JW subtitle extractor

Kèk bagay nou ka aprann sou liv 1 Samyèl la

Video Other languages Share text Share link Show times

Kèk bagay nou ka aprann
sou liv 1 Samyèl la.
Nan ansyen Kanon liv Ebre yo,
liv 1 Samyèl ak 2 Samyèl la te fè yon sèl.
Ta sanble moun ki te ekri l yo
se pwofèt Samyèl, Gad ak Natan.
Samyèl te ekri 24 premye chapit yo.
Liv 1 Samyèl la kouvri yon peryòd
yon tikras plis pase 100 an.
Soti ozanviwon ane 1180
pou rive 1078 anvan epòk nou an,
plizoumwen lè yo te fin ekri liv la.
Liv la sitou pale de
4 dirijan nan peyi Izrayèl:
Gran prèt Eli,
pwofèt Samyèl,
wa Sayil ak David.
Nan chapit 1 an,
yon dam ki pa t ka fè pitit
ki rele Ana sipliye Jewova
pou l fè yon pitit gason.
Li pwomèt l ap bay li
nan sèvis Bondye a.
Bondye reponn priyè l.
Lè Samyèl, pitit gason l lan sevre,
li mennen l bay gran prèt Eli nan Silo.
Nan chapit 3 a,
Jewova di ti Samyèl pou l bay
yon mesaj jijman kont fanmi Eli
paske li te refize disipline pitit
gason l yo ki te mechan.
Nan chapit 4 la,
moun Filisti yo te pran
lach alyans lan nan kan Izrayèl la.
E yo te touye Ofni ak Fineyas,
de pitit gason Eli yo.
Lè Eli ki te gen 98 an
te aprann nouvèl la,
li sot tonbe sou do e li mouri.
Soti nan chapit 5 rive nan chapit 7,
moun Filisti yo te retounen
lach la ann Izrayèl,
apre yo te fin sibi yon seri gwo
pinisyon nan men Jewova.
Nan chapit annapre a,
Izrayelit yo ki pa t gen lafwa
te mande yon moun kòm wa.
Nan chapit 9 la, Jewova di
Samyèl pou l chwazi Sayil
ki soti nan tribi Benjamen
kòm dirijan Izrayèl.
Chapit 11 lan montre
Sayil te byen kòmanse.
Men li pa t pran tan
pou l vin dezobeyisan.
Nan chapit 13 la,
li te pran dwa ki pa pou li
lè l ofri yon sakrifis yo boule nèt.
Nan chapit 15 lan,
li venk moun Amalèk yo,
men li te dezobeyi lè l epaye wa Agag
ak pi bon bagay ki nan twoupo bèt li yo.
Samyèl di:
“Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis.”
Apre sa, li fè Sayil konnen
Bondye rejte l
pou l pa wa ankò.
Nan chapit 16 la,
Samyèl chwazi David,
yon pitit gason Jese
pou l vin pwochen wa a.
Nan chapit apre a, David
ki te gen sèlman yon flonn ak yon wòch,
touye jeyan yo rele Golyat la,
yon sòlda nan lame moun Filisti yo.
Chapit 18 la pale de kòmansman yon
bèl amitye ki te gen ant David ak Jonatan,
pitit gason Sayil, ki te dire tout lavi yo.
Lè Sayil te wè kouraj David,
li mete l alatèt lame l la.
David te tèlman jwenn siksè
nan batay li t ap fè yo,
sa fè l te jwenn plis lwanj pase Sayil.
Sa ki te lakòz Sayil vin jalou,
e l te anvi touye l.
Nan chapit 19 la,
David te kouri pou l sove lavi l,
e li te ret nan mawon jiskaske Sayil mouri.
Èske w te konnen?
Liv 1 Samyèl la gen yon seri
bèl leson sou lafwa ak obeyisans.
Eli ak Sayil te dezobeyi Jewova
e yo rale malè sou tèt yo.
Samyèl ak David sepandan te sèvi
Jewova fidèlman depi lè yo te jèn,
sa ki te fè yo jwenn anpil
benediksyon pandan tout lavi yo.
Nan chapit 24 ak chapit 26,
David te jwenn opòtinite pou l touye Sayil.
Men li te refize leve men l
sou moun Jewova te chwazi a.
Nan chapit 25, Samyèl mouri.
E tout Izrayèl te nan lapenn pou li.
Kounye a, David nan dezè Paran.
Li voye 10 nan jèn mesye l yo
pou y al kot yon mesye
rich ki te gen mouton
ki rele Nabal pou yo mande l pwovizyon.
Nabal te refize ede avèk awogans.
Lè sa a, David te prepare l pou l tire revanj.
Sepandan, Abigayil, madanm Nabal,
te al kot David byen vit avèk pwovizyon.
E li evite trajedi a.
Nan chapit 31 an,
liv 1 Samyèl la fini ak lanmò Sayil
ansanm ak 3 nan pitit gason l yo.
Yo antere yo anba pye tamaris
ki nan Jabèsgalaad.
Pandan w ap li liv 1 Samyèl la,
gade ki jan Eli ak Sayil te rale
kalamite sou tèt yo.
Gade poukisa Jewova
te renmen Samyèl ak David.
Epi, gade ki jan Jewova te konstwi
yon kay k ap dire pou David.
E avèk letan, sa te mennen nan Mesi a,
ki wa nan Wayòm Bondye a.