JW subtitle extractor

Pi gwo jès lanmou an

Video Other languages Share text Share link Show times

Oo!
Men non!
Mèsi!
Zoye, talè nou pral gen Memoryal.
Fò w vini!
Se evènman ki pi
enpòtan nan ane a.
E envitasyon sa a se
pou ou ak manman w.
M ap ba w plis
esplikasyon pandan etid la.
Oke, mèsi.
Bay!
N a wè pita Sofya!
Trè byen Kamiy.
Ebyen, annou ale
nan lòt paragraf la.
Ou vle li l pou nou tanpri?
Oke dakò.
Anpil moun espere
bagay yo ap vin pi bon
men, yo pa sèten sa ap fèt vre.
Oke!
Se tou pa w kounye a.
Mm!
Lavi a te bèl.
Adan ak Èv dezobeyi Jewova.
Yo te vin peche epi yo mouri.
Se sa!
Apre sa, tout moun
vin fèt ak peche.
Se sa k fè tout moun vyeyi
epi yo mouri.
Jezi te vin sou tè a e l te fè
tout moun konnen Jewova.
Li te bay lavi l.
Li mouri pou nou.
Se sa!
Konsa, yon jou, pèsonn
pap mouri ankò.
Èske yon moun te deja ba w
yon kado w ki spesyal?
Mm.
Poukisa w panse
li te ba w kado sa a?
Paske l renmen m!
Se sa!
Jewova ak Jezi te
ban nou pi gwo kado a.
Li te koute yo anpil.
Men yo te ban nou l
paske yo renmen nou
e yo vle nou viv pou toutan.
Men, e granmè m?
Yo vle menm bagay la pou li tou!
Gen yon moun nan Bib la
mwen ta renmen prezante w.
Li menm jan avè w.
Nou jwenn li nan Lik chapit 7.
L ap viv nan yon vil ki rele Nayin.
Li te gen yon mari
ak yon pitit gason.
Men, yon jou mari l mouri.
Men l te toujou gen
pitit gason l lan avè l.
Epi yon jou, pitit
gason l lan mouri tou.
Toule de mouri?
Mari l te deja mouri e kounye a,
li poukont li nèt.
Jou antèman an,
Jezi te vin nan vil Nayin
e li wè vèv la.
Sispann kriye.
Jennonm, mwen di w: Leve!
O, li vivan?
O m pa ka kwè sa.
Waw!
Poukisa w panse
Jezi te resisite l?
Mm.
Paske l te... renmen yo.
Wi!
Li renmen nou tout.
Li renmen w tou.
Se pou sa k fè l mouri pou nou.
Jewova te resisite Jezi.
Talè, Jezi pral
resisite mò yo
e kòm li te mouri pou nou,
sa fè nou ka viv pou toutan!
Se pi gwo kado
yon moun te ka ban nou!
Lè nou asiste Memoryal la
se yon fason pou nou di yo mèsi.
Mm, m espere manman m
ap vle ale.
Manmi!
Bonswa cheri.
Nou ka prepare n
pou Memoryal la?
O cheri, jounen an te long.
Padon, m pa kwè n ap ka ale.
“M pa ka tann pou m
wè nou aswè a.
Fè m konnen si nou
bezwen m vin chèche nou.
Se manman Sofya.
Manmi, ann ale non!
Ann ale!
Yeee!
Manmi?
M ap koute w ti cheri m.
Mwen kontan w ap etidye Labib.
Mwen tou.
Kounye a, se moman
pou n pase diven an.
Pandan nou pral lakay nou jodi a,
reflechi sou sa sakrifis
Jezi a vle di pou ou.
Waw!
Manmi!
Ann ale.
Zoye!
Fè yon ti vire!
Zoye!
Granni?
Se ou?
O, ti pitit mwen an!
M te sonje w.
Granni la kounye a.
Jewova te montre l
renmen nou plizyè fason.
Men, lè li te aksepte pou
Jezi mouri pou nou an,
sa a se te pi gwo jès lanmou an.