JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Matye a

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
nan liv Matye a.
Matye t ap travay kòm yon
pèseptè nan Kapènawòm
lè Jezi te envite l pou l vin disip li.
Pi devan, apre fèt Pak
ane 31 epòk nou an,
Jezi te chwazi l pou l vin
youn nan 12 apot yo.
Matye te viv pifò nan aktivite
Jezi te fè
pandan twazan edmi Jezi
t ap preche a.
Bò zòn 41 epòk nou an,
li te premye moun ki ekri istwa
sou lavi Jezi ak ansèyman l yo.
Istwa li a vin youn nan
kat liv nan Bib la
mete ak Mak, Lik ak Jan
ki pote non Evanjil yo.
Liv Matye a pale sou sa k te rive
soti ane 2 anvan epòk nou an
pou rive ane 33 epòk nou an.
Li gen ladan l evènman ki te rive
yon ti tan anvan Jezi te fèt
e li fini ak lòd Jezi te bay pou
“ale, epi fè disip”.
Èske w te konn sa?
Malgre liv Matye a se premye liv
nan Liv ki te ekri an grèk yo,
gen prèv ki montre se ann ebre
yo te premye ekri liv sa a.
Rive yon lè, petèt se Matye li menm
ki te tradui evanjil li a an grèk.
Liv sa a gen 28 chapit antou.
Nan 18 premye chapit yo, yo ranje
anpil nan enfòmasyon yo pa sijè.
Yo plis chita sou ansèyman Jezi
te bay nan diskou li te konn fè yo.
Sepandan, apati chapit 19 la,
liv la plis pale sou dènye jou
aktivite Jezi te fè sou tè a.
E jeneralman, li rapòte evènman yo
nan lòd yo te pase yo.
Anviwon 40% nan evanjil Matye a
vrèman espesyal.
Li pale de kèk evènman ak kèk detay
yo pa jwenn nan twa lòt evanjil yo.
Nan chapit 1 an, apati Abraram,
yo bay enfòmasyon sou liy fanmi Jezi
bò kot papa adoptif li, Jozèf,
pou pwouve Jezi gen dwa legal
pou l se eritye wa David.
Liv la rakonte sa Jezi te di nan
diskou sou mòn nan an detay.
Epitou, li gen anpil nan
egzanp Jezi yo,
tankou egzanp ble ak move zèb la,
egzanp pèl ki gen anpil valè a,
ak egzanp filè a.
Liv Matye a fè konnen aklè
tèm predikasyon Jezi a se te
“Wayòm syèl la”.
Pou ede lektè yo rive idantifye Jezi
kòm Mesi Bondye te pwomèt la,
liv sa a gen anpil sitasyon dirèk
ak referans ki soti nan plizyè liv
nan Liv ki te ekri ann Ebre yo.
Sa pa fè n sezi si yo pale
de Matye kòm yon pon
ki relye Liv ki te ekri ann ebre yo
ak Liv ki te ekri an grèk yo.
Pandan w ap etidye liv Matye a,
gade fason evanjil sa a montre
Jezi gen dwa legal
pou l chita sou twòn David la,
ak fason li mete aksan
ni sou ansèyman Kris yo,
ni sou Wayòm Bondye a.