JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jowèl la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jowèl la.
Jowèl te pwofetize nan
wayòm de tribi Jida yo
nan nevyèm syèk anvan
epòk nou an,
e sanble li te ekri pwofesi l
te anonse yo
ozanviwon ane 820
anvan epòk nou an,
sou rèy wa Ozyas.
Jowèl te viv nan menm epòk
ak pwofèt Jonas ak Amòs.
Liv la gen twa chapit
e li bay avètisman anrapò ak
jou Jewova a k ap pwoche.
Chapit 1 ak chapit 2 a
pale konsènan yon bann krikèt
ki t apral ravaje peyi a.
sa ki t ap lakòz yon
gwo grangou.
Krikèt sa yo gen dan
ki tankou dan lyon.
Yo kouri tankou cheval.
Yo grenpe mi tankou sòlda
e bri yo fè tankou bri
charyo ki nan lagè.
Byenke fo adorasyon an
te gaye nan Jerizalèm
ak nan Jida,
Jewova pa t ap tolere
pèp la ki t ap fè rebèl.
Sèl espwa Jida te genyen
se te repanti epi kase tèt
tounen vin jwenn Jewova.
Èske w te konnen?
Apot Pòl te site pawòl
Jowèl yo lè l te di:
“Tout moun ki met konfyans yo
nan non Jewova ap sove.”
Met konfyans nan non Jewova
mande pou n konnen l,
fè l konfyans, obeyi l,
epi, mete l nan premye
plas nan lavi n.
Nan chapit 3 a,
Bondye te mande nasyon yo kont
poutèt yo te maltrete pèp li a.
Y ap kraze yo tankou rezen
nan près diven.
Apre sa, Jewova pwomèt
benediksyon Wayòm nan
pral pote
nan domèn fizik ak espirityèl.
Tout kreyati nan syèl la
ak sou tè a
pral met tèt yo ansanm
pou yo adore Jewova.
Tank w ap li liv Jowèl la,
remake jan sa te fini mal
pou moun ki te fè tèt yo
tounen ènmi Bondye yo,
e jan sa te fini byen
pou moun ki te repanti
e ki te kase tèt tounen
vin jwenn Bondye yo.
Epi, remake jan pwofesi
Jowèl la ap reyalize
nan simaye mesaj
Wayòm nan.