JW subtitle extractor

Imajine jou sa a!

Video Other languages Share text Share link Show times

‎Lè lavi a rèd nan kò mwen,
‎E’m pa ka jwenn sa’m gen bezwen,
‎Mwen fèmen je’m, e’m vin ka wè
‎Jan bagay yo pral ye talè.
‎Imajine jou kote rèl pap la,
‎Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.
‎Imajine jou kote n’ap di Bondye:
‎“Mèsi, mèsi pou lavi sa’ n’ap jwi san rete!”
‎M’soud depi’m piti, mwen bèbè,
‎Epi kouny’a, m’prèske pa wè.
‎M’gen pou’m tande bèl mizik yo,
‎E je’m ap wè yon monn nouvo.
‎Imajine jou kote rèl pap la,
‎Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.
‎Imajine jou kote n’ap di Bondye:
‎“Mèsi, mèsi pou lavi sa’ n’ap jwi san rete!”
‎M’pa ka mache jodi a, mwen soufri,
‎Men, m’pral ponpe e m’ap ka kouri!
‎Imajine jou kote rèl pap la,
‎Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.
‎Imajine jou kote n’ap kontan toutan,
‎Chak jou ap pi bèl pase anvan’.
‎Imajine jou kote rèl pap la,
‎Lavi ap bèl, n’ap vin jèn, n’ap anjwa.
‎Imajine jou kote n’ap di Bondye:
‎“Mèsi, dèske’n ka viv nèt ale!”