JW subtitle extractor

Èske w ka jwenn laverite? Entèvyou ak Doug Edson

Video Other languages Share text Share link Show times

Lè m t ap grandi, yo pa t
aprann mwen
pou m kwè nan Labib.
Pou mwen menm, Bib la pa t
ni lojik, ni syantifik,
e l pa t gen okenn verite ladan l.
Selon sa m te wè, Bib la, relijyon,
yo tout te baze sou santiman,
se pa t reyalite.
Annapre, mwen t al nan inivèsite,
mwen te etidye jeni seramik.
Lè m te gradye, mwen t al viv
ak kèk nan fanmi m yo.
Epi m sonje,
fanmi kote m t ap viv la t ap etidye
Labib ak Temwen Jewova yo.
Rive yon lè, mwen te menm di:
“Ou konnen, yon moun ka
entèprete Bib la jan l pi pito.”
Youn nan fanmi m yo te di m:
“Poukisa w pa vin chita
avèk nou nan etid la
pou w ka montre Temwen Jewova yo
yo nan manti?”
Epi m di: “Ebyen, oke!”
Mwen sonje m t ap gade yon vèsè.
Se te Sòm 37:29.
“Moun ki jis yo gen pou yo
posede tè a.”
Pa t gen okenn lòt fason posib
mwen te kapab entèprete vèsè sa a.
Sa te vin fè m wè byen klè
Bib la gen yon seri verite ladan l
moun pa ka kontredi.
M potko fin sèten se te laverite.
Men, se te yon bagay ki te
vrèman enpresyone m.
Mwen te oblije konvenk tèt mwen
Bib la se laverite.
Kite m montre w yon vèsè
ki te vrèman konvenk mwen
ki montre Bib la vrèman
ann amoni ak lasyans.
Se Jòb 26:7.
“Li blayi pati nò syèl la nan
yon espas ki vid,
li fè tè a ret pandye san pa gen
anyen ki kenbe l.”
Sa gen anviwon 3500 an depi
yo te ekri pawòl sa yo!
Bib la di byen klè “pa gen anyen”
ki kenbe tè a.
Epoutan, sa gen sèlman 300 an
depi syantifik yo te vin konprann sa.
Tè a rete nan plas li grasa
fòs pezantè a.
Isaac Newton te pale de sa.
E sa te vrèman konvenk mwen
vèsè sa a ann amoni ak lasyans.
Verite sa a ak pwofesi kote
yo site non pisans mondyal yo,
lè m wè amoni ki nan Bib la,
soti nan Jenèz rive nan Revelasyon,
e tank mwen t ap rasanble
tout detay sa yo,
avèk letan, sa te vin gen
gwo efè sou mwen.
M te vin kwè Bib la se laverite.
Lefètke m fè sa Bib la di,
sa ban m plis kè kontan ak plis
stabilite pandan tout ane sa yo.