JW subtitle extractor

Ou gen anpil valè pou Jewova

Video Other languages Share text Share link Show times

Bonjou timoun.
Se direktè Wodrigès.
M kontan fè nou konnen
ane sa a ankò
nou pral gen yon bèl fèt Nwèl.
M konnen nou tout
nou chofe pou sa!
Pare nou!
Ap gen anpil jwèt,
ap gen bon ti manje gou
ak anpil lòt bagay ankò.
Se pral yon bèl moman!
Weee!
Nou pral gen fèt!
Weee!
Nou pral...
Oke, oke ase timoun.
N a wè demen.
Bay bay Sofya,
n a wè nan fèt la.
M bliye, ou pa ka ale.
Bon, se tout sa n te
gen pou nou jodi a!
Enh, ki sa?
Annh, oke, wi, wi.
Mèsi.
Anvan nou fini,
n ap ban nou non elèv
pou mwa a, se …
Kalèb m kontan pou w!
Waw!
Kalèb fè byen!
M fyè de li.
Grasa èd Jewova, li rive
travay byen lekòl.
M kontan m ap aprann
konn Jewova.
Ou pare pou etid la?
O, ban m al pran
liv mwen an.
M ap vin jwenn ou deyò a.
Oke.
Bonjou Zoye.
O, bonjou.
Sa w ap fè la a?
Eee, eee, m ap prepare m
pou m al jwenn…
Sofya.
Kòman w fè byen avè l toujou?
Li tèlman...
diferan?
Li dwòl.
Li pa janm pran
yon ti plezi.
M vle di, ou diferan tou Zoye.
Men, ou rilaks.
Ou ta dwe byen avèk nou,
pa ak tifi raz sa a.
Angela! Tanpri, vin
kote m kounye a.
N ap wè ankò Zoye.
Èske sa pa deranje w paske
lòt moun panse w diferan?
Ki sa w vle di?
Gen timoun ki panse w dwòl
paske w pa fete okenn fèt.
E yo panse w pa konn
pran plezi w.
Ki sa?
Kiyès ki di nou pa konn
pran plezi n nan?
Nou konn pran plezi nou.
Menmsi pafwa sa difisil,
men, li bon pou n diferan
menm jan ak Jezi.
Menm jan ak Jezi?
Wi, menm jan ak Jezi.
Nou aprann anpil bagay sou li
nan adorasyon an fanmi an.
Nan Bib la, Jezi te di
disip li yo
“pa [t ap] fè pati monn nan”.
Ki sa nou panse sa vle di
pou n “pa fè pati monn nan”?
Mm!
Waw!
Waw!
Nèf, uit, sèt, sis, senk,
kat, twa, de, en.
Li pare pou l dekole!
Se yon bèl ide.
Men, nou pa oblije kite tè a.
Dayè, li te di li pa t vle pou
disip li yo kite monn nan, men…
Men, yo ‘pa t dwe fè pati
monn nan’!
Se sa cheri!
Ki lòt bagay Jezi te di?
“Yo pa fè pati monn nan,
menm jan mwen menm,
mwen pa fè pati monn nan.”
Nan ki sans Jezi “pa fè
pati monn nan”?
Annou gade.
Jezi te diferan parapò
ak tout lòt moun.
Ni zanmi l yo tou.
Li te montre lòt moun ki jan pou
yo diferan nan sa yo fè,
nan sa yo di, e menm nan fason
yo panse.
Toutbon?
Ki jan?
Moun pa toujou janti ak moun
yo panse ki diferan.
Jezi te vle ede tout kalite moun.
Men, gen kèk moun ki pa t
renmen sa ditou.
Yo te vle pou Jezi
menm jan avèk yo.
Jezi pa t bay sa moun
panse twòp enpòtans.
Paske kiyès Jezi
te vle fè plezi?
Jewova!
Egzakteman!
Jewova fè konnen
moun ki obeyi l
gen anpil valè nan je l.
Donk, si w renmen Jewova e w obeyi l,
e w pa fè pati monn nan
menm jan ak Jezi...
… w ap vin gen anpil
valè pou li!
Mwen pa konnen si m ka
menm jan avèk nou.
Ki sa w vle di?
Oke, timoun, silans.
Eee, m pa konnen.
Men, fò m ale.
Si w renmen Jewova e w obeyi l,
w ap vin gen anpil valè pou li!
Gade!
Mesye sa a gen lèp!
Al fè wout ou!
Nou pa bezwen w bò isit la!
Ki sa n ap fè?
Misye pa ta dwe la a!
Seyè, depi w vle,
ou ka geri m.
Wi, mwen vle.
Ou geri.
Sa s’on mirak!
Èske w wè sa misye fè?
Jezi pa menm jan avèk nou.
Jezi te diferan nan fason l aji,
fason l pale ak fason l panse.
Sa fè m mal pou grann ou.
Sa a se pou ou.
L ap fè w santi w byen.
Mèsi.
E sa te fè kèk moun
fache anpil.
Aa!
Oups, m pa t menm wè w.
Èske w anfòm?
Ban m ede w.
Pafwa, yo konn fawouche m tou.
Moun pa toujou janti ak
moun yo panse ki diferan.
Ou ta dwe byen avèk nou,
pa ak tifi raz sa a.
E Jezi te vle menm jan
ak Jewova, Papa l.
Sa te fè l yon moun
ki gen anpil valè.
Bonswa cheri.
Ki jan etid la te ye?
Manmi, m gen yon bagay
pou m montre w.
Kote l?
Oke tout moun,
fèt la pral kòmanse.
Byen pwofite!
Ey Zoye!
Di m non, ou pap antre?
Ban m montre w!
Bonswa!
Ou pa t al nan fèt la?
Non.
M vle fè sa m dwe fè.
Ebyen, annou amize nou!
Aa!
M pèdi!