00:00:01
Kèk bagay nou ka aprann
nan liv 2 Korentyen an.00:00:05
00:00:06
Pòl te ekri dezyèm lèt
Bondye te fè l ekri00:00:08
00:00:08
pou l voye bay kretyen Korent yo00:00:10
00:00:10
kèk mwa apre l te fin voye
premye lèt la ba yo.00:00:13
00:00:16
Li te voye Tit nan Korent00:00:17
00:00:17
pou l te ede yo ranmase lajan
pou frè nan Jide yo,00:00:20
00:00:20
e petèt tou, pou l te ka wè ki jan
kretyen Korent yo te reyaji00:00:24
00:00:24
parapò ak premye lèt00:00:25
00:00:25
Bondye te enspire l pou l
ekri voye ba yo a.00:00:27
00:00:29
Lè Tit kite vil Korent,
li t al kote Pòl.00:00:32
00:00:33
Piske l te bay Pòl yon bon rapò,00:00:34
00:00:34
Pòl te kontan, epi l te ekri
kretyen Korent yo dezyèm lèt la.00:00:38
00:00:41
Liv 2 Korentyen an gen
13 chapit ladan l.00:00:44
00:00:45
Nan chapit 1 an, Pòl di Jewova
se “Papa ki gen kè sansib la”,00:00:50
00:00:51
“Bondye tout konsolasyon an00:00:53
00:00:53
ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”.00:00:55
00:00:57
Nan chapit 2 a,00:00:58
00:00:58
Pòl bay kongregasyon an
asirans li renmen l.00:01:01
00:01:02
Piske kretyen yo te pran
konsèy fèm li te ba yo,00:01:05
00:01:05
nan premye lèt Bondye
te enspire l la.00:01:07
00:01:08
Piske moun ki te peche
yo te eskominye00:01:10
00:01:10
nan kongregasyon an00:01:11
00:01:11
te vin chanje fason l aji,00:01:13
00:01:13
yo te dwe padone l
e akeyi l ankò.00:01:15
00:01:17
Nan chapit 3 a,00:01:18
00:01:18
Pòl fè konnen si sèvitè
Bondye yo00:01:20
00:01:20
byen kalifye pou yo fè
travay li a,00:01:22
00:01:23
se nan Bondye sa soti. 00:01:24
00:01:25
Chapit 4 la montre nou00:01:26
00:01:27
travay predikasyon ki gen
rapò ak nouvo alyans lan00:01:29
00:01:29
se yon trezò ki nan veso
ki fèt an tè.00:01:32
00:01:33
Byenke nou se senp veso
ki fèt an tè, ki enpafè,00:01:37
00:01:37
mesaj n ap preche a ka fè ni nou
menm, ni moun ki koute n yo,00:01:40
00:01:40
jwenn lavi ki pap janm fini an. 00:01:42
00:01:44
Nan chapit 5 lan,00:01:45
00:01:45
Pòl di “lanmou Kris la genyen an
oblije nou fè sa”.00:01:50
00:01:50
Nou pa kapab aksepte lanmou
estrawòdinè Kris demontre a00:01:53
00:01:53
san nou pa santi nou oblije
viv pou li.00:01:56
00:01:57
Lanmou sa a pouse n imite
egzanp Kris.00:02:00
00:02:02
Nan chapit 6 la,00:02:03
00:02:03
Pòl esplike lè yon vrè kretyen00:02:05
00:02:05
ap frekante yon moun
ki pa vrè kretyen00:02:07
00:02:07
se “yon jouk miwomiba”.00:02:09
00:02:10
Sa ap gen move efè sou lafwa
kretyen an kanmenm.00:02:13
00:02:16
Nan chapit 7 la,00:02:17
00:02:17
li fè yon diferans ant tristès
ki ann akò ak volonte Bondye00:02:20
00:02:21
ak tristès monn nan.00:02:22
00:02:23
Yon moun gen tristès ki ann akò
ak volonte Bondye a00:02:26
00:02:26
lè l wè bagay mal li fè a
se yon peche kont Bondye.00:02:30
00:02:30
Sa pouse l chèche padon
nan men l,00:02:32
00:02:32
epi kite move konduit
li genyen an.00:02:35
00:02:35
Tristès monn nan depaman nèt00:02:38
00:02:38
ak tristès ki ann akò ak
volonte Bondye a.00:02:40
00:02:40
Konsa, yon moun ka tris paske
yo dekouvri peche l,00:02:44
00:02:44
men, li pa dispoze chèche padon
nan men Bondye.00:02:47
00:02:49
Nan chapit 8 ak chapit 9 la,00:02:51
00:02:51
Pòl te ankouraje kretyen
Korent yo00:02:53
00:02:53
pou yo rive fini travay
sekou yo t ap fè00:02:56
00:02:56
pou ede frè ak sè ki te nan
bezwen nan Jide yo.00:02:59
00:03:03
Èske w te konnen?00:03:04
00:03:05
Lè Pòl t ap pale de travay la,00:03:07
00:03:07
li te sèvi ak plizyè fòm
menm mo grèk la00:03:09
00:03:09
pou l pale de travay
predikasyon an00:03:11
00:03:11
ak travay bay èd la.00:03:13
00:03:13
Kidonk, travay pote sekou a
fè pati sèvis n ap bay Jewova a.00:03:18
00:03:20
Lefètke fo apot yo te gen00:03:21
00:03:21
yon move enfliyans sou
kongregasyon an,00:03:23
00:03:23
soti nan chapit 10 rive
nan chapit 13,00:03:25
00:03:25
Pòl te esplike kretyen
Korent yo00:03:27
00:03:27
sa k fè ansèyman
fo apot yo pa bon.00:03:29
00:03:30
Pòl raple yo verite nan Ekriti yo00:03:32
00:03:32
ka ranvèse yon seri bagay
ki byen anrasinen00:03:34
00:03:34
tankou doktrin, konduit,00:03:37
00:03:37
mantalite ak konpòtman ki
gen sajès lèzòm ki enpafè.00:03:40
00:03:45
Pandan w ap li liv 2 Korentyen an,00:03:47
00:03:47
remake ki jan Jewova,00:03:49
00:03:49
Bondye tout konsolasyon an,00:03:50
00:03:50
fòtifye epi soutni sèvitè l yo,00:03:53
00:03:53
fason vrè repantans lan fè moun
retounen vin sèvi Bondye,00:03:57
00:03:57
ak fason menm lèzòm ki enpafè00:03:59
00:03:59
ka anonse bon nouvèl
Wayòm Bondye a.00:04:03
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Korentyen an
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv 2 Korentyen an
Kèk bagay nou ka aprann
nan liv 2 Korentyen an.
Pòl te ekri dezyèm lèt
Bondye te fè l ekri
pou l voye bay kretyen Korent yo
kèk mwa apre l te fin voye
premye lèt la ba yo.
Li te voye Tit nan Korent
pou l te ede yo ranmase lajan
pou frè nan Jide yo,
e petèt tou, pou l te ka wè ki jan
kretyen Korent yo te reyaji
parapò ak premye lèt
Bondye te enspire l pou l
ekri voye ba yo a.
Lè Tit kite vil Korent,
li t al kote Pòl.
Piske l te bay Pòl yon bon rapò,
Pòl te kontan, epi l te ekri
kretyen Korent yo dezyèm lèt la.
Liv 2 Korentyen an gen
13 chapit ladan l.
Nan chapit 1 an, Pòl di Jewova
se “Papa ki gen kè sansib la”,
“Bondye tout konsolasyon an
ki konsole nou nan tout eprèv nou yo”.
Nan chapit 2 a,
Pòl bay kongregasyon an
asirans li renmen l.
Piske kretyen yo te pran
konsèy fèm li te ba yo,
nan premye lèt Bondye
te enspire l la.
Piske moun ki te peche
yo te eskominye
nan kongregasyon an
te vin chanje fason l aji,
yo te dwe padone l
e akeyi l ankò.
Nan chapit 3 a,
Pòl fè konnen si sèvitè
Bondye yo
byen kalifye pou yo fè
travay li a,
se nan Bondye sa soti.
Chapit 4 la montre nou
travay predikasyon ki gen
rapò ak nouvo alyans lan
se yon trezò ki nan veso
ki fèt an tè.
Byenke nou se senp veso
ki fèt an tè, ki enpafè,
mesaj n ap preche a ka fè ni nou
menm, ni moun ki koute n yo,
jwenn lavi ki pap janm fini an.
Nan chapit 5 lan,
Pòl di “lanmou Kris la genyen an
oblije nou fè sa”.
Nou pa kapab aksepte lanmou
estrawòdinè Kris demontre a
san nou pa santi nou oblije
viv pou li.
Lanmou sa a pouse n imite
egzanp Kris.
Nan chapit 6 la,
Pòl esplike lè yon vrè kretyen
ap frekante yon moun
ki pa vrè kretyen
se “yon jouk miwomiba”.
Sa ap gen move efè sou lafwa
kretyen an kanmenm.
Nan chapit 7 la,
li fè yon diferans ant tristès
ki ann akò ak volonte Bondye
ak tristès monn nan.
Yon moun gen tristès ki ann akò
ak volonte Bondye a
lè l wè bagay mal li fè a
se yon peche kont Bondye.
Sa pouse l chèche padon
nan men l,
epi kite move konduit
li genyen an.
Tristès monn nan depaman nèt
ak tristès ki ann akò ak
volonte Bondye a.
Konsa, yon moun ka tris paske
yo dekouvri peche l,
men, li pa dispoze chèche padon
nan men Bondye.
Nan chapit 8 ak chapit 9 la,
Pòl te ankouraje kretyen
Korent yo
pou yo rive fini travay
sekou yo t ap fè
pou ede frè ak sè ki te nan
bezwen nan Jide yo.
Èske w te konnen?
Lè Pòl t ap pale de travay la,
li te sèvi ak plizyè fòm
menm mo grèk la
pou l pale de travay
predikasyon an
ak travay bay èd la.
Kidonk, travay pote sekou a
fè pati sèvis n ap bay Jewova a.
Lefètke fo apot yo te gen
yon move enfliyans sou
kongregasyon an,
soti nan chapit 10 rive
nan chapit 13,
Pòl te esplike kretyen
Korent yo
sa k fè ansèyman
fo apot yo pa bon.
Pòl raple yo verite nan Ekriti yo
ka ranvèse yon seri bagay
ki byen anrasinen
tankou doktrin, konduit,
mantalite ak konpòtman ki
gen sajès lèzòm ki enpafè.
Pandan w ap li liv 2 Korentyen an,
remake ki jan Jewova,
Bondye tout konsolasyon an,
fòtifye epi soutni sèvitè l yo,
fason vrè repantans lan fè moun
retounen vin sèvi Bondye,
ak fason menm lèzòm ki enpafè
ka anonse bon nouvèl
Wayòm Bondye a.
-