JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv Detewonòm nan

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv Detewonòm nan.
Se Moyiz ki te ekri liv
Detewonòm nan
nan plèn Mowab yo nan ane
1473 anvan epòk nou an,
yon ti tan anvan Izrayelit yo
te antre nan Peyi Bondye
te pwomèt la.
Mo Detewonòm nan vle di
dezyèm lwa, oswa repetisyon
lalwa a.
Anmenmtan tou, liv la se yon
esplikasyon Lalwa.
Liv Detewonòm nan ankouraje
Izrayelit yo
pou yo renmen e pou yo obeyi
Jewova nan peyi li pral ba yo a.
Angwo, liv la gen kat diskou,
yon chante ak yon benediksyon
Moyiz te bay.
Nan premye diskou a nou jwenn
nan chapit 1 rive nan chapit 4 la,
Moyiz pale de istwa pèp Izrayèl la
apre yo te kite peyi Ejip,
e li ankouraje pèp la pou yo
sonje sa Jewova te fè pou yo.
Pa egzanp, Moyiz te raple yo,
40 an anvan sa,
fason Jewova te detwi jenerasyon
ki pa t gen lafwa
e ki te montre yo lach devan
moun ki abite Kanaran yo.
Nan dezyèm diskou a, nou jwenn
nan chapit 5 rive nan chapit 26 la,
Moyiz te ankouraje pèp la pou yo
obeyi kòmandman Bondye yo.
Pa sèlman paske Bondye di sa,
men paske yo renmen l
ak tout kè yo,
ak tout nanm yo e ak tout fòs yo.
Èske w te konnen?
Nan tan lontan, souvan,
etranje yo pa t gen dwa legal,
e vèv yo ak timoun ki pa t
gen papa yo
te konn jwenn anpil pwoblèm.
Sepandan, ann Izrayèl,
tout moun te jwenn byenfè
nan Lwa Jewova a.
Sa gen ladan l, etranje yo, vèv yo
ak timoun ki pa gen papa yo.
Jewova renmen moun sa yo
e pèp li a ta dwe renmen yo tou.
Nan chapit 7 la, Moyiz di
Izrayelit yo
Jewova pral mete nasyon ki
nan peyi li pwomèt yo a deyò,
yon seri nasyon ki gen plis moun
e ki pi pisan pase Izrayèl.
Nan chapit 8 la,
Moyiz dekri eritaj Izrayèl pral
jwenn nan kòm yon bon peyi
ki gen anpil rivyè, ki gen ble,
lòj, pye rezen,
pye fig frans, grenad,
luil doliv ak siwo myèl.
Men, se yon peyi ki chaje
ak fo adorasyon.
Se sa k fè, nan chapit 12 la,
Izrayelit yo te resevwa lòd
pou yo kraze lotèl fo dye yo,
poto sakre ki fèt an wòch yo,
pou yo boule poto sakre
ki fèt an bwa yo,
epi kraze imaj dye y ap sèvi yo.
Nan chapit 16 la,
Moyiz raple pèp la pou yo
selebre fèt Pak la
ansanm ak twa lòt gwo fèt:
Fèt Pen san ledven an,
fèt Semèn yo
ak fèt Tonèl yo.
Chapit 18 la gen yon pwofesi
konsènan yon gwo pwofèt
ki te gen pou vini.
Moyiz di:
“Jewova, Bondye nou an,
ap ban nou yon pwofèt
menm jan avèk mwen
k ap soti nan mitan pèp nou an,
e nou dwe koute l.”
Nan chapit 27 ak chapit 28 la,
nou jwenn twazyèm diskou a
kote yo te bay malediksyon
pou dezobeyisans
ak benediksyon pou obeyisans.
Apre nasyon an te fin travèse
rivyè Jouden an,
yo te resite malediksyon yo
ankò sou mòn Ebal
kote mwatye nan tribi yo
te kanpe.
Lòt mwatye yo te kanpe
sou mòn Gerizim
e yo te tande benediksyon yo.
Chapit 29 ak chapit 30 lan
gen katriyèm diskou Moyiz la,
kote li te fè yon alyans
ak pèp la,
epi li di yo pou yo chwazi lavi
lè yo obeyi Jewova.
Nan chapit 31 an,
Jewova chwazi Jozye pou vin
pran plas Moyiz la.
Jozye te dwe mete kouraj
ak kran sou li
pandan l t ap mennen nasyon an
nan peyi Bondye t apral bay la.
Chapit 32 a gen chante Moyiz la
ki fè gwo louwanj pou
fidelite Bondye
ki diferan ak Izrayelit yo
ki pa t fidèl.
Nan chapit 33 a,
nou jwenn benediksyon Moyiz
te bay Izrayelit yo anvan l mouri.
Nan dènye chapit la,
Moyiz monte sou mòn Nebo,
kote Jewova te montre l peyi a.
Jewova di l:
“Mwen fè w wè l
ak de je w.
Men, ou pap travèse
pou w antre ladan l.”
Apre sa, Moyiz mouri a 120 an,
e Jewova antere l yon kote nan
Mowab pèsonn pa konnen.
Pandan w ap li liv
Detewonòm nan,
gade ki jan Jewova beni
moun ki renmen l yo,
note fason li pa kite moun
ki dezobeyisan yo
jwenn benediksyon l.
Epi, disène fason prensip
ki dèyè lwa Bondye a
parèt nan ansèyman Jezi yo,
pwofèt ki tankou Moyiz la,
epitou, ki wa nan Wayòm
Bondye a.