JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Korentyen an

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv 1 Korentyen an.
Apot Pòl te ekri lèt sa a
pou kretyen ki t ap viv
nan vil Korent yo,
yon vil ki te gen anpil aktivite
e ki te gen moun ki soti
plizyè kote.
Pòl te rete nan vil Korent pandan
dezyèm vwayaj misyonè l la.
Li te ede fòme yon kongregasyon
nan vil sa a.
Nan twazyèm vwayaj
misyonè Pòl la,
pandan l te nan vil Efèz,
li te resevwa yon lèt ak
kèk nouvèl
sou kongregasyon Korent lan
ki te boulvèse l.
Ozanviwon ane 55 epòk nou an,
Pòl te ekri kretyen Korent yo
yon lèt konsènan pwoblèm
ki te genyen yo.
Liv 1 Korentyen an gen
16 chapit ladan l.
Soti nan chapit 1 rive
nan chapit 4,
Pòl te korije etadespri kretyen
Korent yo ki te lakòz yo divize,
e li te ankouraje yo chèche
gen inite.
Pòl te montre yo se pa konnen
kiyès ki plante oubyen kiyès
ki wouze ki enpòtan,
paske se Bondye ki fè
sa k plante a grandi.
Nan chapit 5 ak chapit 6,
Pòl montre yo ki jan
pou yo regle
sitiyasyon ki gen rapò
ak imoralite seksyèl.
Te gen yon moun nan
kongregasyon an ki te peche,
men, ki pa t repanti.
Pou pwoteje kongregasyon an,
yo te dwe retire mesye sa a
pami yo.
Pòl te ankouraje moun nan
kongregasyon an pou yo
kouri pou imoralite seksyèl.
Nan chapit 7, li bay konsèy ki
ekilibre sou seliba ak maryaj.
Soti nan chapit 8 rive
nan chapit 10,
nou aprann pafwa, lanmou
nou gen pou lòt moun
dwe anpeche n fè yon seri
bagay nou gen dwa fè
yon fason pou n pa fè
lòt moun bite,
oubyen pou n pa anpeche yo
aksepte laverite.
Èske w te konnen?
Jwèt ismik yo te konn fèt chak
dezan toupre vil Korent.
Piske moun Korent yo te
abitye ak jwèt sa yo,
Pòl te pran kous yo te konn
fè yo kòm egzanp
pou ede frè ak sè yo konprann
jan sa enpòtan pou yo fidèl
e pou yo gen andirans.
Nan chapit 11, Pòl bay enstriksyon
konsènan Soupe Seyè a.
Nan chapit 12, Pòl konpare
kongregasyon an
ak pati ki nan kò yon moun
pou l montre se chak moun
ki enpòtan.
Jewova kontan lè nou tout
travay ansanm nan inite.
Nan chapit 13, li montre ki sa
lanmou fè ak ki sa l pa fè.
Nan chapit 14, li esplike
reyinyon nan kongregasyon an
dwe fèt nan lòd e nan lapè.
Nan chapit 15 lan,
nou jwenn prèv ki montre
rezirèksyon an ap fèt toutbon.
Pòl te di rezirèksyon Jezi a
reyalize pwofesi nan Bib la
e li fè konnen anpil moun te
wè Jezi apre l te fin resisite.
Li montre sakrifis Jezi Kris
te bay kòm ranson an
fè l posib pou n libere anba
peche ak lanmò.
Nan chapit 16,
Pòl te bay enstriksyon sou
lajan yo t ap ranmase
pou kretyen ki pòv ki t ap
viv Jerizalèm yo.
Pandan w ap li liv
1 Korentyen an,
gade ki jan vrè kretyen yo
dwe kontinye gen inite,
jan kongregasyon an dwe suiv
prensip moral Jewova yo
e jan sa enpòtan pou n demontre
lafwa nan rezirèksyon Jezi a
pou n ka resevwa benediksyon
Wayòm nan pral pote yo.