JW subtitle extractor

Rezon ki fè nou gen lafwa — Lanmou venk enjistis

Video Other languages Share text Share link Show times

Poukisa w te anvi batay
kont enjistis ki gen nan monn nan?
Afrik Disid gen yon istwa
kote yo te fè kesyon rasis la
vin yon bagay legal.
Men, se pa jis paske yo te chanje
lwa yo ki vle di
sa ki te gentan anrasinen
nan lespri ak nan kè moun yo
te vin chanje tou.
M remake moun yo
toujou gen prejije.
E yo toujou gen yon seri ide
sou fason m ta dwe abiye,
fason m ta dwe
pale, ak ki kote m ta dwe viv.
M pa t vrèman santi m gen plas
mwen okenn kote nan sosyete a.
M te vin konprann moun yo pa
rive jwenn sa yo bezwen yo.
Pa egzanp, fason moun y ap
viv yo pa fin twò bon.
Genyen ki gen dlo,
gen lòt ki pa genyen.
M te vle ede moun yo.
Moman an te vin rive kote
yon seri pati politik
t ap fè konnen yo te ka
pote yon chanjman.
Bon, se vre,
m pa t di sa byen fò,
men, nan kè m, tikras pa tikras,
m te kòmanse ap soutni yo.
Manifestasyon yo
gen anpil pisans.
Yo di tout bagay byen fò
e yo santi y ap vanse.
Gen diferan koulè, diferan kilti,
gason, fi.
Tout moun pote kole
pou yo batay
pou gen yon chanjman
kont enjistis.
M te vle patisipe tou pou
bagay yo rive chanje.
Ki sa w remake ki te chanje
nan pèsonalite w?
Akoz pandemi COVID-19 la,
m pa t ka soti deyò
janm vle ankò.
Bon, se vre,
m te fè lòt aktivite,
men, m te gade televizyon tou.
Lè m t ap gade televizyon,
m te konn wè bagay m te abitye
wè lè m t ap preche yo,
fason yo trete medam yo,
timoun yo, moun ki granmoun yo
ak imigran yo nan peyi sa a.
Sa te fè m anvi fè yon
bagay pou m ede yo.
Bon, te gen yon manifestasyon tou
nan lekòl mwen an.
M te konnen, antanke
Temwen Jewova,
m pa t ka patisipe ladan l.
Donk, sa te fè m yon ti jan fristre.
Epi, m te santi m mal tou
paske m pa t ka patisipe ladan l.
M te tankou yon moun
ki met kò m sou kote.
M te parèt kòmsi sa
pa di m anyen.
Epi, m pa t vle pèsonn panse
pwoblèm yo pa pwoblèm pa m.
Paran m yo te remake
mwen te kòmanse vin konsantre
anpil sou bagay sa yo.
Pafwa te konn menm mande:
Poukisa yo trete moun yo konsa a?
Paran m yo te sèvi ak
plizyè metòd pou yo ede m.
Yo te sèvi ak yon seri emisyon
tele JW ki apwopriye.
Epitou, yo te ede m pa mwayen
adorasyon an fanmi
nou te konn fè yo.
Kongrè ki te fèt an
2019 la ki gen tit
“lanmou pa janm fayi”
se te kongrè prefere m.
Diskou ki te plis touche m lan
se diskou ki te montre ki jan
lanmou “kwè tout bagay”.
Donk, si nou renmen frè n
ak sè n yo,
sa ap ede n sonje yo gen
bon entansyon anvè nou
e youn anvè lòt tou.
M te dwe sispann gen panse negatif
epi, plede kritike lòt moun.
E, kounye a, m gen yon
pakèt bon zanmi,
moun tout kalite kilti.
Sa te fè m tèlman kontan pou m
demontre vrè lanmou an
e pou m resevwa lanmou sa a tou,
nan mitan pèp Jewova a,
yon lanmou yo gen
youn pou lòt.
Vèsè ki te vin nan lespri m
se te Jeremi 10:23
kote li di: “Se pa lòm ki pou deside
ki kote l ap met pye l.”
Lè m t ap panse ak vèsè sa a,
sa te ede m konprann
moun yo pap rive
chanje monn nan.
Yo pa t janm reyisi fè sa
nan tan lontan
e, menm kounye a, mwen wè
moun yo toujou pa ka fè anyen
pou rezoud pwoblèm sa yo.
Donk, si m ta soutni monn nan
kit se nan manifestasyon,
oswa pa mwayen rezo sosyal,
se t ap kòmsi m t ap pentire
yon bato ki t ap koule.
Monn sa a ap fè nofraj,
e pa gen anyen m ka fè
pou m anpeche monn sa a
koule jan l ye la a.
Ki sa w fè pou w rive venk
enjistis jodi a?
M pa santi kòmsi m mete kò m
sou kote ankò
oswa afè moun pa
vrèman konsène m.
Olye de sa,
m pa santi m fatige
kòmsi pa gen anyen
k ap chanje,
mwen ede moun lè m
ba yo yon espwa
konsènan lavni,
ki soti nan Bib la.
Bon kounye a,
m pa twò ret konsantre
sou sa y ap di nan nouvèl yo
sou fason y ap fè moun
enjistis nan monn nan.
Men, antanke volontè k ap preche
mesaj Wayòm nan aplentan,
mwen ede lòt moun
aprann konnen Jewova,
aprann konn laverite,
aprann bèl bagay
Jewova fè konnen
li pral fè pou yo alavni.
Pandan etid Labib
papa m t ap fè avè m,
nou te etidye pwofesi yo
ak fason yo te reyalize.
Epi m te rive wè,
kèlkeswa sa Jewova te pwomèt,
li toujou reyalize yo tout nèt.
Donk, kèlkeswa sa l
pwomèt anrapò ak lavni,
li gen pou l akonpli yo tou.
Pèp Jewova a gen
lanmou nan mitan yo.
Yo soutni youn lòt
menm nan moman difisil yo,
menm lè yo pa pale menm lang,
yo pa soti menm kote
oswa yo soti nan diferan peyi.
Sa fè m gen konviksyon,
menm alavni,
anba dominasyon
Wayòm Bondye a,
tout moun nan monn nan
pral ka demontre
menm kalite lanmou sa a.