00:00:01
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jonas la.00:00:04
00:00:07
Jewova te bay pwofèt Jonas
asiyasyon pou l al00:00:10
00:00:10
avèti moun nan vil Niniv,
nan peyi Asiri.00:00:13
00:00:16
Jonas te pwofetize nan epòk00:00:18
00:00:18
wa Jewobowam II t ap
dirije Izrayèl.00:00:21
00:00:22
Jonas te ekri liv ki pote
non l lan00:00:24
00:00:24
ozanviwon ane 844
anvan epòk nou an.00:00:28
00:00:28
Se te anviwon 100 an00:00:30
00:00:30
anvan Asiri te mennen
pèp Izrayèl la ann egzil,00:00:33
00:00:33
e anviwon 200 an anvan
Nawoum te anonse00:00:36
00:00:36
vil Niniv, nan peyi Asiri,
t ap detwi.00:00:39
00:00:42
Jonas te viv apeprè nan
menm epòk ak Amòs00:00:45
00:00:45
ki te pwofetize tou nan
wayòm nò a,00:00:47
00:00:47
anpalan de Izrayèl,00:00:48
00:00:48
e ak Jowèl ki te pwofetize
nan Jida.00:00:51
00:00:52
Liv Jonas la gen 4 chapit.00:00:55
00:00:56
Nan chapit 1 ak chapit 2,00:00:58
00:00:58
Nou aprann Jewova te bay
Jonas asiyasyon pou l al Niniv.00:01:02
00:01:02
Jonas te tèlman twouve
asiyasyon an twòp pou li,00:01:05
00:01:05
li pran bato pou l al Tasis.00:01:07
00:01:08
Jewova te voye yon gwo
tanpèt sou lanmè a.00:01:11
00:01:11
Jonas konnen se poutèt li
ki fè gen gwo tanpèt sa a.00:01:14
00:01:15
Se sa k fè, li te mande maren yo
pou yo lage l nan lanmè a.00:01:18
00:01:20
Kou yo fin lage l nan lanmè a,
tanpèt la te vin kalme.00:01:23
00:01:25
Jewova voye yon gwo
pwason vale Jonas.00:01:28
00:01:29
Pandan Jonas nan vant
pwason an,00:01:32
00:01:32
li priye Jewova e Jewova
te tande priyè l.00:01:35
00:01:36
Apre sa, Jewova te bay
pwason an lòd,00:01:39
00:01:39
e pwason an t al vomi
Jonas sou tè.00:01:42
00:01:44
Èske w te konnen?00:01:45
00:01:45
Jezi te anonse li t ap mouri,00:01:47
00:01:47
men, li t ap resisite sou
twazyèm jou a.00:01:50
00:01:50
Li te pale de sa kòm siy
pwofèt Jonas la00:01:53
00:01:53
pou l fè referans ak lè Jewova
te delivre Jonas00:01:56
00:01:56
nan vant gwo pwason an.00:01:58
00:02:01
Nan chapit 3 a,00:02:02
00:02:02
nou aprann fasonn Jonas
te ranpli asiyasyon l.00:02:05
00:02:05
Li te fè konnen vil Niniv
pral detwi talè konsa.00:02:09
00:02:09
Sepandan, Jonas te sezi wè
moun Niniv yo repanti00:02:14
00:02:14
e Jewova, nan mizèrikòd li,
pa t detwi yo ankò.00:02:17
00:02:18
Chapit 4 la montre00:02:20
00:02:20
olye Jonas te kontan dèske
moun Niniv yo te repanti,00:02:24
00:02:24
li te fache pito.00:02:25
00:02:27
Apre sa, li monte yon tonèl
pa deyò vil la00:02:30
00:02:30
pou l gade sa k pral rive.00:02:32
00:02:33
Jewova itilize yon pye
kalbas kouran ak yon vè00:02:37
00:02:38
pou l aprann Jonas
yon leson enpòtan00:02:40
00:02:40
sou lanmou fidèl ak mizèrikòd.00:02:43
00:02:45
Pandan w ap li liv Jonas la,00:02:47
00:02:47
remake jan Jonas te
aksepte disiplin,00:02:49
00:02:49
epi jan li te rive ranpli
asiyasyon l,00:02:52
00:02:52
fason Jewova te demontre
lanmou fidèl ak mizèrikòd00:02:56
00:02:56
pou moun Niniv yo ki
te repanti,00:02:57
00:02:57
ak fason Jezi te itilize
sa ki te rive Jonas la00:03:01
00:03:01
pou l anonse lanmò l
ak rezirèksyon l,00:03:03
00:03:03
sa k ap pèmèt moun jwenn
lavi ki pap janm fini an00:03:06
00:03:06
lè Wayòm Bondye a
pral dirije tè a.00:03:09
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Jonas la
-
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Jonas la
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jonas la.
Jewova te bay pwofèt Jonas
asiyasyon pou l al
avèti moun nan vil Niniv,
nan peyi Asiri.
Jonas te pwofetize nan epòk
wa Jewobowam II t ap
dirije Izrayèl.
Jonas te ekri liv ki pote
non l lan
ozanviwon ane 844
anvan epòk nou an.
Se te anviwon 100 an
anvan Asiri te mennen
pèp Izrayèl la ann egzil,
e anviwon 200 an anvan
Nawoum te anonse
vil Niniv, nan peyi Asiri,
t ap detwi.
Jonas te viv apeprè nan
menm epòk ak Amòs
ki te pwofetize tou nan
wayòm nò a,
anpalan de Izrayèl,
e ak Jowèl ki te pwofetize
nan Jida.
Liv Jonas la gen 4 chapit.
Nan chapit 1 ak chapit 2,
Nou aprann Jewova te bay
Jonas asiyasyon pou l al Niniv.
Jonas te tèlman twouve
asiyasyon an twòp pou li,
li pran bato pou l al Tasis.
Jewova te voye yon gwo
tanpèt sou lanmè a.
Jonas konnen se poutèt li
ki fè gen gwo tanpèt sa a.
Se sa k fè, li te mande maren yo
pou yo lage l nan lanmè a.
Kou yo fin lage l nan lanmè a,
tanpèt la te vin kalme.
Jewova voye yon gwo
pwason vale Jonas.
Pandan Jonas nan vant
pwason an,
li priye Jewova e Jewova
te tande priyè l.
Apre sa, Jewova te bay
pwason an lòd,
e pwason an t al vomi
Jonas sou tè.
Èske w te konnen?
Jezi te anonse li t ap mouri,
men, li t ap resisite sou
twazyèm jou a.
Li te pale de sa kòm siy
pwofèt Jonas la
pou l fè referans ak lè Jewova
te delivre Jonas
nan vant gwo pwason an.
Nan chapit 3 a,
nou aprann fasonn Jonas
te ranpli asiyasyon l.
Li te fè konnen vil Niniv
pral detwi talè konsa.
Sepandan, Jonas te sezi wè
moun Niniv yo repanti
e Jewova, nan mizèrikòd li,
pa t detwi yo ankò.
Chapit 4 la montre
olye Jonas te kontan dèske
moun Niniv yo te repanti,
li te fache pito.
Apre sa, li monte yon tonèl
pa deyò vil la
pou l gade sa k pral rive.
Jewova itilize yon pye
kalbas kouran ak yon vè
pou l aprann Jonas
yon leson enpòtan
sou lanmou fidèl ak mizèrikòd.
Pandan w ap li liv Jonas la,
remake jan Jonas te
aksepte disiplin,
epi jan li te rive ranpli
asiyasyon l,
fason Jewova te demontre
lanmou fidèl ak mizèrikòd
pou moun Niniv yo ki
te repanti,
ak fason Jezi te itilize
sa ki te rive Jonas la
pou l anonse lanmò l
ak rezirèksyon l,
sa k ap pèmèt moun jwenn
lavi ki pap janm fini an
lè Wayòm Bondye a
pral dirije tè a.
-