JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Sofoni an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Sofoni an.
Sofoni t ap sèvi antanke
pwofèt Jewova nan Jida
e se li ki te ekri liv ki
pote non l lan.
Li te pwofetize nan
epòk wa Jozyas,
yon wa ki te fidèl te
kòmanse dirije.
Li te fin ekri liv li a anvan ane
648 anvan epòk nou an,
kèk ane anvan Nawoum
ak Abakouk te ekri liv yo a,
e plis pase 40 an anvan
yo te detwi Jerizalèm
nan ane 607 anvan
epòk nou an.
Liv Sofoni an gen 3 chapit.
Chapit 1 an te avèti
moun Jida yo
jou jijman Jewova a ap
pwoche byen vit.
Moun yo te konsantre
sou bagay materyèl,
sou adore fo dye,
epi, yo te met nan tèt yo
Jewova pa t ap di anyen
sou sa k t ap pase yo.
Nan chapit 2 a,
yo ankouraje moun yo
chèche Jewova,
yo dwe met konfyans yo
nan Bondye,
epi, suiv prensip li yo ki jis.
Èske w te konnen?
Tout efò Sofoni te fè yo
te bay bon rezilta.
Jozyas ki te yon jèn
wa alepòk
te fè yon kanpay kont
fo adorasyon
pou nasyon te ka sispann
fè idolatri,
epi, fè vrè adorasyon an retounen
jan l te ye nan tanp lan.
Chapit 2 a bay yon mesaj jijman
kont nasyon ki ozalantou yo,
anpalan de Filisti,
Amon, Mowab,
Etyopi ak Asiri.
Chapit 3 a pale konsènan
moun ki abite Jerizalèm yo
ki gen ògèy e ki kontinye
dezobeyi Jewova
malgre avètisman li ba yo.
Byenke Jewova te pwomèt
l ap elimine tout moun
ki gen ògèy yo,
li te bay moun ki gen imilite yo
e ki repanti yo
espwa ak posiblite pou
yo gen kè kontan.
Pandan w ap li liv Sofoni an,
remake jan nou dwe
fè atansyon
pou n pa met nan tèt nou
jou Jewova a pap vini,
jan moun k ap chèche
Jewova yo ap sove,
ak jan Jewova pral rasanble
moun ki gen imilite yo
pou yo ka viv anba direksyon
Wayòm li an.