JW subtitle extractor

Ou ka pyonye!

Video Other languages Share text Share link Show times

E nou gen yon lòt anons:
Sè Lidya Dyèz ap sèvi kounye a kòm pyonye pèmanan.
Nou vrèman kontan pou ou!
E nou konnen ou pral fè yon
kalite bèl nouvo eksperyans
nan sèvis Jewova a.
Bèl nouvo eksperyans!
Waw!
Psst!
En, ki sa!
Papi!
Mwen vle vin yon pyonye!
Bravo Kalèb!
Men, ki sa w panse pyonye yo fè?
Eee,
y al anpil kote pou yo
fè bèl eksperyans!
Wi, lavi yon pyonye enteresan.
Ou sonje lè n te pale sou
sa yon pwoklamatè fè?
Wi.
Yo preche bon nouvèl la.
Men, lè nou vin pyonye
se yon fason pou nou
bay Jewova plis toujou.
Pyonye yo bay tan yo ak fòs yo
pou yo ede kantite moun
yo kapab vin zanmi Jewova.
M renmen fè sa.
M konn sa.
Pyonye yo gen pou yo al lekòl tou.
Se pa menm lekòl w ap panse a.
Se yon lekòl espesyal yo fè
pou tout pyonye yo,
kote yo fouye nan Bib la
e yo aprann ki jan pou yo
vin pi bon zanmi Jewova toujou.
Li vrèman enteresan!
Oo, m konprann.
Donk,
pyonye yo pa deplase pou
y al fè bèl eksperyans vre?
O non, yo fè sa!
Pyonye yo ap chèche moun pou
vin zanmi Jewova toupatou sou tè a.
Gen nan yo ki ale kote ki byen lwen.
Kalèb, pitit mwen,
kontinye fè lòt moun
konnen Jewova
e lè lè a rive, w ap pare
pou w fè bèl nouvo eksperyans
nan sèvis Jewova a.