JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Oze a

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Oze a.
Oze t ap sèvi kòm pwofèt
nan 10 tribi Izrayèl yo,
e pwofesi l te anonse yo te
konsène nasyon an menm.
Miche ak Ezayi te viv
nan menm epòk avè l
e yo t ap sèvi kòm pwofèt nan
wayòm Jida a ki te nan sid.
Oze te kòmanse asiyasyon l
pou pi ta,
nan ane 804 anvan
epòk nou an,
sou rèy wa Jewobowam II.
Li te kontinye sèvi kòm pwofèt
pandan anviwon 60 an,
yon ti tan apre ane 745
anvan epòk nou an,
lè li te fin ekri liv ki
pote non l lan.
Oze te pwofetize nan
yon epòk
kote te gen gwo
pwoblèm politik.
Yo te asasinen 4 wa
Izrayelit nan epòk sa a.
Liv Oze a gen 14 chapit.
Soti chapit 1 rive chapit 3,
Jewova te itilize lavi fanmi
Oze kòm egzanp
pou l montre fason l t ap
boule ak pèp Izrayèl la.
Jewova te mande Oze pou l
marye ak yon fi ki annapre
t apral fè adiltè plizyè fwa.
Oze te marye ak Gomè ki te
vin pa fidèl avè l annapre.
Maryaj Oze ak Gomè
te senbolize maryaj Jewova
te fè ak nasyon Izrayèl la
pa mwayen alyans Bondye te fè
pa mwayen Moyiz la.
Fidèl Gomè pa t fidèl la
te montre jan Izrayelit yo
te trayi Jewova
lè yo t al adore fo dye e lè yo te
fè alyans politik ak lòt nasyon.
Chapit 3 a gen enstriksyon
Jewova te bay Oze
pou l retounen viv ak
madanm li ki pa t fidèl.
Sa te montre volonte
Jewova te genyen
pou l montre mizèrikòd
pou Izrayelit yo
si yo sispann adore zidòl,
epi yo obeyi Jewova.
Oze te anonse Izrayelit yo
t ap chèche Jewova
ak David, wa yo a.
yon pwofesi ki jwenn
akonplisman final li
lè Jezi te vin wa nan syèl la.
Èske w te konnen?
Nan epòk sa a,
yo te bay wayòm dis tribi
Izrayèl yo ki te nan nò a
pot non Efrayim
oswa Samari.
Se tribi Efrayim nan ki te gen
plis enfliyans nan wayòm nan,
e Samari se te kapital la.
Chapit 4 rive nan chapit 13
pale konsènan jijman
Jewova te bay
kont tribi Efrayim nan
ki pa t fidèl.
Sa te rive lè Asiri te pran
nasyon an
ak Samari, kapital la.
Chapit 14 la gen yon
bèl envitasyon
pou Izrayelit yo retounen
vin jwenn Jewova,
Li menm ki ba yo garanti
l ap fè yo mizèrikòd.
Tank n ap etidye liv Oze a,
remake jan Jewova mande n
yon adorasyon ki san ipokrizi,
jan li dispoze padone
moun ki repanti,
e jan l kenbe pwomès li fè
pou l fè yon wa soti nan
liy fanmi David
e ki pral dirije nan syèl la.