00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Nawoum nan.00:00:05
00:00:06
Li pwobab pou pwofèt
Nawoum t ap viv Jida00:00:09
00:00:09
lè l te ekri liv ki pote non l lan.00:00:11
00:00:13
Nawoum te plis pale sou
vil Niniv nan peyi Asiri00:00:17
00:00:17
ki t ap gen pou l detwi rapyetè.00:00:19
00:00:22
Yo te konnen Niniv kòm yon vil
ki chaje vyolans ak mechanste.00:00:26
00:00:26
Li te gen repitasyon
“vil ki fè san koule a”.00:00:30
00:00:32
Yon lè, moun ki t ap
viv Niniv yo te repanti00:00:35
00:00:35
e yo te sispann fè mechanste00:00:37
00:00:37
apre pwofèt Jonas te fin ba yo
yon mesaj jijman.00:00:40
00:00:42
Sepandan, rive yon lè, yo te
rekòmanse fè sa ki mal,00:00:46
00:00:47
e anviwon 200 apre
pwofesi Jonas la,00:00:50
00:00:50
Jewova te fè Nawoum pwofetize
kont vil Niniv ankò.00:00:54
00:00:56
Nawoum te fin ekri liv li a00:00:58
00:00:58
anviwon ane 632 anvan
epòk nou an.00:01:01
00:01:01
Se menm ane sa a
vil Niniv te detwi.00:01:04
00:01:06
Nawoum te viv nan menm epòk
ak pwofèt Sofoni ak Jeremi.00:01:11
00:01:14
Liv Nawoum nan gen 3 chapit.00:01:16
00:01:18
Nan chapit 1 an,00:01:19
00:01:19
Jewova te fè Nawoum anonse
yon mesaj jijman kont vil Niniv.00:01:23
00:01:24
Vil Niniv ansanm ak
pil fo dye l yo00:01:27
00:01:27
ki te fèt an bwa, an wòch
e an metal,00:01:30
00:01:30
t ap detwi rapyetè.00:01:32
00:01:33
Se te yon bon nouvèl
pou moun Jida yo,00:01:36
00:01:36
piske ènmi terib sa a ki te konn
bay pwoblèm pa t ap la ankò.00:01:40
00:01:40
Yo t ap ka selebre fèt yo
san kè sote.00:01:43
00:01:44
Èske w te konnen?00:01:45
00:01:46
Moun Niniv yo se te
desandan Nimwod,00:01:49
00:01:49
li menm ki te konstwi00:01:50
00:01:50
premye gwo bilding ki te
genyen apre Delij la. 00:01:54
00:01:56
Chapit 2 ak chapit 3 bay plis
detay sou destriksyon vil Niniv.00:02:01
00:02:02
Vil Niniv te gen yon seri
gwo mi ki toutotou l00:02:05
00:02:05
e li te gen dlo ki antoure l.00:02:07
00:02:07
Men, Nawoum te fè konnen00:02:09
00:02:09
pòtay rivyè yo ap ouvè00:02:11
00:02:11
e palè a ap tonbe. 00:02:13
00:02:14
Pawòl sa yo te reyalize00:02:17
00:02:17
nan ane 632 anvan
epòk nou an00:02:19
00:02:19
lè yon gwo dlo te anvayi vil la.00:02:22
00:02:22
Sa te pèmèt Babilòn
ak peyi Medi00:02:25
00:02:25
ki te deja antoure Niniv00:02:26
00:02:26
pran vil la epi detwi l.00:02:28
00:02:30
Pwofesi Jewova te bay
pa mwayen Nawoum nan00:02:32
00:02:32
te reyalize nan tout ti detay.00:02:35
00:02:36
Pandan w ap li liv Nawoum nan,00:02:38
00:02:38
remake jan Jewova
rayi vyolans,00:02:41
00:02:41
jan Jewova toujou
reyalize pawòl li,00:02:44
00:02:45
ak jan Jewova konsole
moun k ap chèche lapè00:02:48
00:02:48
ak rejif anba Wayòm li an.00:02:50
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Nawoum nan
-
Kèk bagay nou ka aprann nan liv Nawoum nan
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Nawoum nan.
Li pwobab pou pwofèt
Nawoum t ap viv Jida
lè l te ekri liv ki pote non l lan.
Nawoum te plis pale sou
vil Niniv nan peyi Asiri
ki t ap gen pou l detwi rapyetè.
Yo te konnen Niniv kòm yon vil
ki chaje vyolans ak mechanste.
Li te gen repitasyon
“vil ki fè san koule a”.
Yon lè, moun ki t ap
viv Niniv yo te repanti
e yo te sispann fè mechanste
apre pwofèt Jonas te fin ba yo
yon mesaj jijman.
Sepandan, rive yon lè, yo te
rekòmanse fè sa ki mal,
e anviwon 200 apre
pwofesi Jonas la,
Jewova te fè Nawoum pwofetize
kont vil Niniv ankò.
Nawoum te fin ekri liv li a
anviwon ane 632 anvan
epòk nou an.
Se menm ane sa a
vil Niniv te detwi.
Nawoum te viv nan menm epòk
ak pwofèt Sofoni ak Jeremi.
Liv Nawoum nan gen 3 chapit.
Nan chapit 1 an,
Jewova te fè Nawoum anonse
yon mesaj jijman kont vil Niniv.
Vil Niniv ansanm ak
pil fo dye l yo
ki te fèt an bwa, an wòch
e an metal,
t ap detwi rapyetè.
Se te yon bon nouvèl
pou moun Jida yo,
piske ènmi terib sa a ki te konn
bay pwoblèm pa t ap la ankò.
Yo t ap ka selebre fèt yo
san kè sote.
Èske w te konnen?
Moun Niniv yo se te
desandan Nimwod,
li menm ki te konstwi
premye gwo bilding ki te
genyen apre Delij la.
Chapit 2 ak chapit 3 bay plis
detay sou destriksyon vil Niniv.
Vil Niniv te gen yon seri
gwo mi ki toutotou l
e li te gen dlo ki antoure l.
Men, Nawoum te fè konnen
pòtay rivyè yo ap ouvè
e palè a ap tonbe.
Pawòl sa yo te reyalize
nan ane 632 anvan
epòk nou an
lè yon gwo dlo te anvayi vil la.
Sa te pèmèt Babilòn
ak peyi Medi
ki te deja antoure Niniv
pran vil la epi detwi l.
Pwofesi Jewova te bay
pa mwayen Nawoum nan
te reyalize nan tout ti detay.
Pandan w ap li liv Nawoum nan,
remake jan Jewova
rayi vyolans,
jan Jewova toujou
reyalize pawòl li,
ak jan Jewova konsole
moun k ap chèche lapè
ak rejif anba Wayòm li an.
-