JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann nan liv Travay la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Travay la.
Se Lik, youn nan moun
ki te ekri Evanjil yo,
ki te ekri liv Travay apot yo.
Chapit 1 rive nan chapit 12
konsantre sou aktivite
apot Pyè te fè.
Chapit 13 rive nan chapit 28
pale sou aktivite apot Pòl.
Etandone Lik te akonpaye Pòl
nan kèk nan vwayaj li yo,
Lik te wè ak de je l
yon seri evènman li rapòte
nan liv Travay la.
Liv Travay la gen yon seri detay
konsènan fason kongregasyon
kretyen an te kòmanse
ak fason li te grandi byen vit.
Liv Travay kòmanse apeprè
kote evanjil Lik la fini.
Liv Travay la pale sou
yon seri evènman ki te rive
sou yon peryòd 28 an konsa:
Soti lè Jezi te monte nan syèl
nan ane 33 epòk nou an
pou rive ozanviwon
ane 61 epòk nou an,
lè Pòl te toujou nan
prizon nan vil Wòm
pandan l t ap tann pou l parèt
devan Seza jan l te mande sa.
Se kèk ane sèlman ki separe
lè yo te ekri evanjil Lik la
ak lè yo te ekri liv Travay apot yo.
Yo te ekri toule de liv sa yo
pou Teyofil.
Èske w te konnen?
Lè Lik te ekri evanjil li a,
li te rele Teyofil: Sonnekselans.
Petèt, paske Teyofil te nan
yon gwo pozisyon lè sa a.
Sepandan, Lik pa t itilize menm
tit sa a nan liv Travay la,
petèt, se paske Teyofil te gentan
vin yon kretyen ki gen matirite.
Liv Travay apot yo gen 28 chapit.
Nan chapit 1 an,
Jezi di disip li yo
yo t ap sèvi l temwen
rive jis nan zòn ki
pi lwen sou tè a.
Apre sa, li monte nan syèl.
Chapit 2 a montre
dis jou annapre,
nan Pannkòt ane 33
epòk nou an,
anviwon 120 disip te
resevwa lespri sen.
Pi ta, nan menm jou sa a,
te gen anviwon 3000
moun ki te batize.
Chapit 3 rive nan chapit 9
pale sou jan premye disip yo
te chofe pou yo preche
ak jan yo te fè mirak.
Byenke yo te jwenn
gwo opozisyon,
yo te met kran sou yo pou yo
kontinye gaye mesaj Kris la.
Yo te menm touye Etyèn,
youn nan premye kretyen yo,
akoz lafwa l.
Gen yon mesye yo rele Sòl
ki te la lè sa a
e ki te dakò pou yo touye Etyèn.
Sepandan, yon ti tan apre,
Jezi te parèt devan Sòl
sou wout Damas la.
Annapre, Sòl te vin yon kretyen
e yo te vin konnen l sou
non apot Pòl.
Chapit 10 ak chapit 11
dekri yon peryòd kote kretyen yo
pa t jwenn pèsekisyon.
Jewova te itilize apot Pyè
pou l simaye bon nouvèl la
bay moun ki pa t Juif yo,
oswa moun lòt nasyon.
Se pandan peryòd sa a,
pou premye fwa,
yo te vin rele disip Kris yo kretyen.
Nan chapit 12 la, kretyen yo te
kòmanse jwenn pèsekisyon ankò.
Ewòd te fè touye apot Jak
e li te fè yo mete Pyè nan prizon.
Men, annapre, yon zanj te libere l.
Chapit 13 rive nan chapit 21
pale sou twa gwo vwayaj
misyonè apot Pòl te fè
soti ozanviwon ane
47 epòk nou an
rive ane 56 epòk nou an.
Nan premye vwayaj Pòl
te fè antanke misyonè a,
li te ale Chip ak kèk
pati nan Azi Minè.
Nan dezyèm vwayaj
misyonè l la,
li te retounen Azi Minè,
Masedwàn ak Lagrès.
Twazyèm vwayaj
misyonè Pòl la
te pran anviwon katran
e li te fini l Jerizalèm.
Bondye te pouse Pòl
ekri 6 nan lèt li yo
pandan dezyèm ak twazyèm
vwayaj misyonè l la.
Selon sa yo fè konnen,
vwayaj Pòl te fè nou jwenn
nan liv Travay la
te ka anviwon 16 000 kilomèt.
Nan chapit 21 an,
yo te arete Pòl nan
Jerizalèm san rezon.
Chapit 22 rive nan chapit 26
pale sou sa l te di pou l
defann tèt li.
Li te parèt devan Feliks,
gouvènè Jide a,
devan Festis ki te vin
ranplase Feliks,
ak devan wa Ewòd Agripa II.
Pandan Pòl t ap defann tèt li,
li te mande pou l parèt
devan Seza,
pi gwo otorite women
nan epòk la.
Chapit 27 ak chapit 28 pale sou
vwayaj difisil Pòl te fè pou l al Wòm
kote bato l te ladan l lan
te fè nofraj.
Dènye sa yo rapòte nan liv Travay la
gen rapò ak mete yo mete
Pòl nan prizon
pandan l ap tann yo jije l Wòm.
Malgre Pòl te nan prizon,
li te kontinye preche tout
moun ki vin kote l.
Pandan w ap li liv Travay apot yo,
remake jan disip yo te jwenn
fòs grasa lespri sen,
jan yo te kontinye bay temwayaj
san yo pa pè
malgre gwo pèsekisyon,
ak jan yo te sèvi ak mwayen legal
pou yo defann dwa yo genyen
pou yo preche bon nouvèl
Wayòm Bondye a.