JW subtitle extractor

Pran abitid akeyi moun

Video Other languages Share text Share link Show times

Pff! Pff! Pff!
Oo!
Pran abitid ak... akeyi moun.
Mmm.
Sa sa vle di menm?
Se yon kalite yo pale
de li nan Bib la.
Nou ka akeyi moun
lè nou janti avèk yo,
e nou fè yo santi
nou kontan yo la.
Èske w pa kontan lè lòt moun
pataje sa yo genyen avè w?
Akeyi moun se tankou
pataje yon bagay avèk yo.
Sa k pi enpòtan se
pa sèlman pataje men,
se rezon ki fè w fè sa a.
Nou fè sa paske n
renmen moun.
Gen anpil fason
nou ka akeyi moun.
Lè moun ap vizite
kongregasyon nou,
nou ka fè yo santi
nou kontan wè yo.
Bonjou!
M rele Sofya.
M kontan wè nou.
Byenveni nan
kongregasyon nou.
Mwen rele Kalèb.
Ou renmen dinozò?
Wi!
Nou ka fè lòt moun santi
nou kontan wè yo tou
lè yo vin lakay nou.
E nou ka ba yo yon bagay
pou yo manje tou.
O, te gen lòt moun k ap vini?
Oo, m te envite tout
kongregasyon an!
Pa bliye pou w toujou
mande paran w pèmisyon
anvan w envite moun lakay ou.
Epi sonje, nou pa bezwen
gen anpil bagay materyèl
pou n renmen akeyi moun.
Kèk nan bagay ki gen plis
enpòtans nou ka pataje ak lòt moun
se tan nou ak atansyon n ba yo.
Ebyen, èske n ka
envite yon moun?
Tanpri papi!
Dakò, kiyès n ap envite?
Ou menm!
Waw, sa se vrèman
yon bèl ide!