00:00:01
Mwen menm ak Alexandre
te marye an jen 2007.00:00:03
00:00:06
Nan epòk sa a, sante l
pa t pi mal pase sa.00:00:09
00:00:09
Men, plis tan t ap pase, gen
plis bagay li te vin pa ka fè.00:00:13
00:00:15
Kounye a, li bezwen yon moun
ede l al nan twalèt, 00:00:17
00:00:17
boutonnen chemiz li, fè bab li
epi ede l avèk seyans terapi l yo.00:00:22
00:00:25
Gen de moman, m te konn santi m
vrèman poukont mwen.00:00:28
00:00:31
Men, mwen pa poukont mwen.00:00:33
00:00:33
An reyalite, mwen pa t janm
poukont mwen.00:00:36
00:00:36
E m ka di frè ak sè yo
mèsi pou sa.00:00:39
00:00:39
Gen plizyè frè ki
konn vini pou ede nou,00:00:41
00:00:41
tankou fè reparasyon nan kay la,
reparasyon nan chèz woulant lan.00:00:45
00:00:47
Vrèmanvre, yo te ede nou anpil.00:00:49
00:00:51
Men, anplis èd frè
ak sè yo ban mwen,00:00:53
00:00:53
sa ki vrèman ede m
se lè m sonje bèl avni00:00:56
00:00:56
Jewova pwomèt mwen.00:00:58
00:00:58
Sa ede m wè bagay yo
yon lòt jan e sa ede m00:01:00
00:01:00
andire moman difisil yo.00:01:02
00:01:04
Donk, mwen menm,
lè m ap panse ak lavni00:01:07
00:01:07
mwen vrèman kapab wè
monn nouvo a.00:01:10
00:01:10
Mwen ka wè Alexandre ki
leve kanpe, ki pa bezwen00:01:13
00:01:13
chèz woulant ankò.00:01:15
00:01:15
Jan Pòl di sa, tout pwoblèm
n ap andire yo “se pou yon ti tan”00:01:19
00:01:19
e yo “lejè”, men benediksyon
Jewova bay yo la pou toutan.00:01:23
00:01:23
E se sou sa nou dwe
konsantre nou.00:01:25
00:01:32
Mwen fèt nan
Marioupòl, ann Ikrèn.00:01:35
00:01:35
E se la m te grandi.00:01:36
00:01:36
Mwen te renmen vil la.
Li te bèl, li te gen anpil pyebwa.00:01:40
00:01:40
Toudenkou, tout bagay
te vin chanje.00:01:43
00:01:45
Otorite yo t ap pale sou sa
yon kan ap fè, pale sou sa00:01:50
00:01:50
lòt kan an ap fè.00:01:51
00:01:52
E lè w ap gade tout dega ki fèt,
tout sa k ap rive vil kote w rete a,00:01:58
00:01:59
Sa fè w ap mande tèt ou:00:02:00
00:02:00
“Ki sa k pral pase?
Ki sa m dwe fè?”00:02:02
00:02:02
Apre sa w priye epi w
vin wè ki sa pou w fè.00:02:06
00:02:07
M te konnen m dwe kite vil la,00:02:09
00:02:09
men m pa t konn
ki kote pou m ale.00:02:11
00:02:17
Frè yo te ede nou
nan tout bagay.00:02:20
00:02:20
Nou gen anpil rekonesans pou sa.00:02:22
00:02:22
Yo te ban nou manje,
dlo, kouran.00:02:25
00:02:25
Nou pa gen mo pou nou dekri
lanmou yo te demontre pou nou.00:02:28
00:02:33
Se lapriyè ki ka ede w andire.00:02:36
00:02:36
Li fè w santi kè w anpè!00:02:39
00:02:39
Lespri sen ba w kouraj
ou bezwen pou w fè00:02:42
00:02:42
esperans ou an vin djanm.00:02:43
00:02:44
Si w met konfyans ou
nan Jewova, li pap janm00:02:47
00:02:47
abandone w.00:02:48
00:02:49
Lè Jewova avèk nou,
pa gen okenn rezon00:02:51
00:02:51
pou nou pè sa
k ap rive demen.00:02:53
00:02:53
Okenn rezon!00:02:55
Nou ka fè fas ak lavni avèk konfyans!
-
Nou ka fè fas ak lavni avèk konfyans!
Mwen menm ak Alexandre
te marye an jen 2007.
Nan epòk sa a, sante l
pa t pi mal pase sa.
Men, plis tan t ap pase, gen
plis bagay li te vin pa ka fè.
Kounye a, li bezwen yon moun
ede l al nan twalèt,
boutonnen chemiz li, fè bab li
epi ede l avèk seyans terapi l yo.
Gen de moman, m te konn santi m
vrèman poukont mwen.
Men, mwen pa poukont mwen.
An reyalite, mwen pa t janm
poukont mwen.
E m ka di frè ak sè yo
mèsi pou sa.
Gen plizyè frè ki
konn vini pou ede nou,
tankou fè reparasyon nan kay la,
reparasyon nan chèz woulant lan.
Vrèmanvre, yo te ede nou anpil.
Men, anplis èd frè
ak sè yo ban mwen,
sa ki vrèman ede m
se lè m sonje bèl avni
Jewova pwomèt mwen.
Sa ede m wè bagay yo
yon lòt jan e sa ede m
andire moman difisil yo.
Donk, mwen menm,
lè m ap panse ak lavni
mwen vrèman kapab wè
monn nouvo a.
Mwen ka wè Alexandre ki
leve kanpe, ki pa bezwen
chèz woulant ankò.
Jan Pòl di sa, tout pwoblèm
n ap andire yo “se pou yon ti tan”
e yo “lejè”, men benediksyon
Jewova bay yo la pou toutan.
E se sou sa nou dwe
konsantre nou.
Mwen fèt nan
Marioupòl, ann Ikrèn.
E se la m te grandi.
Mwen te renmen vil la.
Li te bèl, li te gen anpil pyebwa.
Toudenkou, tout bagay
te vin chanje.
Otorite yo t ap pale sou sa
yon kan ap fè, pale sou sa
lòt kan an ap fè.
E lè w ap gade tout dega ki fèt,
tout sa k ap rive vil kote w rete a,
Sa fè w ap mande tèt ou:
“Ki sa k pral pase?
Ki sa m dwe fè?”
Apre sa w priye epi w
vin wè ki sa pou w fè.
M te konnen m dwe kite vil la,
men m pa t konn
ki kote pou m ale.
Frè yo te ede nou
nan tout bagay.
Nou gen anpil rekonesans pou sa.
Yo te ban nou manje,
dlo, kouran.
Nou pa gen mo pou nou dekri
lanmou yo te demontre pou nou.
Se lapriyè ki ka ede w andire.
Li fè w santi kè w anpè!
Lespri sen ba w kouraj
ou bezwen pou w fè
esperans ou an vin djanm.
Si w met konfyans ou
nan Jewova, li pap janm
abandone w.
Lè Jewova avèk nou,
pa gen okenn rezon
pou nou pè sa
k ap rive demen.
Okenn rezon!
-