JW subtitle extractor

Rezon ki fè nou gen lafwa — Fason nou ta dwe trete lòt moun

Video Other languages Share text Share link Show times

Ki jan w remake
moun yo trete moun
ki pa viv menm jan avèk yo?
Lè m te lekòl, anpil
nan kamarad mwen yo te kwè
ou ta dwe aksepte oswa apwouve
kèlkeswa fason yon moun
chwazi viv lavi l.
Pwofesè yo te ankouraje nou
pou n soutni moun
ki pa gen menm oryantasyon
seksyèl avè n.
Lè m te nan dènye ane
lekòl mwen,
te gen yon nouvo pwofesè
ki te vini nan lekòl la.
Misye te diferan.
Li te sot nan kapital la,
alòske mwen menm
mwen t ap viv nan yon ti vil.
Li te pase yon pakèt ane
kote l t ap etidye nan inivèsite
epi li pa t kwè nan Bondye.
Sou rezo sosyal yo,
li fasil pou w wè yon seri moun
k ap kritike lòt moun
poutèt yo viv yon fason ki diferan.
E souvan, yo fè kòmantè
pou pwovoke moun yo
paske yo pa viv menm jan
ak tout moun.
Pwofesè a te gen yon pèsonalite
ki vrèman diferan.
Li te konn gen tandans
pwovoke elèv yo
epi poze yo kesyon
ki ka fè yo jennen.
Li te konn ap vin avèk yon seri kesyon
moun ap fè polemik sou yo
e l ap pale de yo nan klas la.
E l te menm di yon seri pawòl:
“Aa moun ki soti tèl kote yo
pa konn anyen.”
Byennantandi, elèv yo
pa t renmen sa ditou.
Anpil nan yo te konn refize
asiste kou l ap fè yo.
E, si yo asiste kou yo,
yo te konn refize pale
avè l nan klas la.
E m konn tande kèk elèv k ap di:
“Mwen menm m pap pale
ak mesye ate sa a.”
M sonje gen kèk nan
kondisip mwen yo ki konn di m:
“Èske se pa vre Temwen Jewova yo
rayi moun ki omoseksyèl yo?”
Ta sanble anpil nan kamarad
mwen yo panse
nou gen yon seri ide strik
epi nou rejte kèlkeswa moun
ki pa aksepte kwayans
nou menm nou genyen yo.
Ki sa k te ede w gen pwennvi Bib la?
Paran m yo te toujou ede m
pou m gen yon pwennvi ekilibre.
Toutpandan m t ap grandi,
yo te ede m konprann
se vre nou rayi yon seri
konduit moun yo genyen,
men nou pa rayi moun
ki fè bagay sa yo.
M te aprann anpil
nan egzanp manman m.
Li abitye travay
nan yon stidyo bote,
e m te wè ki jan l te toujou janti
ak moun ki nan travay li a,
kèlkeswa oryantasyon
seksyèl moun sa yo.
M te panse ak egzanp Jezi,
fason li te pataje mesaj la
ak nenpòt moun.
Kèlkeswa sa moun yo t ap panse
e kèlkeswa kote yo te soti,
Jezi te pran tan pou l pale avèk yo,
kèlkeswa moun yo te ye a
ou kèlkeswa sa lòt moun
te panse sou yo.
M renmen pawòl nou jwenn
nan Matye 5:45 lan,
kote li di: Jewova fè solèy la leve
e li fè lapli tonbe sou tout moun.
Se yon fason Jewova demontre
lanmou li genyen,
pou bay chak moun
sa yo bezwen pou yo viv
kèlkeswa moun yo ye a.
Pandan m t ap panse
ak egzanp Jezi a,
m sonje pawòl li te di nou jwenn
nan liv Matye a, kote li di:
“Sa nou ta renmen moun fè pou nou,
nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.”
Sa te ede m pou m
panse ak fason m
ta ka konpòte m
ak pwofesè m nan.
Sa te fè m pa aji avè l
menm jan ak lòt elèv yo.
Men sa m vle di, si Jewova,
Bondye toupisan an,
li bon, li janti,
li gen respè pou nou tout,
poukisa pou m pa fè
menm jan an?
E sa ta dwe gen ladan l sila yo ki gen
yon konduit mwen pa apwouve.
Jewova montre nou pi bon fason
pou n demontre lanmou
pou pwochen nou,
lè n ede yo vin konnen l.
Ki rezilta sa te bay lefètke n
te aplike prensip ki nan Bib la?
Anvan sa, mwen t ap travay
nan yon otèl
e gen youn nan sèvè yo
ki te omoseksyèl.
Gen kèk nan kòlèg travay li yo
ki pa t konn byen trete l.
Donk, m te fè tout sa m kapab
pou m pa t aji menm jan avèk yo
e m te trete l menm jan m
t ap trete nenpòt lòt moun.
Sa te fè m gen plizyè konvèsasyon
ak pwofesè m nan sou Bib la
e m te pataje kèk vèsè avè l.
Li te enpresyone lè l wè
sa Bib la di
sou yon seri sijè syantifik
e l te vle aprann plis.
Yon jou, sèvè a te vin kote m
e l te remèsye m
lefètke m te diferan
nan fason m te konn trete l.
Te menm gen kèk lòt sèvè ki te
mande m poukisa m te aji konsa.
Sa te ban m okazyon
pou m te esplike yo
mwen fè efò pou m aplike
prensip ki nan Bib la,
sa gen ladan l fason
pou m trete lòt moun.
Pandan ane lekòl la, mwen te wè
pwofesè m nan te vin chanje anpil.
Li te di m konduit mwen
enpresyone l
paske mwen te pale avè l
pandan pa t gen okenn
lòt elèv ki te fè sa.
Kou l yo te vin pi enteresan
paske l te vin trete elèv yo byen.
Tikras pa tikras, elèv yo te
kòmanse retounen nan kou l la,
pou rive nan fen ane a,
kou l yo te vin youn nan kou
elèv yo te pi renmen.
Lè m pran san m pou m reflechi
sou fason Jewova trete moun
ak fason li bay chak moun
opòtinite pou yo vin konnen l,
sa fè mwen vin pi pwòch li.