JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Jan an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Jan an.
Lè Jan te pi jèn,
pandan li menm
ak Jak, frè l la,
t ap repare filè lapèch yo
bò lanmè Galile,
Jezi te mande yo
pou yo vin suiv li.
Apre fèt Pak ane 31
epòk nou an,
Jezi te chwazi Jan pou l
vin fè pati 12 apot li yo.
Jan te youn nan pi bon
zanmi Jezi te genyen,
e se disip sa a Jezi te kite pou
pran swen manman l, Mari.
Se evanjil Jan an ki dènye
nan kat evanjil yo.
Yo te ekri l ozanviwon
ane 98 epòk nou an,
nan vil Efèz oswa toupre,
prèske 65 an apre Jezi mouri.
Pandan plizyè dizèn
ane sa yo,
pwofesi Jezi te anonse sou
destriksyon Jerizalèm nan
te akonpli.
Selon sa yo fè konnen,
92% enfòmasyon nou jwenn
nan liv sa a
pa nan okenn lòt evanjil yo.
Jan pale de lanmoun plis pase
lòt moun ki ekri evanjil yo.
Liv Jan an gen 21 chapit.
Nan chapit 1 an,
yo pale de travay Jezi t ap fè
nan syèl la anvan l vin sou tè a.
Yo pale de li kòm moun
Jewova te itilize
pou Jewova kreye
tout lòt bagay.
Yo bay Jezi tit “Pawòl la”,
sa ki montre asiyasyon l genyen
antanke Pòtpawòl Jewova.
Chapit 2 rive chapit 6
pale de travay predikasyon Jezi
te fè pandan anviwon dezan.
Chapit 2 a pale de premye
mirak Jezi te fè.
Se te nan yon resepsyon
maryaj ki t ap fèt Kana.
Lè diven an te fini,
Jezi te fè anviwon 380 lit dlo
oubyen 100 galon dlo
tounen bon diven!
Lè disip Jezi yo te wè
mirak sa a,
lafwa yo te vin pi solid.
Chapit 6 la pale konsènan
yon mirak Jezi te fè
lè l te bay anviwon
5000 gason manje,
san konte fi ak timoun.
Chapit 7 rive chapit 12
pale de sa k te pase apre
fèt Pak ane 32 epòk nou an.
Jezi al Betani e li resisite
Laza, zanmi l.
Aktout Laza te gentan gen
kat jou depi l mouri,
Jezi te fè l retounen viv ankò.
Chapit 12 la pale de moman
kote Jezi te antre Jerizalèm,
sa ki te bay anpil kè kontan.
Yon gwo foul moun te akeyi l
pandan yo t ap di byen fò:
“N ap priye w Bondye, sove l!
Benediksyon pou moun
ki vini nan non Jewova a,
pou Wa Izrayèl la!”
Chapit 13 rive chapit 19
pale de sa k te rive
nan yon sèl jou,
anpalan de 14 Nizan
ane 33 epòk nou an.
Jezi te selebre fèt Pak la
ansanm ak apot li yo
nan yon chanm Jerizalèm
ki te aletaj.
Èske w te konnen?
N ap jwenn prèv nan liv Jan an
ki montre pandan travay
predikasyon Jezi a,
li te selebre fèt la kat fwa.
Se youn nan prèv ki montre
Jezi te fè twazan edmi
ap preche.
Nan dènye fèt Pak la,
Jezi te montre l gen anpil imilite,
lè l te fè travay yon senp sèvitè:
Li te lave pye apot li yo.
Pi ta, nan menm jounen sa a,
li te di:
“M ap ban nou yon
nouvo kòmandman:
“se pou nou youn renmen lòt
menm jan mwen renmen nou an.”
Se te yon nouvo kòmandman
paske sa t ap mande pou disip
Kris yo demontre lanmou
yo fason yo potko janm fè sa.
Chapit 17 la pale de
dènye priyè Jezi te fè
pandan disip li yo
te ansanm avè l.
Annapre, nan jaden Jetsemane,
Jezi pa t pè idantifye l
lè sòlda yo te vin arete l.
Yon ti tan apre sa,
li bay lavi l pou lèzòm.
Chapit 20 ak chapit 21
pale de Jezi ki parèt
devan disip li yo
nan divès okazyon
apre l fin resisite.
Pandan w ap li evanjil Jan an,
remake jan Jezi renmen lèzòm,
egzanp li bay anrapò ak imilite,
ak idantite l antanke Mesi a,
li menm ki Wa nan Wayòm Bondye a.