JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Mak la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
nan liv Mak la.
Sanble, Mak te vin disip Jezi
lè l te yon jèn gason ki t ap viv
lakay manman l nan Jerizalèm.
Anfèt, sanble kongregasyon
kretyen nan premye syèk la
te konn reyini lakay yo.
Byenke Mak pa t konn
avèk Jezi souvan,
li te renmen frekante kèk
apot tankou Pyè,
Pòl ansanm ak Banabas
ki te kouzen l.
Li te gen privilèj pou l ede
Pòl ak Banabas
nan travay misyonè yo a.
Anplis, grasa travay
predikasyon li t ap fè a,
li t al lwen tankou
Babilòn ak Wòm.
Petèt, ant ane 60 ak
65 epòk nou an,
pandan Mak te Wòm,
li te ekri yon istwa
sou lavi Jezi.
Istwa sa a te vin twazyèm
evanjil ki t ap sikile
pami kongregasyon nan
premye syèk la.
Se vre, pifò nan enfòmasyon
Mak bay yo
nan lòt evanjil yo tou,
men, gen kèk bagay ki nan
evanjil pa l la sèlman.
Pa egzanp, li parèt klè li te
ekri liv sa a yon fason
pou moun ki te pa t Juif yo
te ka konprann li,
sitou women yo.
Mak esplike kèk ekspresyon
ak koutim Juif yo genyen
women yo ak lòt moun ki
pa t Juif te ka pa konnen.
Petèt, se Pyè ki te viv prèske
tout sa Mak rakonte yo
ki te ba l pifò nan
enfòmasyon li ekri yo.
Nou ka wè se Pyè ki te
rakonte Mak sa l te ekri yo
nan fason vivan Mak te dekri
aktivite Jezi ak santiman Jezi.
Liv sa a gen 16 chapit
e se evanjil ki pi kout
nan kat evanjil yo.
Li pale sou sa k te pase
soti ane 29 rive ane
33 epòk nou an.
Soti nan chapit 1 rive nan 10,
li pale sou predikasyon Jan ki
te konn batize moun nan
ak batèm Jezi nan
Rivyè Jouden an.
Ansuit, Mak pale sou
twazan edmi Jezi te fè ap
preche yo ki te estrawòdinè.
Chapit sa yo rapòte fason
Jezi te chwazi apot li yo,
anpil nan mirak li yo
ak egzanp ki montre
jan l te gen konpasyon,
tandrès ak sousi pou moun.
Soti nan chapit 11 rive nan 15,
li dekri dènye semèn
aktivite Jezi
ansanm ak fason yo te
arete l e yo te touye l.
Èske w te konn sa?
Sanble, Mak se te jennòm
ki te kouri kite rad li
nan men moun yo nan
nuit yo te arete Jezi a.
Finalman, chapit 16 la
montre twa medam fidèl
ki te premye moun ki te
wè Jezi te resisite.
Pandan w ap li evanjil sa a,
w ap remake fason Jezi
te montre l gen pouvwa
sou maladi, lanmò
ak fòs lanati yo,
fason l te montre l gen konpasyon,
tandrès ak sousi pou moun,
ansanm ak fason l te fè
volonte Papa l avèk zèl,
e sa ap ba w yon apèsi
sou fason l pral dirije nou
antanke Wa nan Wayòm Bondye a.