00:00:02
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Rit la.00:00:04
00:00:06
Se pwofèt Samyèl yo kwè ki te ekri liv sa a.00:00:09
00:00:11
Yo te fin ekri liv Rit la ozanviwon ane 1090
anvan epòk nou an.00:00:15
00:00:16
Evènman yo pale de yo nan liv la
kouvri yon peryòd anvan epòk jij yo.00:00:20
00:00:21
Liv la pote non moun yo plis pale de li a,
Rit, Mowabit la.00:00:26
00:00:27
Lòt moun yo plis pale de yo nan liv la
se Nawomi ak Bowaz.00:00:31
00:00:34
Nan chapit 1 an, yon gwo grangou
lakòz yon mesye ki rele Elimelèk,00:00:39
00:00:39
kite Betleyèm ak fanmi l
pou l al nan peyi Mowab.00:00:42
00:00:43
Elimelèk mouri nan peyi Mowab.00:00:46
00:00:46
Pitit gason l yo, Malon ak Kilyon,
marye ak de fi Mowabit, Rit ak Òpa.00:00:52
00:00:53
Anviwon dizan apre,
toude pitit gason l yo mouri.00:00:56
00:00:58
Nawomi, ki nan gwo lapenn,
deside retounen Betleyèm.00:01:03
00:01:04
Li ankouraje bèlfi l yo
pou yo retounen al jwenn fanmi yo.00:01:08
00:01:11
Òpa retounen al jwenn pèp li a.00:01:13
00:01:13
Sepandan, Rit ret atache ak Nawomi.00:01:17
00:01:18
Lè de vèv yo rive Betleyèm,
moman rekòt lòj la te fèk kòmanse.00:01:23
00:01:25
Nan chapit 2 a, san Rit pa t konnen li t al ranmase lòj
moun ki t ap rekòlte yo kite dèyè00:01:30
00:01:30
nan pòsyon tè pa Bowaz
ki te fanmi defen mari Nawomi.00:01:34
00:01:34
Lè Bowaz wè bèl kalite Rit te genyen yo, 00:01:37
00:01:37
Bowaz te mande l pou l kontinye
ranmase lòj nan pòsyon tè l la.00:01:41
00:01:42
Annapre, lè Rit fè Nawomi konnen li t al ranmase lòj
nan pòsyon tè yon mesye ki rele Bowaz,00:01:48
00:01:48
Nawomi di: “Mesye sa a se fanmi nou.00:01:51
00:01:51
Se youn nan moun ki dwa pou l rachte nou.”00:01:53
00:01:55
Nan chapit 3 a, Nawomi di Rit pou l mande
Bowaz pou l aji tankou moun k ap rachte yo.00:02:00
00:02:02
Konsa, li menm ak Rit te ka bay
Nawomi yon desandans00:02:05
00:02:05
yon fason pou l kontinye
liy fanmi Elimelèk la.00:02:08
00:02:10
Bowaz te dispoze fè jès lanmou sa a. 00:02:13
00:02:13
men li fè Rit konnen,00:02:14
00:02:14
Gen yon lòt mesye nan fanmi an
ki pi pwòch yo ki ka rachte l.00:02:19
00:02:20
Nan chapit 4 la,
Bowaz ale bò pòtay vil Betleyèm nan,00:02:24
00:02:25
kote li rankontre ak lòt mesye
ki pwòch fanmi an yo rele Entèl.00:02:29
00:02:31
Devan dis ansyen nan vil la,00:02:33
00:02:33
lè mesye a aprann responsablite
li pral genyen li refize ede.00:02:37
00:02:38
Apre sa, devan tout moun Bowaz aksepte
responsablite moun k ap rachte a.00:02:43
00:02:45
Epi, Bowaz marye avèk Rit
e yo fè yon pitit gason vwazin yo rele Obèd.00:02:51
00:02:55
Èske w te konnen?00:02:56
00:02:56
Bowaz kite yon bèl egzanp
obeyisans anvè Jewova.00:03:00
00:03:01
Li te fè tout sa l kapab
pou l ede Nawomi ak Rit00:03:04
00:03:04
lè l aplike lwa Bondye bay konsènan moun
k ap rachte moun nan00:03:07
00:03:07
san l pa t fè wout kwochi.00:03:09
00:03:10
Men ki jan liv la fini: 00:03:12
00:03:12
“Obèd se te papa Jese,
e Jese se te papa David”, 00:03:17
00:03:18
ki te vin yon wa ann Izrayèl,
e ki te zansèt Mesi a.00:03:22
00:03:24
Pandan w ap li liv Rit la,00:03:26
00:03:26
gade ki jan Jewova fè gwo lapenn
tounen gwo lakontantman,00:03:30
00:03:31
gade ki jan li rekonpanse moun
ki renmen l e ki obeyi l,00:03:34
00:03:34
epi gade ki jan liv la kontribye
nan istwa liy fanmi David,00:03:38
00:03:38
ki te vin bay moun
ki Wa nan Wayòm Bondye a.00:03:42
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Rit la
-
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Rit la
Kèk bagay nou ka aprann sou liv Rit la.
Se pwofèt Samyèl yo kwè ki te ekri liv sa a.
Yo te fin ekri liv Rit la ozanviwon ane 1090
anvan epòk nou an.
Evènman yo pale de yo nan liv la
kouvri yon peryòd anvan epòk jij yo.
Liv la pote non moun yo plis pale de li a,
Rit, Mowabit la.
Lòt moun yo plis pale de yo nan liv la
se Nawomi ak Bowaz.
Nan chapit 1 an, yon gwo grangou
lakòz yon mesye ki rele Elimelèk,
kite Betleyèm ak fanmi l
pou l al nan peyi Mowab.
Elimelèk mouri nan peyi Mowab.
Pitit gason l yo, Malon ak Kilyon,
marye ak de fi Mowabit, Rit ak Òpa.
Anviwon dizan apre,
toude pitit gason l yo mouri.
Nawomi, ki nan gwo lapenn,
deside retounen Betleyèm.
Li ankouraje bèlfi l yo
pou yo retounen al jwenn fanmi yo.
Òpa retounen al jwenn pèp li a.
Sepandan, Rit ret atache ak Nawomi.
Lè de vèv yo rive Betleyèm,
moman rekòt lòj la te fèk kòmanse.
Nan chapit 2 a, san Rit pa t konnen li t al ranmase lòj
moun ki t ap rekòlte yo kite dèyè
nan pòsyon tè pa Bowaz
ki te fanmi defen mari Nawomi.
Lè Bowaz wè bèl kalite Rit te genyen yo,
Bowaz te mande l pou l kontinye
ranmase lòj nan pòsyon tè l la.
Annapre, lè Rit fè Nawomi konnen li t al ranmase lòj
nan pòsyon tè yon mesye ki rele Bowaz,
Nawomi di: “Mesye sa a se fanmi nou.
Se youn nan moun ki dwa pou l rachte nou.”
Nan chapit 3 a, Nawomi di Rit pou l mande
Bowaz pou l aji tankou moun k ap rachte yo.
Konsa, li menm ak Rit te ka bay
Nawomi yon desandans
yon fason pou l kontinye
liy fanmi Elimelèk la.
Bowaz te dispoze fè jès lanmou sa a.
men li fè Rit konnen,
Gen yon lòt mesye nan fanmi an
ki pi pwòch yo ki ka rachte l.
Nan chapit 4 la,
Bowaz ale bò pòtay vil Betleyèm nan,
kote li rankontre ak lòt mesye
ki pwòch fanmi an yo rele Entèl.
Devan dis ansyen nan vil la,
lè mesye a aprann responsablite
li pral genyen li refize ede.
Apre sa, devan tout moun Bowaz aksepte
responsablite moun k ap rachte a.
Epi, Bowaz marye avèk Rit
e yo fè yon pitit gason vwazin yo rele Obèd.
Èske w te konnen?
Bowaz kite yon bèl egzanp
obeyisans anvè Jewova.
Li te fè tout sa l kapab
pou l ede Nawomi ak Rit
lè l aplike lwa Bondye bay konsènan moun
k ap rachte moun nan
san l pa t fè wout kwochi.
Men ki jan liv la fini:
“Obèd se te papa Jese,
e Jese se te papa David”,
ki te vin yon wa ann Izrayèl,
e ki te zansèt Mesi a.
Pandan w ap li liv Rit la,
gade ki jan Jewova fè gwo lapenn
tounen gwo lakontantman,
gade ki jan li rekonpanse moun
ki renmen l e ki obeyi l,
epi gade ki jan liv la kontribye
nan istwa liy fanmi David,
ki te vin bay moun
ki Wa nan Wayòm Bondye a.
-