JW subtitle extractor

Èske w ka jwenn laverite? Entèvyou ak Queentela Abajuo

Video Other languages Share text Share link Show times

Lè m t ap grandi,
fanmi m te konn ale legliz
chak wikenn.
Men, nou te pase nan
anpil relijyon diferan,
depi lè m te timoun pou rive
jis nan adolesans mwen.
Yon bagay ki te kòmanse fè m
pèdi konfyans nan legliz
m te konn ale yo,
se prèch yo te konn fè yo.
Yo te sanble pyès teyat.
Ou te santi w byen,
men, kou l fini,
ou santi w vid, e w vin rann ou kont
pandan tout inèdtan an,
pastè a te sèlman itilize
de oswa twa vèsè
pandan tout prèch li a!
Pastè yo pa t konn fè
sa yo ap anseye a.
E yo te konsantre twòp sou lajan.
Epi, moun yo pa t renmen
youn lòt toutbon.
M te santi te dwe gen yon
gwoup moun
ki t ap eseye fè tout sa yo kapab
pou yo viv ann amoni ak
sa Bib la anseye.
Okòmansman, m te renka pou m
etidye Labib ak Temwen Jewova yo.
M pa t fè yo konfyans paske m
te panse yo gen pwòp Bib pa yo,
e petèt, se te yon ti gwoup moun
ki gen yon seri kwayans ki dwòl.
M te gen kèk zanmi lekòl la
ki Temwen Jewova.
E yon jou, youn nan yo envite m
asiste premye reyinyon m.
Okòmansman, m te yon ti jan
renka pou m ale.
Men, m te deside ale.
Epi m te remake yo mete
anpil aksan sou Bib la.
Tout reyinyon an te baze sou Bib la,
e menmlè moun yo t ap fè kòmantè,
yo te sèvi ak vèsè nan Bib la
nan kòmantè yo t ap fè yo.
Nan reyinyon an, m te rankontre sè ki
t apral vin etidye Labib avè m nan.
Pandan n ap fè etid la,
m te vin rann mwen kont
tout sa m te kwè sou Temwen
Jewova yo pa t laverite.
Tout kwayans yo baze sou Bib la,
e n ap jwenn yo tout sou jw.org.
Pa gen okenn sekrè.
M te panse yo te gen
pwòp Bib pa yo.
Men, pandan etid la,
sè ki t ap etidye avè m nan
te ankouraje m
pou m itilize pwòp Bib pa m.
M te remake moun nan
kongregasyon m yo
te renmen youn lòt.
M te deside al vizite plizyè
kongregasyon diferan
yon fason pou m te ka wè
si se menm lanmou sa a ki
genyen nan chak kongregasyon.
E franchman, se sa m te wè!
M te santi, finalman,
Jewova te rale m mete sou wout
m te toujou ap chèche a.