JW subtitle extractor

Vin yon pwoklamatè ki poko batize

Video Other languages Share text Share link Show times

Papi, men rapò sèvis mwen.
Mèsi.
Mete l sou ban an pou mwen.
Wi papi.
Papi, ki lè m ap ka
yon pwoklamatè tou?
Aa! Se pa premye fwa w
poze kesyon sa a non!
Lè nou nan predikasyon,
mwen twouve w fè trè byen
nan fason w preche.
Donk, sa vle di m kapab?
Non, se pa konsa.
Se menm jan anvan yon moun
kapab kondui yon machin,
fòk yo apwouve l anvan.
Ooo!
Nou ka pale sou etap ansyen yo
pral suiv pou yo apwouve w.
Bon, ann gade pou wè
si l posib pou w kalifye.
Premyèman, èske w obeyi Jewova
e w obeyi paran w?
Wi.
Dezyèmman, èske w kwè
Bib la se Pawòl Jewova
e èske w ka esplike
ansèyman de baz yo?
Wi!
Twazyèmman, èske zanmi w yo
se zanmi Jewova?
Wi.
Ebyen Kalèb, ou deja
sou bon wout la.
Yon dènye bagay.
Èske w vle vin
yon Temwen Jewova
e èske w vle preche?
Mwen vle.
M panse m pare.
M panse sa tou.
Men, ann tann sa ansyen yo deside.
M vrèman fyè de ou gason m.
Bon, kounye a, ou ka ban m kle sa a?
Wi.
Mèsi.