JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Levitik

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Levitik la.
Moyiz te ekri liv Levitik la
nan Dezè Sinayi
nan ane 1512 anvan
epòk nou an.
Yo te vin rele liv sa a Levitik
ki soti nan yon mo grèk
ki vle di “Se pou Levit yo”.
Sepandan, yo pa t ekri liv sa a
pou Levit yo sèlman,
men, pou tout nasyon Izrayèl la.
Liv Levitik la pale sou
sa k te pase
pandan anviwon yon mwa.
Li dekri evènman ki te rive tousuit
apre konstriksyon tabènak la.
Liv Levitik la mete aksan
sou Jewova ki sen
ak sou fason pèp li a dwe sen
lè yo obeyi kòmandman l yo.
Chapit 1 rive nan chapit 7
pale de sakrifis ak ofrann
yo te dwe bay Jewova.
Chapit 8 ak chapit 9
pale de enstalasyon prèt yo
nan fonksyon yo
lè yo te vide luil sou tèt
Arawon kòm gran prèt
ak premye sakrifis Arawon te ofri.
Nan chapit 10 la,
Jewova te touye prèt
Nadab ak Abiyou,
de pitit gason Arawon,
poutèt yo te boule lansan
pou Jewova
san yo pa t gen dwa.
Apre sa, Jewova te bay lòd
pou prèt yo pa bwè alkòl anvan
yo antre nan tant reyinyon an,
oswa nan tabènak la.
Chapit 11 rive nan chapit 15
gen yon seri lwa konsènan
sa ki pwòp ak sa ki pa pwòp.
Anrapò ak manje,
Jewova di Izrayelit yo
ki bèt yo ka manje
ak bèt yo pa ka manje.
Nan chapit 16 la,
Jewova bay enstriksyon
sou jou Pirifikasyon an.
Chapit 17 rive nan chapit 20
gen lwa sou konduit ki sen.
Pa egzanp, pèp Bondye a
pa dwe manje san
oubyen patisipe nan idolatri,
oswa gen rapò ak movèzespri,
jan lòt nasyon yo fè sa.
Yo dwe montre konsiderasyon
pou moun ki avèg,
moun ki soud ak etranje yo.
E yo dwe trete moun ki
granmoun yo avèk respè.
Èske w te konnen?
Dispozisyon yo mansyone
nan liv Levitik la
se te lonbray bon bagay
ki gen pou vini yo
jan liv Ebre a esplike sa.
Pa egzanp, gran prèt la
te reprezante Jezi Kris.
San bèt yo te konn sakrifye yo
te reprezante san Jezi.
Kote ki pi sen nan tabènak la
reprezante syèl la menm,
kote Jezi te parèt pou nou
devan Bondye.
Chapit 21 ak chapit 22
bay yon seri lwa pou prèt yo.
Pa egzanp, moun k ap sèvi
antanke prèt yo
pa dwe gen okenn domaj
e yo dwe anfòm.
Chapit 23 ak chapit 24
gen enstriksyon konsènan
fèt ak jou ki sakre yo.
Jewova te bay enstriksyon tou
konsènan lanp yo nan tabènak la
ak pen ki won yo konn prezante yo.
Chapit 24 la mete aksan tou
sou non Bondye ki sen.
Jewova te bay lòd pou yo
touye yon moun
ki derespekte non l
ak kout wòch.
Chapit 25 lan gen lwa
sou ane Saba a,
ane Liberasyon an,
moun k ap rejwenn byen yo
ak fason pou yo trete pòv yo.
Yo te dwe trete esklav yo
avèk bonte
kòm moun k ap travay
pou lajan yo.
Chapit 26 la pale de
benediksyon moun ki obeyi
Jewova yo ap jwenn
ak pinisyon moun ki pa
obeyi l yo ap jwenn.
Pou fini, chapit 27
nan liv Levitik la
gen lwa sou bagay yo te
vwe bay Jewova
ak bagay yo te mete
apa pou li.
Pandan w ap li liv Levitik la,
gade ki jan nou ka
fè efò pou n sen
lè nou imite Jewova,
fason nou dwe gen gwo
respè pou non l ki sen,
e fason nou ka gen konfyans
tout tè a pral vin pwòp
jan Bondye vle la
anba dominasyon
pitit gason l lan,
Gran prèt e Wa nan
Wayòm Bondye a.