00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Obadya a.00:00:05
00:00:06
Obadya te yon pwofèt Jewova.00:00:08
00:00:10
Li te ekri pwofesi l la ozanviwon
ane 607 anvan epòk nou an,00:00:14
00:00:14
apre moun Babilòn yo
te detwi vil Jerizalèm.00:00:17
00:00:18
Obadya t ap viv nan menm epòk
ak Jeremi, Dànyèl ak Ezekyèl.00:00:24
00:00:26
Liv Obadya a se liv ki pi kout
nan Liv ki te ekri ann ebre yo.00:00:31
00:00:31
Li gen yon chapit sèlman.00:00:33
00:00:34
Obadya te anonse yon mesaj
jijman kont moun peyi Edòm yo.00:00:38
00:00:41
Lè moun Babilòn yo t ap
detwi Jerizalèm,00:00:44
00:00:44
moun Edòm yo te rejwi
nan soufrans Izrayelit yo.00:00:49
00:00:50
Moun Edòm yo te kenbe Izrayelit
ki t ap chape poul yo,00:00:53
00:00:53
yo te mennen yo bay
moun Babilòn yo,00:00:55
00:00:55
epi, yo te pran nan byen
Juif sa yo00:00:57
00:00:57
moun Babilòn yo te
pran kaptif yo.00:00:59
00:01:01
Èske w te konnen?00:01:02
00:01:03
Moun Edòm yo te fanmi
Izrayelit yo.00:01:05
00:01:05
Se desandan frè jimo Jakòb la
yo te ye, anpalan de Ezawou.00:01:09
00:01:09
Yo te ba yo non Edòm nan
ki vle di wouj00:01:12
00:01:12
apre Ezawou te fin vann dwa
li genyen kòm premye pitit la00:01:16
00:01:16
pou yon bòl bouyon pwa wouj.00:01:18
00:01:18
Obadya te anonse moun peyi
Edòm yo t ap tonbe00:01:22
00:01:22
anba men moun yo te
fè alyans avèk yo a.00:01:24
00:01:25
Pwofesi sa a te kòmanse reyalize00:01:27
00:01:27
lè moun Babilòn yo te
anvayi peyi Edòm.00:01:30
00:01:30
Rive yon lè, Edòm te
disparèt nèt.00:01:34
00:01:35
Nan dènye vèsè yo,00:01:36
00:01:36
Jewova pwomèt l ap fè
nasyon Izrayèl la00:01:38
00:01:38
retounen vin djanm ankò.00:01:40
00:01:40
Li t ap fè vrè adorasyon an vin
jan l te ye a nan vil Jerizalèm.00:01:44
00:01:45
Men ki jan liv la fini:00:01:47
00:01:48
“Se Jewova k ap vin Wa.”00:01:50
00:01:51
Sa ki montre Jewova
pral jistifye00:01:53
00:01:53
dwa l genyen pou l dirije
pou toutan an.00:01:56
00:01:58
Pandan w ap li liv Obadya a,00:02:00
00:02:00
remake jan Jewova byen konnen
lè pèp li a ap sibi pèsekisyon,00:02:05
00:02:06
jan Jewova bay pèp li a espwa
nan moman difisil,00:02:09
00:02:11
ak jan Jewova pral jistifye
dwa li genyen00:02:14
00:02:14
pou l dirije pou toutan an.00:02:16
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Obadya a
-
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Obadya a
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Obadya a.
Obadya te yon pwofèt Jewova.
Li te ekri pwofesi l la ozanviwon
ane 607 anvan epòk nou an,
apre moun Babilòn yo
te detwi vil Jerizalèm.
Obadya t ap viv nan menm epòk
ak Jeremi, Dànyèl ak Ezekyèl.
Liv Obadya a se liv ki pi kout
nan Liv ki te ekri ann ebre yo.
Li gen yon chapit sèlman.
Obadya te anonse yon mesaj
jijman kont moun peyi Edòm yo.
Lè moun Babilòn yo t ap
detwi Jerizalèm,
moun Edòm yo te rejwi
nan soufrans Izrayelit yo.
Moun Edòm yo te kenbe Izrayelit
ki t ap chape poul yo,
yo te mennen yo bay
moun Babilòn yo,
epi, yo te pran nan byen
Juif sa yo
moun Babilòn yo te
pran kaptif yo.
Èske w te konnen?
Moun Edòm yo te fanmi
Izrayelit yo.
Se desandan frè jimo Jakòb la
yo te ye, anpalan de Ezawou.
Yo te ba yo non Edòm nan
ki vle di wouj
apre Ezawou te fin vann dwa
li genyen kòm premye pitit la
pou yon bòl bouyon pwa wouj.
Obadya te anonse moun peyi
Edòm yo t ap tonbe
anba men moun yo te
fè alyans avèk yo a.
Pwofesi sa a te kòmanse reyalize
lè moun Babilòn yo te
anvayi peyi Edòm.
Rive yon lè, Edòm te
disparèt nèt.
Nan dènye vèsè yo,
Jewova pwomèt l ap fè
nasyon Izrayèl la
retounen vin djanm ankò.
Li t ap fè vrè adorasyon an vin
jan l te ye a nan vil Jerizalèm.
Men ki jan liv la fini:
“Se Jewova k ap vin Wa.”
Sa ki montre Jewova
pral jistifye
dwa l genyen pou l dirije
pou toutan an.
Pandan w ap li liv Obadya a,
remake jan Jewova byen konnen
lè pèp li a ap sibi pèsekisyon,
jan Jewova bay pèp li a espwa
nan moman difisil,
ak jan Jewova pral jistifye
dwa li genyen
pou l dirije pou toutan an.
-