JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Galat la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Galat la.
Apot Pòl te ekri lèt sa a
pandan dezyèm vwayaj
misyonè l la oubyen apre sa.
Li te swa Korent, swa Antyòch
ki nan Siri a.
Byenke Pòl te konn itilize
yon moun pou ekri lèt li yo,
se li menm ki te ekri lèt li te
voye bay kretyen Galat yo.
Li te ekri liv Galat la ozanviwon
ane 50-52 epòk nou an.
Èske w te konnen?
Galasi se te yon vil ki te anba
dominasyon Wòm.
Li te nan zòn yo rele
Azi Minè jodi a.
Pami kongregasyon ki te nan
Galasi Pòl te voye lèt sa a ba yo,
petèt, te gen Antyòch
ki nan Pizidi a,
Ikónyòm, Lis ak Dèbe.
Nan lèt sa a, Pòl te demanti
fo anseyan ki t ap viv
nan vil Galat
ki t ap fè konnen vrè kretyen yo
te dwe obeyi Lwa Moyiz la.
Liv Galat la gen 6 chapit ladan l.
Nan chapit 1 an, Pòl rakonte
pwòp eksperyans li,
anpalan de fason l te kite
relijyon Jidayis la
pou l vin yon kretyen.
Li fè kretyen Galat yo sonje
yo dwe kontinye suiv
sa l anseye yo,
paske se bagay Jezi
Kris te revele l.
Nan chapit 2 ak chapit 3,
Pòl di se pa paske yon moun
fè sa Lalwa mande
ki fè yo kapab deklare l jis.
Li di Lalwa se yon gid ki te
mennen moun bay Kris.
Se lè yon moun met
lafwa nan Jezi,
Bondye deklare moun sa a jis.
Pòl montre desandans espirityèl
Abraram nan
se Kris ak moun ki eritye
ansanm ak kris yo.
Soti nan chapit 4 rive
nan chapit 6,
Pòl te bay kretyen Galat yo
kèk avètisman,
piske yo te sou wout vin
esklav ansèyman lèzòm.
Nan chapit 4 la, Pòl pale de yon
istwa ki gen yon sans senbolik.
Li te sèvi ak istwa Aga ak Sara
ansanm ak pitit yo Izmayèl
ak Izarak kòm egzanp.
Aga ak Izmayèl reprezante
Jerizalèm ki sou tè a
ansanm ak pitit li yo
ki nan esklavaj.
Sara ak Izarak reprezante
Jerizalèm anwo a,
pati òganizasyon Jewova a
ki nan syèl la
ansanm ak pitit li yo,
sa vle di, kretyen ki gen esperans
pou y al viv nan syèl la,
yo menm ki lib antanke
pitit Bondye.
Sepandan, Pòl avèti kretyen yo,
yo pa dwe pran libète sa a
yo genyen an
kòm yon ankourajman
pou yo fè sa ki mal.
Li fè diferans ant zèv lachè
ak fwi lespri Bondye a,
epi li esplike n ap rekòlte
sa nou simen.
Pandan n ap li liv Galat la,
remake se sèlman grasa lafwa,
Bondye kapab deklare
kretyen yo jis,
fason moun ki montre yo gen
fwi lespri Bondye a jwenn byenfè,
ak fason yo montre desandans
espirityèl Abraram nan
se Jezi Kris ak lòt moun
k ap eritye Wayòm nan
ansanm avè l yo,
yon Wayòm k ap la pou toutan.