JW subtitle extractor

Leson 34: Ede lòt moun

Video Other languages Share text Share link Show times

Kolèj santral la pral fè
tout sa l kapab pou l bay
frè ak sè nou yo nan zòn
dezas yo sa yo bezwen.
Nou renmen nou anpil.
E mèsi dèske n te suiv rapò sa a.
M t ap renmen ede yo!
Se te Tele JW.
Mwen menm tou.
O, m konn sa n ka fè.
Wee!
Tout bagay anfòm cheri?
Èske m ka bay frè ak sè
ki viktim yo kòb sa a?
Wi w kapab.
Dimanch, n ap mete l
nan bwat ofrann nan .
Bwat sekrè m nan te vid.
Mwen pa ka ede yo.
Gen anpil bagay ou ka
fè pou w ede.
Premyèman, ou ka sere
yon ti kòb pou pwochen fwa.
Dezyèmman, ou ka priye pou yo.
Lè Jezi te sou tè a, li menm tou,
li te vle ede moun.
Èske nou sonje sa l
te di lè l t ap ede
youn nan moun ki te gen lèp yo?
“Wi, mwen vle!”
Wi.
Li te fè sa l kapab pou l ede
lòt moun, menm jan avèk nou.
Sa fè mwen menm ak manmi
fyè de nou.