan.
Sa vle di, okenn moun pa t ap
dirije pandan tan sa a.
Men, piske yo te pèmèt
chouk bwa a rete,
sa montre t ap vin gen moun
pou dirije ankò.
Chapit senk lan pale de
yon mirak ki te fèt
kote yon men t ap ekri
sou yon mi
nan palè wa Bèlchaza a,
yon wa Babilòn,
lè l t ap fè yon gwo resepsyon.
Dànyèl te di Bèlchaza
sa ki ekri a
se yon avètisman Babilòn
t ap tonbe
nan men moun Medi
ak Pès yo.
E vrèmanvre,
Babilòn te tonbe menm
jou swa sa a.
Èske w te konnen?
Se nan lang arameyen
yo te ekri yon bon pati
nan liv Dànyèl la.
Moun te konn pale arameyen
nan tan lontan
e li gen menm lèt ak
alfabè ebre a.
Chapit 7 ak chapit 8 pale
sou vizyon Dànyèl te fè
konsènan yon seri bèt ki
reprezante jan Babilòn,
anpi Medi ak Pès,
Lagrès ak Wòm t ap parèt
ak fason yo t ap disparèt.
Anplis de sa,
Jewova bay Pitit Gason l lan
yon Wayòm k ap la pou toutan
ki pral ranplase tout
gouvènman lèzòm yo.
Chapit 9 la montre
grasa etid Dànyèl te fè nan
pawòl Bondye te fè ekri a,
li te vin konprann Juif yo t ap
genyen pou yo lib kanmenm.
Apre sa, nou li, pandan
Dànyèl t ap priye,
yon zanj te parèt sou li
e li te ba l anpil enfòmasyon
sou Mesi a.
Nan chapit 10 rive chapit 12,
yo fè konnen yon zanj te vin
kot Dànyèl ankò.
Li ankouraje l e li ba l plis
vizyon toujou sou lavni.
Yon bon pati nan pwofesi a
pale konsènan de wa
ki pa t ap janm sispann
nan konpetisyon youn ak lòt
pou yo gen plis pouvwa.
Pwofesi sa a t ap kontinye
akonpli nan dènye jou yo.
Zanj lan bay Dànyèl asirans
Dànyèl gen apwobasyon Bondye.
E li di Dànyèl
menm lè l pral dòmi nan
lanmò talè konsa,
l ap resisite nan fen jou yo.
Pandan w ap li liv sa a,
note jan Bondye bay fidelite
Dànyèl anpil enpòtans,
jan Jewova fè sa l vle ak
wa yo ak gouvènman yo
pou l akonpli objektif li.
Epi, note jan Jewova bay
Pitit Gason l lan
yon Wayòm k ap la
pou toutan
ki pral ranplase tout
gouvènman lèzòm yo.