JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Aje a

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Aje a.
Li pwobab pou Aje
te fèt Babilòn.
Nan ane 537 anvan
epòk nou an,
Aje t al Jerizalèm ak rès moun
ki te fè pati nasyon Juif la,
e se la li t apral sèvi kòm pwofèt.
Aje te fin ekri liv ki
pote non l lan
nan ane 520 anvan
epòk nou an.
Men, poukisa menm Jewova
te fè l pwofetize?
Nan ane 536 anvan
epòk nou an,
Juif yo te poze fondasyon
nouvo tanp Jerizalèm nan.
Malerezman, travay la te vin
kanpe pandan plizyè ane,
paske gen ènmi ki te
kont Juif yo
e Juif yo te vin manke chofe
pou yo fè travay la.
Nan ane 520 anvan
epòk nou an,
Jewova te voye Aje al
motive Juif yo
pou yo ka rekòmanse
konstwi tanp lan.
Konstriksyon tanp lan
te resi fini
nan ane 515 anvan
epòk nou an.
Èske w te konnen?
Nan chapit 1 ak chapit 2 a
ki gen 38 vèsè antou,
Aje site non Jewova 35 fwa.
E 14 fwa ladan yo li sèvi
ak ekspresyon
“Jewova, Chèf lame yo.”
Liv Aje a gen 2 chapit,
e ladan yo, nou jwenn kat
mesaj Bondye te fè Aje ekri.
Nan chapit 1 an, nou jwenn
premye mesaj la
ki te konsène moun ki t ap
okipe pwòp afè pa yo,
alòske kay Jewova a
te yon pil dekonm.
Ni gouvènè Zowobabèl,
ni Jozye, gran prèt la,
ak rès moun nan pèp la
te byen reyaji,
e yo te kòmanse travay
23 jou apre Aje te fin
bay mesaj la.
Nan chapit 2 a, Jewova te fè
Aje bay dezyèm mesaj la.
Jewova pwomèt l ap
souke nasyon yo
e bagay ki gen anpil valè yo
ap antre nan kay Jewova a
e y ap plen l ak glwa.
Apre sa, Aje anonse
twazyèm mesaj la
Bondye te ba l pou prèt yo.
Bondye te di nasyon an
pa pwòp devan l
paske yo neglije
vrè adorasyon an.
Annapre, Aje anonse
katriyèm mesaj la.
Jewova di l ap souke syèl la
ak tè a yon lòt fwa ankò.
Men, fwa sa a, l ap elimine
gouvènman lèzòm yo nèt.
Plizyè syèk apre sa,
apot Pòl te site pawòl Aje yo
pou l montre Wayòm Bondye a
ki nan men Jezi Kris
pap janm souke.
Pandan w ap li liv Aje a,
remake jan nou pa dwe mete
pwòp enterè pa nou
anvan bagay espirityèl yo,
jan sa pa fè Jewova plezi
pou y ap adore l pou lafòm,
epi, jan Wayòm Bondye a
ki nan men Jezi Kris
pap janm souke.