00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Lik la.00:00:05
00:00:06
Lik te yon doktè.00:00:08
00:00:09
Lik pa t youn nan 12 apot Jezi yo00:00:12
00:00:12
menm jan ak Mak ki te
ekri evanjil Mak la.00:00:15
00:00:16
Epitou, Lik pa t pale de tèt li00:00:18
00:00:18
kòm yon moun ki te wè evènman
ki te rive nan lavi Jezi yo ak de je l. 00:00:22
00:00:22
Petèt, li te vin disip Jezi
apre Jezi te fin mouri.00:00:26
00:00:27
Avèk letan, li te kòmanse
vwayaje ak apot Pòl.00:00:31
00:00:31
Evanjil Lik te ekri a rankonte
evènman ki te rive00:00:34
00:00:34
ant ane 3 anvan epòk nou an
ak ane 33 epòk nou an.00:00:38
00:00:38
Lik te ekri evènman yo
nan yon lòd lojik.00:00:41
00:00:41
Byen souvan, nan lòd
yo te rive a.00:00:43
00:00:44
Lè n konpare sa k nan liv li a
ak lòt evanjil yo,00:00:47
00:00:47
prèske 60% nan sa l di yo
se sèl li menm ki rakonte yo.00:00:51
00:00:51
Pa egzanp, gen omwen
6 nan mirak Jezi te fè yo00:00:54
00:00:54
se sèlman nan liv Lik la
nou jwenn yo.00:00:56
00:00:56
Lik te itilize plis pase00:00:58
00:00:58
300 ekspresyon yo te itilize
nan lamedsin,00:01:01
00:01:01
e gen nan yo li te menm
bay sans yo.00:01:04
00:01:04
Se sèl Lik ki pale de yon
mesye ki plen lèp sou li00:01:07
00:01:08
ak bèlmè Pyè ki te gen
yon gwo lafyèv.00:01:10
00:01:13
Sanble, Lik te ekri evanjil li a
nan Sezare,00:01:16
00:01:16
nan moman Pòl te nan prizon
nan zòn sa a,00:01:18
00:01:18
ozanviwon ane 56 rive
ane 58 epòk nou an.00:01:22
00:01:23
Donk, byenke nan Bib la yo mete
evanjil Lik la apre pa Mak la,00:01:27
00:01:27
nan kat evanjil yo, se evanjil Lik la
yo te ekri an dezyèm.00:01:31
00:01:32
Nonsèlman, Lik te jwenn enfòmasyon
nan evanjil Matye a,00:01:35
00:01:35
men tou, sandout, lespri Bondye
te pouse Lik pale00:01:38
00:01:38
ak kèk moun yo ka fè konfyans00:01:40
00:01:40
ki te wè Jezi lè l t ap fè travay
predikasyon an.00:01:43
00:01:43
Epi, li te pouse Lik egzamine
yon seri dokiman istorik ki fyab.00:01:47
00:01:49
Liv Lik la gen 24 chapit.00:01:51
00:01:52
Chapit 1 ak chapit 2 ban nou00:01:54
00:01:54
enfòmasyon sou kòmansman lavi
Jan ki te konn batize moun nan00:01:58
00:01:58
e sou kòmansman lavi Jezi.00:02:00
00:02:00
Jan yon zanj te anonse sa,
se Elizabèt ki te fè Jan.00:02:03
00:02:03
Mari te fè Jezi anviwon
sis mwa apre.00:02:07
00:02:09
Èske w te konnen?00:02:10
00:02:11
Lik se sèl moun ki rakonte istwa
konsènan lè Jezi te gen 12 an.00:02:16
00:02:17
Petèt, se Mari, manman Jezi,00:02:19
00:02:20
ki te rakonte Lik istwa
sou fanmi an.00:02:22
00:02:24
Chapit 3 a bay enfòmasyon
ki ede nou wè ki lè Jan,00:02:27
00:02:27
ki te konn batize moun nan,00:02:29
00:02:29
te kòmanse fè travay predikasyon an
e ki lè Jezi te kòmanse fè sa tou.00:02:33
00:02:33
Epitou, remake yo pale de
liy fanmi Jezi,00:02:36
00:02:36
soti nan fanmi Mari rive
nan fanmi wa David,00:02:39
00:02:39
apre sa, pou rive nan Adan
ki te pitit Bondye.00:02:43
00:02:43
Soti nan chapit 4 rive nan chapit 9,00:02:45
00:02:45
yo rakonte aktivite predikasyon00:02:47
00:02:47
ak gerizon Jezi te kòmanse fè
byen bonè nan ministè l,00:02:50
00:02:50
sitou, nan rejyon Galile a.00:02:52
00:02:52
Lik bay yon seri enfòmasyon
byen presi00:02:55
00:02:55
sou maladi Jezi te geri yo00:02:57
00:02:57
ak sou konpasyon Jezi te demontre
lè l t ap geri moun yo.00:03:01
00:03:02
Nan chapit 6 la,00:03:03
00:03:03
li fè konnen Jezi te pase
tout yon nuit ap priye00:03:06
00:03:06
anvan l te chwazi 12 apot yo.00:03:08
00:03:09
Nan chapit 9 la,00:03:10
00:03:11
Jezi te voye 12 apot yo al
preche mesaj Wayòm nan00:03:14
00:03:14
epi geri moun ki malad.00:03:15
00:03:16
Soti nan chapit 10 rive
nan chapit 19,00:03:19
00:03:19
li plis rakonte evènman ki te rive00:03:22
00:03:22
nan Jide ak nan Pere.00:03:24
00:03:24
Jezi te ogmante kantite moun ki
t ap preche mesaj Wayòm nan00:03:28
00:03:28
lè l te voye 70 lòt disip al
preche mesaj sa a tou.00:03:32
00:03:32
Se sèlman nan evanjil Lik la,00:03:34
00:03:34
nou jwenn parabòl Jezi te bay
sou “bon Samariten an”00:03:36
00:03:37
ak sou pitit gason ki te pèdi a,00:03:38
00:03:38
yon parabòl yo plis konn rele
“Pitit gason gaspiyè a”.00:03:42
00:03:42
Nan rès chapit 19 la rive
nan fen chapit 23 a,00:03:46
00:03:46
yo pale sou dènye moman
Jezi te fè ap preche an piblik,00:03:49
00:03:49
nan Jerizalèm ak ozalantou l,00:03:51
00:03:51
ak sou kèk evènman ki gen
rapò ak lanmò l.00:03:54
00:03:54
Nan chapit 21 an,00:03:56
00:03:56
yo pale de pwofesi Jezi te bay
sou destriksyon Jerizalèm nan00:03:59
00:03:59
ak dènye jou sistèm sa a.00:04:01
00:04:01
Lik pale tou de epidemi maladi00:04:04
00:04:04
kòm youn nan bagay ki t ap montre
nou nan dènye jou yo,00:04:07
00:04:07
yon enfòmasyon ki pa ni nan evanjil
Matye a, ni nan evanjil Mak la.00:04:11
00:04:12
Dènye chapit la pale de evènman
ki gen rapò ak rezirèksyon Jezi.00:04:16
00:04:17
Lik se sèl moun ki pale sou00:04:19
00:04:19
fason Jezi te monte nan
syèl la nan evanjil li a.00:04:22
00:04:24
Pandan w ap li evanjil Lik la,00:04:26
00:04:26
note fason Jezi te preche00:04:28
00:04:28
mesaj Wayòm nan avèk zèl,00:04:30
00:04:30
fason l te fòme moun pou fè sa,00:04:32
00:04:33
fason l te pale sou evènman
ki t ap montre00:04:35
00:04:35
n ap viv nan dènye jou yo,00:04:36
00:04:36
epi note fason gerizon l te fè yo00:04:39
00:04:39
montre sa l pral fè antanke Wa
nan Wayòm Bondye a.00:04:43
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Lik la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Lik la
Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Lik la.
Lik te yon doktè.
Lik pa t youn nan 12 apot Jezi yo
menm jan ak Mak ki te
ekri evanjil Mak la.
Epitou, Lik pa t pale de tèt li
kòm yon moun ki te wè evènman
ki te rive nan lavi Jezi yo ak de je l.
Petèt, li te vin disip Jezi
apre Jezi te fin mouri.
Avèk letan, li te kòmanse
vwayaje ak apot Pòl.
Evanjil Lik te ekri a rankonte
evènman ki te rive
ant ane 3 anvan epòk nou an
ak ane 33 epòk nou an.
Lik te ekri evènman yo
nan yon lòd lojik.
Byen souvan, nan lòd
yo te rive a.
Lè n konpare sa k nan liv li a
ak lòt evanjil yo,
prèske 60% nan sa l di yo
se sèl li menm ki rakonte yo.
Pa egzanp, gen omwen
6 nan mirak Jezi te fè yo
se sèlman nan liv Lik la
nou jwenn yo.
Lik te itilize plis pase
300 ekspresyon yo te itilize
nan lamedsin,
e gen nan yo li te menm
bay sans yo.
Se sèl Lik ki pale de yon
mesye ki plen lèp sou li
ak bèlmè Pyè ki te gen
yon gwo lafyèv.
Sanble, Lik te ekri evanjil li a
nan Sezare,
nan moman Pòl te nan prizon
nan zòn sa a,
ozanviwon ane 56 rive
ane 58 epòk nou an.
Donk, byenke nan Bib la yo mete
evanjil Lik la apre pa Mak la,
nan kat evanjil yo, se evanjil Lik la
yo te ekri an dezyèm.
Nonsèlman, Lik te jwenn enfòmasyon
nan evanjil Matye a,
men tou, sandout, lespri Bondye
te pouse Lik pale
ak kèk moun yo ka fè konfyans
ki te wè Jezi lè l t ap fè travay
predikasyon an.
Epi, li te pouse Lik egzamine
yon seri dokiman istorik ki fyab.
Liv Lik la gen 24 chapit.
Chapit 1 ak chapit 2 ban nou
enfòmasyon sou kòmansman lavi
Jan ki te konn batize moun nan
e sou kòmansman lavi Jezi.
Jan yon zanj te anonse sa,
se Elizabèt ki te fè Jan.
Mari te fè Jezi anviwon
sis mwa apre.
Èske w te konnen?
Lik se sèl moun ki rakonte istwa
konsènan lè Jezi te gen 12 an.
Petèt, se Mari, manman Jezi,
ki te rakonte Lik istwa
sou fanmi an.
Chapit 3 a bay enfòmasyon
ki ede nou wè ki lè Jan,
ki te konn batize moun nan,
te kòmanse fè travay predikasyon an
e ki lè Jezi te kòmanse fè sa tou.
Epitou, remake yo pale de
liy fanmi Jezi,
soti nan fanmi Mari rive
nan fanmi wa David,
apre sa, pou rive nan Adan
ki te pitit Bondye.
Soti nan chapit 4 rive nan chapit 9,
yo rakonte aktivite predikasyon
ak gerizon Jezi te kòmanse fè
byen bonè nan ministè l,
sitou, nan rejyon Galile a.
Lik bay yon seri enfòmasyon
byen presi
sou maladi Jezi te geri yo
ak sou konpasyon Jezi te demontre
lè l t ap geri moun yo.
Nan chapit 6 la,
li fè konnen Jezi te pase
tout yon nuit ap priye
anvan l te chwazi 12 apot yo.
Nan chapit 9 la,
Jezi te voye 12 apot yo al
preche mesaj Wayòm nan
epi geri moun ki malad.
Soti nan chapit 10 rive
nan chapit 19,
li plis rakonte evènman ki te rive
nan Jide ak nan Pere.
Jezi te ogmante kantite moun ki
t ap preche mesaj Wayòm nan
lè l te voye 70 lòt disip al
preche mesaj sa a tou.
Se sèlman nan evanjil Lik la,
nou jwenn parabòl Jezi te bay
sou “bon Samariten an”
ak sou pitit gason ki te pèdi a,
yon parabòl yo plis konn rele
“Pitit gason gaspiyè a”.
Nan rès chapit 19 la rive
nan fen chapit 23 a,
yo pale sou dènye moman
Jezi te fè ap preche an piblik,
nan Jerizalèm ak ozalantou l,
ak sou kèk evènman ki gen
rapò ak lanmò l.
Nan chapit 21 an,
yo pale de pwofesi Jezi te bay
sou destriksyon Jerizalèm nan
ak dènye jou sistèm sa a.
Lik pale tou de epidemi maladi
kòm youn nan bagay ki t ap montre
nou nan dènye jou yo,
yon enfòmasyon ki pa ni nan evanjil
Matye a, ni nan evanjil Mak la.
Dènye chapit la pale de evènman
ki gen rapò ak rezirèksyon Jezi.
Lik se sèl moun ki pale sou
fason Jezi te monte nan
syèl la nan evanjil li a.
Pandan w ap li evanjil Lik la,
note fason Jezi te preche
mesaj Wayòm nan avèk zèl,
fason l te fòme moun pou fè sa,
fason l te pale sou evènman
ki t ap montre
n ap viv nan dènye jou yo,
epi note fason gerizon l te fè yo
montre sa l pral fè antanke Wa
nan Wayòm Bondye a.
-