JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Zakari a

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Zakari a.
Zakari te kòmanse pwofetize
nan Jerizalèm
nan zòn 520 anvan epòk nou an,
17 an apre Izrayelit yo te sot
ann egzil Babilòn.
Li te pwofetize pandan
anviwon dezan
e li te fin ekri liv ki pote non l lan
nan zòn 518 anvan epòk nou an.
Li te pwofetize nan menm
epòk ak pwofèt Aje.
Travay rekonstriksyon tanp Jewova a
potko janm rekòmanse.
Pou moun ki t ap gade, se kòmsi
se Jewova ki te abandone vil la.
Moun nan vil la te dekouraje
e tout sa k te enterese yo
se te pwòp konfò yo.
Jewova te mande pwofèt Zakari
pou l met ansanm ak pwofèt Aje
pou yo ankouraje Juif yo
rekòmanse konstwi tanp lan
menmsi yo jwenn pwoblèm.
Èske w te konnen?
Tanp Salomon an te pran
yon tikras plis pase setan
pou l fin konstwi.
Tandiske, lè Zakari te ekri liv li a,
tanp lan te gentan gen
anviwon 20 an
depi yo t ap konstwi l
e li potko janm fini.
Liv Zakari a gen 14 chapit.
Chapit 1 rive nan chapit 6
pale konsènan yon seri vizyon
ki kaptivan, ki bay asirans
Bondye t ap soutni travay
rekonstriksyon tanp lan
epi vrè adorasyon an t ap vin
jan l te ye anvan an.
Pa egzanp, gen yon vizyon
ki montre yon fi
ki reprezante bagay ki mal
yo mete nan yon veso.
Epi, de fi ki gen zèl te pote l
ale byen lwen.
Sa ki montre pa gen plas
pou bagay ki mal
nan mitan pèp Jewova a.
Chapit 7 ak chapit 8 ankouraje
pèp Bondye a
pou yo sispann maltrete pòv yo.
Men, pou yo demontre lanmou fidèl
ak mizèrikòd youn pou lòt.
Chapit 10 la te anonse Jewova t ap
retounen fè moun ki repanti yo favè.
Mete sou sa, Zakari te anonse
plizyè pwofesi ki vrèman enpòtan
ki gen rapò ak Kris.
Li te fè konnen t ap gen
gwo kè kontan
lè wa ki t ap alatèt Wayòm
Bondye a
t ap antre Jerizalèm sou do
yon ti bourik.
Zakari te anonse yo t ap trayi
vrè bèje Bondye mete a
pou 30 pyès monnen ann ajan.
Zakari te bay kèk detay tou
sou fason bèje sa a ki te
Mesi a t ap mouri.
Chapit 14 la pale konsènan yon
vale ki gwo anpil Jewova fè.
Vale sa a t ap la pou pwoteje
pèp li a.
E konsa, vrè adorasyon an
t ap pote fwi toutbonvre.
Pandan w ap li liv Zakari a,
remake jan Jewova fè
travay li rive fèt
menmlè gen opozisyon,
jan l dekri wa ki t ap alatèt
Wayòm li an,
ak jan sèvitè l yo ki fidèl
ap toujou an sekirite
nan vale l la ki la pou pwoteje yo.